Al gade sa k anndan l

8 FEVRIYE 2021
TIKMENISTAN

Sa fè dezyèm fwa yo kondane frè Artur Yangibayev pou l al nan prizon poutèt li pa vle fè sèvis militè akoz konsyans li

Sa fè dezyèm fwa yo kondane frè Artur Yangibayev pou l al nan prizon poutèt li pa vle fè sèvis militè akoz konsyans li

Dat yo pran desizyon an

Nan dat 18 janvye 2021 an, yon tribinal nan peyi Tikmenistan kondane frè Artur Yangibayev pou l pase dezan nan prizon poutèt li pa vle fè sèvis militè akoz konsyans li. Se dezyèm fwa yo kondane l pou l al nan prizon pou kesyon sèvis militè li pa vle fè akoz lafwa l.

Enfòmasyon pèsonèl

Artur Yangibayev

  • Dat ak kote li fèt: 1997 (Seydi).

  • Byografi: Lè Artur te timoun, li te fè fas ak kèk difikilte ki te pouse l mande tèt li poukisa gen tout enjistis sa yo nan monn nan. Li te pale sou sa ak yon sè l ki Temwen Jewova. Se konsa a 13 an, Arthur te kòmanse etidye Bib la. Li te batize an 2014.

    Li travay nan konstriksyon ak renovasyon kay. Paran Artur yo di li se yon moun ki janti e ki pran responsablite l oserye. Vwazen l yo respekte l paske l se yon moun ki onèt.

Sa k te pase

Nan dat 8 out 2016, yo te mete Artur nan detansyon prevantif poutèt li pa vle fè sèvis militè akoz konsyans li. Epi 30 out 2016, yo te kondane l pou l fè dezan nan yon kan travo fòse. Nan mwa septanm 2018, li te fini ak santans travo fòse a.

Sepandan, nan dat 15 desanm 2020 an, yo te rele l yon dezyèm fwa pou l fè sèvis militè. Yon ti tan apre, yo te rele l nan biwo komisè gouvènman an pou yo poze l kesyon, e yo te mande l pou l ekri yon lèt pou l esplike rezon ki fè l pa vle fè sèvis militè a.

Nan dat 30 desanm 2020 an, biwo komisè gouvènman an te fè l konnen yo ouvri yon dosye kriminèl kont li. Otorite yo te sezi paspò li.

Artur di apre yo te fin kondane l premye fwa a ‘Women 8:37-39 te fè l gen konfyans pèsonn pa ka anpeche l ret fidèl ak Jewova’. Nou konnen grasa èd Jewova, Artur ap rive andire eprèv sa a tou.