Al gade sa k anndan l

Agoch: Frè Kenneth Cook, yon manm Kolèj santral la, k ap bay yon diskou pou ankouraje moun ki te travay nan fè pa deyò lokal la sanble ak jan sa te ye nan epòk Jezi a. Anwo adwat: Imaj kote y ap filme yon sèn anndan lokal la. Anba adwat: Imaj kote y ap filme yon sèn pa deyò lokal la, ki sanble ak jan sa te ye nan epòk Jezi a.

26 OUT 2022
OSTRALI

Mizajou sou anrejistreman premye epizòd fim Lavi Jezi ak travay predikasyon l sou tè a

Mizajou sou anrejistreman premye epizòd fim Lavi Jezi ak travay predikasyon l sou tè a

Premye etap pou anrejistre premye epizòd fim Lavi Jezi ak travay predikasyon l sou tè a fini nan dat 12 out 2022 a. Frè yo pran yon ti poz anvan yo rekòmanse filme dezyèm etap la. Yo sipoze fini l ann oktòb 2022.

Jan nou te aprann sa, frè yo te kòmanse filme fim Lavi Jezi ak travay predikasyon l sou tè a nan dat 20 me 2022, e yo te plis filme sèn ki anndan yo. Pandan tan sa a, yo t ap tann otorizasyon pou yo konstwi kèk pati nan yon bilding e pou yo ranje pa deyò lokal la yon fason pou l sanble ak jan sa te ye nan epòk Jezi a. Bilding sa a t ap ede yo anpil ak travay yo gen pou yo fè a. Yo te jwenn otorizasyon sa a nan dat 15 jiyè 2022. Apre sa, Depatman konstriksyon nan filyal Ostralazi a te remèt Ekip videyo rejyonal la (RVT) bilding nan ak tout sa yo t ap bezwen pou filme sèn ki deyò yo. Kounye a, lokal sa a disponib pou yo itilize pou filme.

Bilding Ekip videyo rejyonal la (RVT). Li gen yon kuizin, yon salamanje, yon espas pou biwo, yon stidyo pou kwafi ak makiyaj. Espas ki klotire n ap gade la a se pou mete bèt k ap parèt nan fim nan.

Gen plis pase 500 frè ak sè ki soti Ostrali ak Nouvèl Zelann ki te travay kòm volontè nan konstriksyon plis pase 7 000 mèt kare sèn, yon seri sèn yo ranje pou yo sanble egzakteman ak jan sa te ye nan epòk Jezi a. Anrapò ak pwojè sa a, men sa frè Russell Grygorcewicz, kowòdonatè komite konstriksyon an, di: “Se vre nou te gen anpil difikilte, men, li klè Jewova te ede nou rezoud yo. Pa gen okenn dout, sa ki fèt la se grasa lespri Jewova li rive fèt.”

Frè Ronald Curzan, k ap ede nan Komite pou ansèyman an, te la pandan prèske tout premye etap yo t ap filme a. Men sa l di: “Bonjan kolaborasyon ak bèl anbyans amikal ki te genyen pami volontè yo ak manm fanmi Betèl la te estrawòdinè. Sa bèl anpil, apre tout ane sa yo frè yo te fè ap planifye e y ap konstwi lokal sa yo, jodi a y ap sèvi avèk yo vre! Sa vrèman touchan pou n wè gwo sipò frè ak sè nan tout tèritwa filyal la sipèvize yo te bay! Pa gen dout, 18 epizòd fim sa a sou lavi Jezi ak ansèyman l yo pral touche kè moun tout kote sou tè a.”

Frè Kenneth Cook, yon manm Kolèj santral la, te la nan dènye jou yo t ap fini ak anrejistreman premye etap premye epizòd la. Men sa l di: “Nou ka wè aklè Jewova, Papa nou an ki renmen nou, soutni pwojè sa a. Nou di Jewova mèsi. Nou di tout moun ki te travay nan konstriksyon lokal sa yo e ki te filme yo mèsi tou pou espri sakrifis yo ak travay di yo fè ki demontre lanmou yo genyen. N ap priye pou seri videyo espesyal sa yo ede anpil moun suiv Jezi pi pre toujou e pou yo vin pi pwòch ak Jewova.”

 

Antre pati nan lokal la, ki sanble ak jan sa te ye nan epòk Jezi a.

Yon foto yo pran pa anlè ki montre yon pati nan lokal la, ki sanble ak jan sa te ye nan epòk Jezi a.

Yon kote yo mete bèt yo pa dèyè lokal la, ki sanble ak jan sa te ye nan epòk Jezi a.

Mache a.

Plas gouvènman an.