Al gade sa k anndan l

13 JANVYE 2021
TIKMENISTAN

Yon tribinal militè nan peyi Tikmenistan kondane frè Ruslan Artykmyradov pou l pase dezan nan prizon

Yon tribinal militè nan peyi Tikmenistan kondane frè Ruslan Artykmyradov pou l pase dezan nan prizon

Nan dat ki te 11 janvye 2021 an, gen yon tribinal militè nan peyi Tikmenistan ki fè konnen frè Ruslan Artykmyradov koupab, e li kondane l pou l pase dezan nan prizon. Sa fè dezyèm fwa li pral nan prizon paske li pa vle fè sèvis militè.

Apre yo te fin bay frè Ruslan santans li, li te kalm e li t ap souri. Pandan yo t apral avè l, li te site pawòl Jezi te di nan Matye 24:13 la, ki di: “Moun ki andire jiska lafen, se moun sa a k ap sove.”

Sa ankouraje nou lè nou wè jan jèn frè nan peyi Tikmenistan yo gen lafwa. Yo dispoze suiv Jezi, Egzanp nou an, ki te andire anpil bagay “poutèt kè kontan ki te rezève pou li a”. — Ebre 12:2.