Al gade sa k anndan l

Frè Eziz Atabayev apre yo fin lage l.

14 JANVYE 2021
TIKMENISTAN

“Se Jewova ki te ede m andire eprèv sa a”

“Se Jewova ki te ede m andire eprèv sa a”

Frè Eziz Atabayev te andire anba yon seri pwoblèm e li te rete fidèl ak Jewova pandan dezan li te pase nan prizon nan peyi Tikmenistan poutèt li pa t vle fè sèvis militè. Yo te lage l 19 desanm 2020. Pandan dènye dis ane sa yo, yo te mete 46 frè nan prizon nan peyi Tikmenistan poutèt yo pa vle fè sèvis militè.

Nan ane 2016, yo te konvoke frè Atabayev pou l vin fè sèvis militè. Li te refize akoz konsyans li. Yo te voye ka l la nan biwo komisè vil la. Se prèske apre dezan yo te mande frè Eziz pou l pase devan tribinal. Nan dat ki te 19 desanm 2018 la, tribinal la te kondane l pou l pase dezan nan prizon.

Men sa Eziz di: “Anvan m t al nan prizon, mwen te konn pale anpil ak frè ki te viv menm sitiyasyon sa a oswa ki te nan prizon poutèt yo pa t vle fè sèvis militè. Yo te ede m konnen ak ki sa m ka atann mwen. Mwen te li plizyè byografi nan piblikasyon nou yo. Epitou, mwen te li yon seri panse ankourajan nan Bib la.

“Nan maten anvan yo te jije m nan, gen yon frè ki te montre m Ezayi 30:15 ki di: ‘Si nou ret dousman e nou montre nou gen konfyans, se sa k ap fòs nou.’ Vèsè sa a te toujou ede m ret dousman epi konte sou Jewova nan tout bagay. Lefètke m te medite sou vèsè sa a, sa te ede m pandan tout tan m te nan prizon an.”

Byenke lavi nan prizon difisil, sa k te bay Eziz plis pwoblèm se paske l te separe ak fanmi l. Men sa l di: “Mwen te vin pi pwòch lòt Temwen ki te nan prizon an. Yo te vin bon zanmi m e yo te ede m pou m pa tris lè m te sonje fanmi m ak zanmi m yo.”

Eziz te pwofite preche tou depi l te jwenn okazyon fè sa. Men sa l di: “Okòmansman, gen kèk prizonye ki pa t vle koute lè m t ap pale konsènan kwayans mwen. Men, tank tan t ap pase, prizonye ki pa t vle koute yo, te vin koute. Lè te gen nouvo prizonye ki pa t konnen m, yo menm tou yo pa t vle koute lè m ap preche yo. Men, prizonye ki te la anvan yo, sa mwen te deja preche yo, te konn defann mwen, e yo te konn pataje sa yo te aprann yo ak nouvo prizonye yo.”

Men sa Eziz di k ap ede nou prepare pou eprèv nou ka jwenn pi devan: “Mwen t ap ankouraje nou fè etid pèsonèl ki pwofon epi priye Jewova ak tout kè nou. Nou dwe di Jewova tout bagay k ap trakase nou, sa ki fè nou pè ak jan nou santi nou, wi di l tout bagay.

“Se Jewova ki te ede m andire eprèv sa a. Mwen pa gen dout Jewova ap ede m ankò. Mwen pa pè eprèv mwen ka jwenn alavni yo.” — Sòm 118:6.