Al gade sa k anndan l

Anwo: Betèl la nan Amstèdam an 1964. Anba: Frè ak sè k ap travay nan biwo yo nan Betèl la ant ane 1950 yo ak 1960 yo.

7 OKTÒB 2022
PEYIBA

Yon syèk depi y ap jwenn eprèv nan Peyiba e y ap ranpòte laviktwa

Yon syèk depi y ap jwenn eprèv nan Peyiba e y ap ranpòte laviktwa

Ane 2022 a fè 100 an depi yo mete yon biwo filyal nan vil Amstèdam, kapital Peyiba. Pandan tout tan sa a, frè ak sè nou yo te demontre yon lafwa solid ak anpil kouraj.

Bon nouvèl la te rive Peyiba yon ti tan apre ane 1900 lè yon jèn gason ki rele Heinrich Brinkhoff te kòmanse li piblikasyon Asosyasyon Watch Tower ak Etidyan Labib yo te ekri. Tousuit, li te kòmanse pale sou sa l aprann yo ak lòt moun. Semans laverite yo te kòmanse grandi. An 1920, frè Joseph F. Rutherford te vizite Ewòp e l te mete yon biwo filyal an Suis. Biwo sa a te sipèvize travay predikasyon ki t ap fèt nan Peyiba tou. An 1921, frè Rutherford te bay frè Adriaan Block asiyasyon pou l sipèvize travay la nan Peyiba. An 1922, yo te ouvè biwo filyal la nan Peyiba.

Lefètke te gen yon filyal, sa te fè travay predikasyon an vin pi byen òganize. Kantite Temwen Jewova yo t ap vin pi plis san rete. Yon ti tan anvan Dezyèm Gè mondyal la te eklate, te gen anviwon 500 pwoklamatè nan peyi a.

Lè gè a te eklate, Peyiba te vin anba rejim Nazi a. Yo te sitou pèsekite Temwen Jewova yo ak lòt gwoup yo. Pandan peryòd Nazi yo t ap dirije Peyiba a, yo te depòte anviwon 300 Temwen Jewova olandè, e pami yo, gen anpil yo te voye nan kan konsantrasyon. E gen anviwon 130 frè ak sè ki mouri akoz maladi oswa move tretman. Malgre pèsekisyon an, kantite Temwen Jewova nan Peyiba kontinye vin pi plis. Konsa, lè gè a te fini an 1945, te gen 3 125 Temwen Jewova nan peyi a.

Malerezman, malgre gè a te fini, sa pa t vle di opozisyon an te fini tou. Legliz katolik te opoze ak Temwen Jewova yo avèk fòs, sitou nan pati sid peyi a. Pa egzanp, an 1952 Legliz katolik te eseye anpeche yon kongrè fèt nan Venlo. Opozisyon sa a te lakòz moun ki t ap lwe lokal pou kongrè a te anile kontra a. Frè yo pa t kite sa dekouraje yo, yo te mete yon tant sou yon teren epi yo te fè asanble a la.

Men opozan yo pa t kanpe la. Pandan pwogram nan ap dewoule, gen yon foul ki gen plis pase 1 000 moun ki vini pou kanpe pwogram nan. Pandan sesyon dimanch aprèmidi a, gen polisye ki te menm debake epi yo arete kèk frè.

Biwo filyal la jodi a nan vil Emenn.

Men, youn nan bagay sa yo pa t rive dekouraje frè yo. Grasa bonjan direksyon frè responsab yo te jwenn nan men filyal la, yo te kapab kontinye ak pwogram kongrè a.

Jewova te kontinye beni detèminasyon frè ak sè yo. An 1983, yo te deplase biwo filyal la, yo te mete l nan yon nouvo lokal nan vil Emenn. An 2022, gen prèske 30 000 Temwen Jewova nan Peyiba.

Istwa Temwen Jewova yo nan Peyiba pwouve Jewova pap ‘ni kite pèp li a ni abandone yo’. — Detewonòm 31:6.