Al gade sa k anndan l

12 ME 2023
SOUDAN

Gen gwo konba ki kontinye ap fèt nan peyi Soudan

Gen gwo konba ki kontinye ap fèt nan peyi Soudan

Nan dat ki te 15 avril 2023 a, te gen yon gwo konba ki te eklate ant de gwoup ame nan vil Katoum, kapital peyi Soudan. Nouvèl yo fè konnen konba a lakòz plis pase 600 moun mouri epi gen 5 000 lòt ki blese.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • Apre kèk frè ak sè te fin kouri pou konfli ki gen nan vil Katoum nan, yo te reyini ansanm an sekirite nan vil Wad Madani, nan peyi Soudan, pou yo resevwa ankourajman k ap fòtifye lafwa yo.

    Pa gen frè ak sè nou ki blese oswa ki mouri.

  • Gen omwen 318 pwoklamatè ki te oblije kite kay yo. Gen kèk lòt ki te kouri al nan peyi ki toupre yo.

  • Pandan yon tan, te gen 8 granmoun ki pa t ka kite kote yo t ap travay la e te gen 5 timoun ki te bloke nan lekòl yo. Yo tout te vin ansanm ak fanmi yo annapre.

Dispozisyon pou pote èd

  • Ansyen yo sèvi ak Bib la pou ankouraje moun ki viktim yo.

  • Yo te nome plizyè komite sekou nan peyi Soudan ak peyi ki toupre yo pou òganize aktivite sekou a e pou bay èd pratik.

N ap kontinye priye pou frè nou yo lavi yo boulvèse akoz vyolans toutpandan y ap tann moman kote “lapè [pral] blayi”. — Sòm 72:7.