Al gade sa k anndan l

3 FEVRIYE 2022
TAJIKISTAN

Komite nan Nasyonzini fè konnen peyi Tajikistan vyole dwa frè Tierri Amedzro

Komite nan Nasyonzini fè konnen peyi Tajikistan vyole dwa frè Tierri Amedzro

Nan dat ki te 14 desanm 2021 an, Komite dwa moun nan Nasyonzini te fè konnen peyi Tajikistan vyole dwa frè Tierri Amedzro paske yo te arete l epi depòte l nan peyi Kazakstan.

Komite a te fè konnen se yon arestasyon “gwo ponyèt” ki vyole Alyans entènasyonal dwa sivil ak politik Nasyonzini adopte. Epitou, komite a fè konnen gouvènman an pa ka anpeche Tierri retounen nan Tajikistan si I vle sa. Kounye a, otorite nan peyi Tajikistan yo “gen obligasyon pou yo fè kou yo konnen pou yo anpeche vyolasyon konsa fèt alavni”.

Nan dat ki te 4 oktòb 2018 la, otorite nan peyi Tajikistan yo te rantre ak fòs nan yon kay kote Temwen Jewova yo te reyini. Otorite yo te arete Tierri epi poze l kesyon nan lokal Komite nasyonal sekirite peyi Tajikistan an. Nan dat ki te 16 oktòb 2018 la, yon jij te kondane Tierri sou baz yon fo akizasyon yo te lage sou do Tierri kòmkwa li pa gen papye legal pou l nan peyi a. Tierri se yon sitwayen ris k ap travay nan peyi Tajikistan.

Jij la te kondane Tierri pou l peye amann, e apre sa, li te bay lòd pou yo depòte l.

Men sa Tierri di: “Mwen swete desizyon Komite nan Nasyonzini pran an ap ede, yon fason kèlkonk, pou gen amelyorasyon nan libète relijyon nan peyi Tajikistan, e frè ak sè nou yo ap ka adore Jewova avèk lespri yo anpè.”

Pou kounye a, gen yon frè ki nan prizon nan peyi Tajikistan akoz lafwa l.

Nou gen konfyans Jewova ap kontinye bay frè nou yo k ap andire eprèv yo lapè yo bezwen. — Ezayi 26:3.