Al gade sa k anndan l

Frè Ihlosbek Rozmetov.

22 JANVYE 2021
TIKMENISTAN

Frè Ihlosbek Rozmetov pral nan prizon yon dezyèm fwa poutèt li pa vle fè sèvis militè

Frè Ihlosbek Rozmetov pral nan prizon yon dezyèm fwa poutèt li pa vle fè sèvis militè

Desizyon yo pran

Nan dat ki te 19 janvye 2021 an, gen yon tribinal nan peyi Tikmenistan ki te fè konnen frè Ihlosbek Rozmetov koupab. Yo te kondane l pou l pase dezan nan yon prizon ki gen gwo dispozisyon sekirite poutèt li pa vle fè sèvis militè. Sa fè dezyèm fwa li pral nan prizon akoz kwayans li genyen ki baze sou Bib la.

Enfòmasyon pèsonèl

Ihlosbek Rozmetov

  • Dat li fèt: 1997 (Andalib).

  • Byografi: Li gen de frè ak sè. Li te kòmanse travay lè l sot lekòl pou l ka ede fanmi l, alòske li te gen dizan sèlman. Li renmen fè spò, li liv ak koute mizik. Manman l te kòmanse etidye Labib nan ane 2010, e ennan apre li menm tou li te kòmanse etidye Labib.

Sa k te pase

Nan dat ki te 11 jiyè 2018 la, tribinal la te kondane frè Ihlosbek Rozmetov pou l al nan kan travay Seydi a pandan ennan paske li pa t vle fè sèvis militè. Li te gen 20 an. Yo te lage l apre l te fin pase tout yon ane nan kan travay la. Selon lwa peyi Tikmenistan, yo ka jije l de fwa poutèt li pa vle fè sèvis militè.

Nan dat ki te  25 novanm 2020 an, yon lòt fwa ankò, yo te mande frè Ihlosbek pou l vin sèvi nan lame. Avèk respè, li te esplike kwayans li genyen antanke kretyen. Men, otorite yo te ouvri yon dosye kriminèl kont li e yo te kondane l pou l pase plis tan nan prizon paske se dezyèm fwa li refize al sèvi nan lame.

Frè Ihlosbek fè konnen premye fwa li t al nan prizon an sa “te difisil anpil” pou li. Sa k te ede l andire se vèsè li te li e l te kenbe nan tèt li anvan l t al nan prizon an. Vèsè ki te sitou ede l lè l medite sou li se Filipyen 4:6, 7. Vèsè sa yo te fè l sonje pou l “pa enkyete [l] pou anyen”, pou l priye pou l gen “lapè Bondye” e pou l rete kalm pandan moman difisil yo. Men sa frè Ihlosbek di: “Mwen te priye Jewova regilyèman pandan eprèv sa yo e mwen te santi li te toupre m.”

Nou gen konfyans Jewova ap kontinye bay frè Ihlosbek fòs, e Jewova ap fè menm bagay la pou tout moun ki met espwa yo nan li. — Ezayi 40:29-31.