Al gade sa k anndan l

Sè Helen Budge k ap sèvi ak yon machin bray.

24 MAS 2021
WAYÒM INI

Li patisipe nan kanpay pou Memoryal la malgre l gen andikap

Li patisipe nan kanpay pou Memoryal la malgre l gen andikap

Helen Budge, se yon Temwen Jewova ki avèg k ap viv Edinburgh, ann Ekòs. Akoz pandemi an, sè Helen pa ka al vizite moun yo lakay yo pou l preche yo, menm jan sa ye pou tout Temwen Jewova yo. Men, sa pa t anpeche l patisipe afon nan kanpay envitasyon ki te fèt pou Memoryal lanmò Jezi a.

Pou sè Helen te ka patisipe nan kanpay la pa mwayen lèt, li te fè lèt yo grasa yon machin bray. Men sa sè Helen di: “[Machin sa a] tankou kreyon ak papye pou mwen.” Apre sè Helen fin ekri lèt yo an bray, li dikte yon nyès li lèt yo pou nyès la ka ekri yo sou papye pou li.

Envitasyon Memoryal la an bray.

Kòm ni manman Helen ni grann li te Temwen Jewova, sa fè Memoryal la te toujou yon evènman enpòtan pou li. Helen fè konnen li te toujou ap ret tann pou l envite lòt moun nan evènman sa a. Men sa l di: “Sa pral fè 70yèm Memoryal mwen asiste. Mwen vrèman kontan dèske chak ane mwen resevwa envitasyon pa m nan an bray. Mwen li l pou m konn detay yo, epi mwen kòmanse panse ak moun mwen pral envite.”

Toupatou sou tè a, lanmou pouse kretyen ki fidèl yo envite pwochen yo vin asiste Memoryal lanmò Kris la k ap fèt samdi 27 mas la, kèlkeswa sitiyasyon y ap viv. — Lik 22:19.