Al gade sa k anndan l

Frè ak sè yo te la pou akeyi frè Shamil Khakimov lè l t ap soti nan prizon an.

16 ME 2023
TAJIKISTAN

Tajikistan: Yo libere frè Shamil Khakimov ki gen 72 an

Tajikistan: Yo libere frè Shamil Khakimov ki gen 72 an

Nan dat ki te 16 me 2023, yo te libere frè Shamil Khakimov ki te nan prizon nan peyi Tajikistan. Li retounen lakay li apre l te fin pase plis pase katran nan prizon poutèt lafwa li.

Depi anvan yo te arete frè Shamil an 2019, li te malad nan kè, li te fè tansyon e li te gen lòt maladi ankò. Malgre sante frè Shamil pa bon, li pa t jwenn bonjan swen medikal li te bezwen pandan li te nan prizon an. Se sa k fè, frè Shamil te vin pi mal, e gen kote nan janm li ak nan pye li ki te vin tou nwa.

Malgre frè Shamil te soufri anpil e lavi a te difisil anpil pou li pandan li te nan prizon an, li te rete pozitif paske li te reflechi sou kèk vèsè byen presi ki nan Pawòl Bondye a.

Zanmi frè Shamil yo te deyò ap tann li ak yon pankat ki ekri: “Nou renmen w Shamil!”

Lè frè Shamil ap priye, souvan li konn site pawòl ki nan Sòm 141:8 yo ki di: “Je m se sou ou li fikse, o Jewova, Seyè ki Souvren an. Se nan ou mwen pran refij.” Mete sou sa, li jwenn anpil rekonfò nan Ezayi 49:13,16 ki fè konnen, nan yon sans, Jewova “ekri” non moun k ap soufri yo nan pla men l. Pawòl sa yo te bay frè Shamil asirans menmsi l te fèmen nan yon prizon, Jewova pa t ap janm bliye l.

Grasa rekonfò frè Shamil te jwenn nan Pawòl Jewova a, li te kenbe jwa li e li te menm rive ankouraje lòt moun. Gen yon frè ki te toujou kenbe kontak ak frè Shamil ki fè konnen: “Premye fwa mwen rele frè Shamil, m te di tèt mwen mwen pral tande vwa yon moun ki tris, ki dekouraje. Men mwen te wè se te yon moun ki gen anpil lafwa. Li te rete pozitif nan kèlkeswa sitiyasyon an, e byen souvan, li te konn ankouraje nou.”

Lamantasyon 3:25 di: “Jewova bon ak moun ki met espwa nan li, moun ki kontinye chèche l.” N ap priye Jewova pou l kontinye demontre li “bon” anvè frè Shamil ak tout frè ak sè nou yo k ap andire ak lajwa nan peyi Tajikistan.