Al gade sa k anndan l

Kay yon sè toupre kapital vil ki rele Port Vila ki sibi domaj.

17 MAS 2023
VANOUWATOU

Gen de sikòn ki frape Vanouwatou

Gen de sikòn ki frape Vanouwatou

Gen 2 siklòn kategori 4 ki frape Vanouwatou ant 1ye mas ak 4 mas 2023. Premye siklòn nan, Judy, pa t fè twò gwo dega. Men, dezyèm siklòn nan, siklòn Kevin, ki te vin fòme tousuit apre l, te frape menm zòn yo. Li te lakòz anpil dega nan plizyè zile nan pati sid peyi a, pami yo gen zile prensipal la ki rele Efat.

Sitiyasyon frè ak sè nou yo

  • Pa gen okenn frè ak sè ki mouri

  • 3 kay kraze

  • 30 kay sibi ti domaj

  • 2 Sal Wayòm sibi domaj

Dispozisyon pou pote èd

  • Siveyan sikonskripsyon yo ak ansyen yo nan zòn nan ap vizite moun ki viktim yo e y ap ba yo èd ki nesesè.

  • Yo te mete yon komite sekou sou pye pou planifye travay pote sekou a.

Nou sèten pandan frè ak sè nou yo nan Vanouwatou ap fè fas ak sitiyasyon difisil sa a, Jewova ap kontinye ‘konsole yo e l ap soulaje yo’ nan jou k ap vini yo. — Sòm 94:19.