Al gade sa k anndan l

Frè Ruslan Artykmyradov.

11 JANVYE 2021
TIKMENISTAN

Frè Ruslan Artykmyradov kapab al nan prizon pou yon dezyèm fwa paske li pa vle fè sèvis militè

Frè Ruslan Artykmyradov kapab al nan prizon pou yon dezyèm fwa paske li pa vle fè sèvis militè

Dat yo pwograme pou desizyon an

Gen yon tribinal militè nan peyi Tikmenistan ki gen pou l fè konnen a desizyon li pran nan ka ki konsène frè Ruslan Artykmyradov. Yo ka kondane l pou l pase jiska dezan nan prizon paske li pa vle fè sèvis militè akoz kwayans relijye li genyen. Depi 15 desanm 2020, li nan detansyon prevantif. Sa fè dezyèm fwa li ka al nan prizon paske li pa vle fè sèvis militè.

Enfòmasyon pèsonèl

Ruslan Artykmyradov

  • Dat li fèt: 2000 (nan bouk Alpan Gengeshlik).

  • Byografi: Li te leve an pwovens. Li te konn travay nan yon garaj. Li te yon bon elèv, e li renmen jwe foutbòl.

    Se manman l ki te aprann li prensip ki nan Bib la e li suiv yo nan lavi l. Lanmou ak tèt ansanm ki gen nan mitan Temwen Jewova yo te gen gwo efè sou li. Li te batize nan ane 2015 lè l te gen 15 an. Se paske li renmen Jewova Dye ki fè li pa vle fè sèvis militè.

Sa k te pase

Nan dat 13 out 2018, yo te kondane frè Ruslan Artykmyradov, ki te gen 18 an nan epòk la, pou l pase ennan nan prizon paske li pa vle fè sèvis militè. Yo te lage l nan dat ki te 12 out 2019 la, apre li te fin pase ennan nan prizon.

Selon lalwa nan peyi Tikmenistan, yo ka pousuiv yon jèn gason de fwa si li pa vle fè sèvis militè. Donk, nan mwa novanm 2020, yo te rele Ruslan ankò pou l vin fè sèvis militè.

Yon lòt fwa ankò, frè Ruslan pa t vle fè sèvis militè menmsi l te konnen yo ka voye l nan prizon ankò. Yo te arete l 15 desanm 2020, e yo te kenbe l nan prizon annatandan yo jije l.

Frè Ruslan detèmine pou l rete fidèl ak Jewova. Men sa l di lè l ap sonje premye fwa yo te jije l la: “Mwen pa t pè, menmsi m te konnen sa t ap difisil e mwen pa t ap jwenn jistis. Mwen pa t ap boukante lajwa m genyen ak bon relasyon m gen ak Jewova pou anyen.”

Sa pa t fasil pou frè Ruslan lè l te nan prizon an. Kondisyon yo te terib e byen souvan yo te maltrete l. Epoutan, li te toujou santi Jewova avè l. Men sa frè Ruslan di: “Lè m te nan prizon, mwen te toujou wè men Jewova. Pa egzanp, lè yo te konn bat mwen e mwen wè mwen pa santi kou yo, mwen santi se Jewova ki t ap ede m.” Mete sou sa, lanmou frè ak sè yo nan zòn nan te montre pou li te ba l fòs, e sa te bay lòt moun nan prizon an yon gwo temwayaj.

Byenke frè Ruslan konnen yo ka voye l nan prizon ankò, li gen asirans Jewova ap ede l. Men sa l di: “Mwen gen yon lafwa solid Jewova ap rekonpanse m. [...] Yon moun ki gen gwo espwa, gen yon lajwa ki pap janm fini, e yon moun ki gen lajwa, gen fòs ak andirans. E pa gen anyen k ap janm brannen yon moun ki gen yon gwo fòs mantal.”

Nou gen anpil rekonesans pou egzanp frè Ruslan ak lòt jèn ki gen kouraj, sa ki montre aklè Jewova kapab ban nou kouraj pou nou fè fas ak kèlkeswa eprèv la san nou pa pèdi jwa nou. E nou konnen moun ki demontre yo fidèl konsa ak Wayòm Bondye a ap jwenn rekonpans yo nan men Bondye. — Ebre 11:6.

a Poko gen nòt ki fè konnen ki lè yo pwograme pou desizyon an.