Al gade sa k anndan l

Biwo filyal nan peyi Salvadò an 1955; Foto jounal ofisyèl gouvènman an, nan peyi Salvadò, ki te soti nan dat 26 avril 1972, kote yo te pibliye yon deklarasyon sou Temwen Jewova yo.

23 MAS 2022
SALVADÒ

Temwen Jewova yo nan peyi Salvadò ap komemore 50 an yo genyen depi Leta rekonèt yo

Temwen Jewova yo nan peyi Salvadò ap komemore 50 an yo genyen depi Leta rekonèt yo

Mwa mas 2022 a fè 50 an depi Leta rekonèt Temwen Jewova yo nan peyi Salvadò. Apre gouvènman an te fin rekonèt Temwen Jewova yo nan dat ki te 27 mas 1972 la, kantite pwoklamatè nan peyi Salvadò te ogmante byen vit. An 1972, yo te 2 524, men an 1976, yo te 5 632. Jodi a, gen plis pase 38 000 pwoklamatè ki nan 662 kongregasyon.

Kèk nan premye misyonè nan peyi Salvadò, soti agoch al adwat nan foto a: Tayra Mills, Vivian Uhl, Jean Unwin, Evelyn Trabert ak Mildred Olsen.

Gen misyonè ki te rive nan peyi a an 1945 e yo te bay tout yo menm nan travay predikasyon an. Nan moman sa a, li te fasil pou yo jwenn otorizasyon pou yo rete nan peyi a. Te gen kongregasyon ki te kòmanse fòme, e te gen yon biwo filyal ki te tabli an me 1946.

An 1968, te vin gen yon nouvo lwa pou imigrasyon ki te anpeche misyonè yo rete plis pase senkan nan peyi a. Frè ki pran latèt yo te konnen sa te ka gen efè sou travay predikasyon an, se sa k fè yo te fè sa yo kapab pou Leta rekonèt yo.

Rive nan fen ane 1971, yo te envite anviwon 30 ansyen nan peyi Salvadò nan yon reyinyon nan biwo filyal la pou yo pale sou sijè a. Pandan reyinyon an, frè Baltasar Perla, Sr., ki te vin yon manm komite filyal la annapre, te mande tout ansyen ki te la yo pou yo ba l kat idantite Leta te ba yo. Apre sa, li te di ansyen yo y ap ekri yon lèt pou mande gouvènman an pou yo rekonèt Temwen Jewova yo, e nan lèt sa a, ap gen non ak adrès ansyen yo.

Frè Juan Antonio Flores, youn nan ansyen ki te la nan reyinyon sa a, di: “Annapre, frè Perla, Sr. te di nou kòm non nou ak adrès nou ap nan lèt la, si otorite yo vle entèdi travay nou an, nou se premye moun y ap arete epi mete nan prizon.” Frè Perla, Sr. te di si yon moun pè, l ap remèt li kat idantite li te bay la. Pa gen yon moun ki te mande remèt li kat li. Erezman, gouvènman an pa t janm opoze ak travay la e yo pa t mete okenn nan nou nan prizon.

Plan an te mache, e ane ki vin apre a, Leta te rekonèt Asosyasyon Temwen Jewova yo. Donk, sa te vin fè yo ka rebay misyonè yo otorite pou yo rete nan peyi a. Mete sou sa, sa te fè li pi fasil pou filyal la fè piblikasyon antre nan peyi a, e frè yo te ka esplike otorite nan lekòl yo oswa nan gouvènman an rezon ki fè yo pa mele nan politik.

Nan dat ki te 26 avril 1972 la, jounal ofisyèl gouvènman an, nan peyi Salvadò, te pibliye prensipal objektif asosyasyon legal la, li te di: “[Pou] yo pale sou ansèyman ki nan Bib la ak sou bon nouvèl Wayòm Bondye a, pou yo ka bay yon temwayaj sou non Jewova, Bondye Toupisan an, sou mesaj li a ak sou kokennchenn otorite li genyen.”

Sa fè plizyè dizèn ane depi yo te pibliye deklarasyon sa a, e Temwen Jewova yo nan peyi Salvadò kontinye pale vre konsènan Jewova. — Ezayi 25:9.