Al gade sa k anndan l

Frè Jovidon Bobojonov.

18 NOVANM 2020
TAJIKISTAN

Yo lage frè Jovidon Bobojonov paske prezidan peyi Tajikistan an fè l gras

Yo lage frè Jovidon Bobojonov paske prezidan peyi Tajikistan an fè l gras

“Jewova te ede m pou lafwa m rete djanm.” Se pawòl sa yo frè Jovidon Bobojonov te di apre li te fin soti nan prizon nan dat 1ye novanm 2020 an. Yon jou anvan, prezidan peyi Tajikistan an te fè frè Jovidon ak 377 lòt prizonye gras. Frè Jovidon te gen pou l pase dezan nan prizon paske li pa t vle fè sèvis militè akoz konsyans li. Li te gentan pase nèf mwa nan prizon anvan yo lage l.

Nan dat 4 oktòb 2019, gen militè ki te fòse frè Jovidon, ki te gen 19 an, kite lakay li epi yo mennen l nan biwo k ap fè anrejistreman pou lame a. Pandan plizyè mwa, yo te transfere l nan plizyè baz militè. Nan chak prizon militè tanporè li pase, li te gen pou l esplike rezon ki fè li refize antre nan lame. Men sa frè Jovidon di: “Gen anpil kòmandan ak sòlda ki t ap poze m yon seri kesyon san sans, e yo tout te vle pou m kite relijyon m nan. Yo te poze m kesyon sa yo pou yo pwovoke m pou m pèdi metriz. Pafwa, yo te konn leve m nan mitan lannuit pou yo poze m menm kesyon yo ankò. Yo mande m pou m esplike rezon ki fè mwen pa vle antre nan lame.

“Men, lapriyè te ede m anpil. Lè m te nan baz militè a, chak jou mwen te toujou ap sipliye Jewova ak dlo nan je pou l ede m andire, pou m pa desevwa l e pou m pa reponn lè yo pwovoke m.

“Jewova te kenbe men m byen di. [...] Pafwa mwen te santi m dekouraje paske m poukont mwen. Men, Jewova te sèvi ak kreyasyon an pou l ban m fòs. Chak maten, se son ti zwazo k ap chante ki te leve m. Lannuit, mwen te konn gade lalin nan ak zetwal yo. Kado sa yo Jewova bay te fè m kontan e sa te ban m fòs.”

Se nan dat 2 avril 2020 an yo te fè konnen frè Jovidon koupab epi yo te transfere l sot nan prizon militè tanporè li te ye a pou l al nan prizon. Li pa t gendwa resevwa lèt. Men, frè ak sè nan zòn nan te konn pote manje pou li e yo te konn ekri tèks pou jounen an sou sak yo pot manje a. Men sa frè Jovidon di: “Sa te ede m pou m pa santi m poukont mwen, e mwen te vin rann mwen kont jis nan ki pwen yo se bon zanmi.”

Frè Jovidon rekonesan tou paske li te ka sonje kèk vèsè ankourajan, tankou Women 8:37-39. Men sa frè Jovidon di: “Lè m te nan prizon, mwen te rann mwen kont jan pawòl sa yo se verite. Pa gen okenn nan eprèv mwen te jwenn yo ki te ka separe m ak lanmou Jewova. Jewova te ede m pou lafwa m rete djanm.”

Sa k te rive frè Jovidon an te ankouraje paran l. Men sa papa l, frè Abdujamol, di: “Lafwa nou vin pi djanm grasa lapriyè e grasa bon egzanp pitit gason nou an ki te rete fidèl ak Jewova lè l te jwenn eprèv sa a. Frè ak sè nou yo toupatou sou tè a te ede n anpil. Se pa ti rekonesans nou genyen pou priyè yo te fè. Nou gen anpil rekonesans anvè Jewova paske li ban nou bon zanmi konsa ki sansib pou nou.”

Nan tan lafen an, nou tout atann n ap jwenn ‘eprèv ki tankou dife’. (1 Pyè 4:12.) Kidonk, men sa frè Jovidon di: “Kounye a mwen pa nan prizon ankò, mwen planifye pou m itilize libète m genyen an pou m chèche konnen Jewova pi byen, e pou m byen prepare m pou kèlkeswa eprèv mwen ka jwenn alavni. M ap di moun ki poko fè fas ak gwo eprèv yo, yo dwe byen sèvi ak libète yo genyen an pou yo chèche konn Jewova pi byen lè yo li Pawòl li a ak piblikasyon nou yo.”