Al gade sa k anndan l

Frè Shamil Khakimov anvan yo te mete l nan prizon nan mwa fevriye 2019.

4 MAS 2021
TAJIKISTAN

Komisyon ameriken sou libète relijyon entènasyonal pral mande pou yo lage frè Shamil Khakimov ki nan prizon nan peyi Tajikistan

Komisyon ameriken sou libète relijyon entènasyonal pral mande pou yo lage frè Shamil Khakimov ki nan prizon nan peyi Tajikistan

Nan dat ki te 24 fevriye 2021 an, Nury Turkel, yon manm komisyon USCIRF a la te fè konnen li pral mande pou yo lage frè Shamil Khakimov, ki gen 70 an, paske sa fè pati pwojè komisyon an genyen pou moun ki nan prizon akoz lafwa yo. Nan anons mesye Turkel te fè a, men sa l esplike: “Depi ane 2019, yo kondane mesye sa a ki aje pou l pase setan edmi nan yon vye prizon ki chaje moun. Santans sa a yo ba li a pa nòmal, e sa ka lakòz li mouri nan prizon an. Yo pa gen rezon mete l nan prizon poutèt l ap pratike lafwa l yon fason ki pezib antanke Temwen Jewova.”

Frè Khakimov, ki gen madanm li mouri, se youn pami 24 Temwen ki nan nò Tajikistan otorite nan Depatman kontwòl krim òganize te poze kesyon nan mwa janvye ak fevriye 2019. Yo te arete frè Khakimov epi poze l kesyon sou fason Temwen Jewova yo òganize ak fason li te vin Temwen Jewova.

Yo te kenbe frè Khakimov pandan uit èdtan e yo pa t kite l jwenn swen sante li te bezwen akoz yon operasyon li te fèk fè. Epitou, frè nou an fè tansyon. Lè lapolis resi mennen l tounen lakay li, yo sezi aparèy elektwonik li, Bib li genyen, piblikasyon enprime li te genyen ak paspò li. Kòm yo te pran paspò frè Khakimov, li pa t ka touche lajan retrèt li konn itilize pou l peye swen sante li te bezwen apre operasyon an.

Nan dat ki te 28 fevriye 2019 la, gen yon jij nan tribinal vil Koudjann ki mande pou yo mete frè Khakimov nan prizon. Pandan twa fwa, yo te pwolonje kantite tan yo te mande pou l rete nan prizon an. Li te rete nan prizon pandan tout tan yo t ap mennen ankèt la e annapre fè jijman an.

Nan dat ki te 10 septanm 2019 la, yo te fè l konnen li koupab e yo te kondane l pou l pase setan edmi nan prizon. Men, nan dat ki te 4 jiyè 2020 an, administrasyon prizon an te fè frè Khakimov konnen, nan ka pa l la, yo t ap aplike lwa nan peyi Tajikistan ki pèmèt yo fè moun gras. Se sa k fè yo t ap redui santans li an, yo t ap retire dezan twa mwa ak dis jou sou santans yo te ba l la. Kounye a, yo pwograme pou yo lage l nan dat k ap 16 me 2024 la.

Nou konnen Jewova ap kontinye ede frè ak sè nou yo andire avèk pasyans e ak kè kontan. — Sòm 20:2.

a Komisyon ameriken sou libète relijyon entènasyonal.