Al gade sa k anndan l

Frè Sai Asher k ap bay diskou Memoryal la.

21 AVRIL 2021
MYANMA

Memoryal 2021: Myanma

Yo bay diskou Memoryal la pa mwayen telefòn nan yon peryòd latwoublay

Memoryal 2021: Myanma

Depi mwa fevriye 2021, gen gwo pwoblèm nan peyi Myanma. Kèk semèn anvan Memoryal lanmò Kris la, te gen konfli ame nan plizyè pati nan peyi a. Kòm rezilta, anpil nan 5 102 pwoklamatè nan peyi a te vin pa gen aksè ak Entènèt. Frè ak sè yo te itilize yon lòt metòd pou yo koute diskou Memoryal la, yo te itilize telefòn.

Nan yon vil, te gen anpil tire jou Memoryal la. Sòlda yo te kòmanse ap rantre nan kay yo pou chèche moun ki te nan manifestasyon yo. Frè yo te jwenn fòs nan tèks pou ane a, Ezayi 30:15, ki di pou nou ‘ret dousman epi montre nou gen konfyans nan Jewova’. Yo te rete anndan kay yo, yo pa fè bri e yo redui limyè yo pou yo ka selebre Memoryal la san pwoblèm. Malgre peryòd latwoublay sa a, kongregasyon an te gen pi gwo asistans Memoryal yo pa t janm genyen anvan sa. Anpil moun t ap koute diskou a pa mwayen telefòn.

Te gen 11 877 moun nan peyi a ki te asiste Memoryal la, sa ki reprezante yon ogmantasyon prèske 14 pousan parapò ak maksimòm ki te gen anvan nan ane 2019.

De sè ki gen aksè ak Entènèt k ap suiv diskou Memoryal la sou aparèy yo genyen. Yo ploge yon opalè nan aparèy la pou moun ki nan telefòn yo ka tande.

Nou gen konfyans Jewova Dye, Papa nou ki nan syèl la, kontan lè l wè jan frè ak sè yo detèmine pou yo kontinye aktivite espirityèl yo malgre peryòd latwoublay. — Pwovèb 27:11.