Al gade sa k anndan l

3 NOVANM 2020
TIKMENISTAN

Yo lage frè Petrosov apre li fin pase ennan nan prizon nan peyi Tikmenistan

Yo lage frè Petrosov apre li fin pase ennan nan prizon nan peyi Tikmenistan

David Petrosov se yon frè ki gen 19 an k ap viv nan peyi Tikmenistan. Byenke li jèn, li oblije andire yon eprèv difisil akoz lafwa l. Li te pase ennan nan prizon paske konsyans Ii pa pèmèt li al nan lame. Yo te lage l 30 septanm 2020.

Men sa frè Petrosov di: “Gen jou mwen te tris anpil nan prizon an. Men, Jewova te konsole m pa mwayen Pawòl li a. Lefètke m konnen Jewova konprann jan m santi m e li pare pou l konsole m, sa te pouse m pale avè l. Gen plizyè vèsè ki te ede m nan divès sitiyasyon, men souvan mwen te sonje Filipyen 4:13.”

Frè Petrosov te fèt nan Achgabat, kapital Tikmenistan. Pandan li t ap grandi, li te aprann jwe gita. Li renmen ekri mizik e li renmen soti al jwe foutbòl, flannen nan mòn ak naje nan lak ki gen nan zòn li an.

Se yon kamarad lekòl li, ki Temwen Jewova, ki te etidye Labib avè l. Apre sa, li te batize nan ane 2019. Byenke pa gen okenn moun nan fanmi David ki Temwen Jewova, fanmi l respekte kwayans li ak lafwa li gen nan Bondye.

Yon ti tan apre David fin batize, li t al devan tribinal paske li pa t vle al nan lame. Nan peyi Tikmenistan, pa gen lòt sèvis yon moun ka fè si l pa vle al nan lame. Donk, yo te kondane l pou l pase ennan nan prizon.

Pandan ane sa a frè Petrosov te pase nan prizon, Jewova te ba l èd li te bezwen. Men sa frè Petrosov di: “Lè m te nan prizon, manman m te pale m konsènan tout frè ak sè ki pa t ka vizite m, men ki t ap mande kòman m ye. Li te di m frè ak sè yo toujou ap priye pou mwen. Sa te fè m kontan anpil.”

David konnen selon lalwa nan peyi Tikmenistan yo ka rele l ankò pou l al nan lame. Si sa rive, sandout y ap kondane l e yo ka mande pou l pase plis tan nan prizon.

David di: “Menm jan ak tout moun, mwen pa vle tounen al nan prizon. Men, mwen pa pè. Sa ki ban m fòs se lafwa mwen gen nan Jewova, frè ak sè m yo ak kantik Wayòm yo.”

Nou gen konfyans Jewova ap kontinye bay David lafwa ak kouraj. Epitou, n ap priye pou dis frè ki toujou nan prizon nan peyi Tikmenistan paske konsyans yo pa pèmèt yo al nan lame. Nou konnen Jewova renmen yo, li pa bliye yo e l ap ede yo. — Sòm 69:33.