Al gade sa k anndan l

Yon ri nan vil Piura ki anba dlo nèt. Ti foto agoch: Volontè k ap repare kay yon frè nan Cieneguilla. Ti foto adwat: Yon fanmi ki viktim akoz siklòn nan k ap jwenn ankourajman nan men yon manm Komite filyal la.

12 AVRIL 2023
PEWOU

Siklòn Yaku frape kot peyi Pewou

Siklòn Yaku frape kot peyi Pewou

Siklòn Yaku frape kot nò peyi Pewou nan kòmansman mwa mas 2023. Apre de jou inondasyon ak glisman teren, gouvènman an te anonse alèt ijans sou nò ak rejyon sant peyi a. Te gen kay, pon ak wout ki te detwi akoz inondasyon an, sa ki te fè l difisil pou moun yo kite zòn nan.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • Pa gen okenn frè ak sè nou ki mouri.

  • 2 pwoklamatè blese.

  • 106 pwoklamatè oblije kite kay yo.

  • 70 kay gen gwo domaj.

  • 130 kay gen ti domaj.

  • 5 Sal Wayòm gen gwo domaj.

  • 5 Sal Wayòm gen ti domaj.

Dispozisyon pou pote èd

  • Siveyan sikonskripsyon ak ansyen yo te sèvi ak Bib la pou konsole moun k ap viv nan zòn ki viktim yo e yo te bay moun sa yo èd yo bezwen.

  • Yo te nome 3 komite sekou pou òganize travay sekou a.

Nou gen konfyans Jewova ap kontinye ede frè ak sè nou yo nan peyi Pewou “andire nèt e pou [yo] pran pasyans ak kè kontan”. — Kolosyen 1:11.