Al gade sa k anndan l

21 DESANM 2022
REPIBLIK DEMOKRATIK KONGO

Inondasyon ak glisman teren lakòz gwo dega nan peyi Kongo (Kinchasa)

Inondasyon ak glisman teren lakòz gwo dega nan peyi Kongo (Kinchasa)

Nan dat ki te 13 desanm 2022 a, gwo lapli ki t ap tonbe te lakòz inondasyon ak glisman teren nan peyi Kongo (Kinchasa). Gen omwen 141 moun ki mouri akoz inondasyon yo ak kay ki te kraze yo.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • Malerezman, gen 1 frè nou ki mouri.

  • Gen 1 pwoklamatè ki blese.

  • Gen 3 kay ki kraze nèt.

  • Gen 3 kay ki sibi gwo domaj.

  • Gen 5 kay ki sibi ti domaj.

  • Gen 1 Sal Wayòm ki sibi ti domaj.

Dispozisyon pou pote èd

  • Siveyan sikonskripsyon an ak ansyen nan zòn nan bay fanmi ki viktim yo èd ak rekonfò.

  • Gen 3 komite sekou k ap sipèvize travay pou pote èd la.

  • Toutpandan èd sa yo ap bay, yo veye pou yo respekte prekosyon yo dwe pran kont COVID-19 la.

Nou pa ka tann moman ki pral rive talè konsa kote Jezi Kris pral gen kontwòl tout bagay ki sou tè a e li pral pwoteje ni tè a ni moun k ap viv sou li. — Matye 8:25-27.