Al gade sa k anndan l

Premye misyonè ki t al sèvi nan Pewou. Ranje dèyè (soti agoch al adwat): Evelyn Berry, Verda Pool, Walter Akin, Nellena Pool ak Hazel Trim.

Premye ranje (soti agoch al adwat): Gwendolyn Patterson, Robert Patterson ak Christine Akin.

2 DESANM 2021
PEWOU

Swasannkenzan depi Pewou ap ‘fleri tankou flè’

Swasannkenzan depi Pewou ap ‘fleri tankou flè’

Misyonè te kòmanse sèvi nan Pewou nan mwa oktòb 1946. Premye misyonè sa yo te dekouvri yon tèritwa ki gwo anpil. Li te gen sèt milyon abitan ki epapiye sou prèske 1,3 milyon kilomèt kare. Pandan 75 ane ki pase yo, misyonè ak pwoklamatè nan peyi a te travay ak anpil zèl pou preche moun ki rete nan zòn ki nan mòn Pewou yo ak moun ki rete bò lanmè yo. Konsa, anpil moun te vin aprann laverite.

Anvan misyonè yo te vin Pewou, pafwa Temwen Jewova ki nan Amerik disid yo te konn vizite Lima, kapital Pewou. Yo te konn bay moun ki enterese yo piblikasyon. Sa te bay bon rezilta. An 1945, de misyonè ki t ap sèvi Chili t al Lima pou al batize twa premye Temwen Jewova Pewou yo.

Apati oktòb 1946, gen misyonè ki pran fòmasyon Galaad ki t al sèvi Pewou. Yo te fè premye reyinyon yo ak moun ki enterese nan zòn Rimac, nan Lima. Lè te vin gen plis pwoklamatè ak plis misyonè nan peyi a, yo te kòmanse preche nan lòt zòn. Jis jodi a, travay predikasyon an kontinye gaye nan tout peyi a.

Sè Nellena Pool.

Sè Nellena Pool, youn nan misyonè ki te vini Pewou an 1946, te pale sou akwasman ki te genyen Pewou nan istwa lavi l ki te parèt nan Toudegad 1ye mas 1957 la. Li di: “Li difisil pou m esplike jan m santi m lè m wè yon dezè vin ‘fleri tankou flè’.”

Men sa sè Irene Mannings ki te gradye nan 54yèm klas Galaad e ki toujou ap sèvi Pewou di: “Depi lè nou te rive, nou te wè jan kantite pwoklamatè yo t ap ogmante, soti 7 000 pwoklamatè rive plis pase 130 000 pwoklamatè. Se te yon privilèj pou mwen pou m patisipe nan akwasman sa a. Tout sa te posib grasa benediksyon Jewova.”

Tout 133 170 pwoklamatè k ap sèvi Pewou kounye a vrèman rekonesan pou fondasyon espirityèl ki te poze sa gen 75 an. Istwa teyokratik Pewou se yon prèv anplis sou reyalizasyon pwomès nou jwenn nan Ezayi 60:22 a ki di: “Sa ki pa anpil la ap tounen mil e sa ki toupiti a ap tounen yon gwo nasyon.”