ÈD POU FANMI | FASON POU N LEVE PITIT NOU
Timoun ak telefòn entèlijan — 2yèm pati: Fason w ka ede pitit ou pwoteje tèt yo lè y ap sèvi ak telefòn entèlijan
Yon telefòn entèlijan tankou yon bonjan zouti, li ka swa yon èd, swa yon danje selon jan nou sèvi avè l. Ki jan w ka aprann pitit ou pou l sèvi ak bonsans li lè l ap itilize aparèy elektwonik yo? Pa egzanp, ki lè li pase twòp tan ap itilize yo? a
Sa w dwe konnen
Yon moun k ap sèvi ak yon telefòn entèlijan ka fè fas ak danje. Jan sa parèt nan atik ki gen tit: “Timoun ak telefòn entèlijan — 1ye pati: Èske pitit mwen dwe gen yon telefòn entèlijan?” an, yon telefòn entèlijan bay aksè ak tout sa ki sou Entènèt, ni sa ki bon, ni sa ki pa bon.
“Li fasil pou n bliye yon telefòn entèlijan bay pitit nou yo aksè ak tout kalite moun ki danjere e ak ide ki pote danje tou.” — Brenda.
Timoun yo bezwen direksyon. Jèn yo fèt nan epòk teknoloji a, men anpil granmoun pa fin abitye avè l. Men, sa pa vle di paran yo pa gen kapasite pou yo sèvi avèk aparèy elektwonik, oswa timoun yo pi byen kalifye pou yo deside ki jan e ki lè y ap sèvi avèk telefòn entèlijan yo.
Se vre, pitit ou ka gen plis kapasite pou l sèvi avèk yon telefòn entèlijan, men ou pa dwe konfonn kapasite avèk matirite. Menm timoun ki gen anpil kapasite nan itilize aparèy elektwonik yo, bezwen direksyon nan men paran yo pou yo sèvi avèk yon telefòn entèlijan yon fason ki responsab.
“Lè w bay pitit ou yon telefòn entèlijan san ou pa ba l okenn fòmasyon, se kòmsi ou lonje yon kle machin ba li, ou mete l dèyè volan, ou stat motè a epi w di l ‘tanpri fè pridans’, san ou pa menm aprann li kondui. ” — Seth.
Sa w ka fè
Aprann sèvi ak opsyon ki sou telefòn pitit ou. Fè efò pou w aprann konnen diferan opsyon ki sou telefòn nan, konsa w ap ede pitit ou sèvi avè l yon fason ki responsab. Pa egzanp:
Ki restriksyon yon paran kapab mete sou telefòn nan pou fikse limit sou fason pitit li sèvi avè l?
Èske w konnen opsyon sa yo ki sou telefòn nan pou mete restriksyon yo pa toujou mache a san pousan?
Plis ou konnen fason telefòn entèlijan pitit ou a fonksyone, se plis w ap ka ede l sèvi avè l yon fason ki responsab.
Prensip Bib la bay: “Grasa konesans, yon moun vin gen plis pouvwa.” — Pwovèb 24:5.
Fikse limit. Deside sa w ap kite pitit ou fè ak sa w pap kite l fè. Pa egzanp:
Èske w ap dakò pitit ou sèvi avèk telefòn li lè nou sou tab n ap manje oubyen lè n ap vizite fanmi oswa zanmi?
Èske w ap pèmèt pitit ou gen telefòn nan nan chanm li pandan tout nuit lan?
Ki aplikasyon w ap pèmèt li genyen sou telefòn nan?
Ki lè li pase twòp tan ap itilize aparèy elektwonik yo?
Èske w ap fikse yon limit sou kantite tan li itilize telefòn nan chak jou?
Fè l konnen règ yo, epi disipline l lè l pa suiv yo.
Prensip Bib la bay: “Pinga w refize bay yon timoun disiplin.” — Pwovèb 23:13.
Veye sa l ap fè. Konnen modpas pitit ou e detanzantan gade sa ki sou telefòn li, sa ki gen ladan l mesaj tèks, aplikasyon, foto ak sit li vizite yo.
“Nou te di pitit fi nou an, detanzantan nou t ap verifye sa ki sou telefòn li an sanzatann. Mete sou sa, nou te di l nou t ap met plis restriksyon si l pa t montre l responsab nan fason l sèvi avè l.” — Lorraine.
Antanke paran, ou gen dwa pou w konnen fason pitit ou ap itilize telefòn entèlijan l lan.
Prensip Bib la bay: “Menm yon timoun, aksyon l fè montre kiyès li ye.” — Pwovèb 20:11.
Anseye yo bonjan prensip. Ede pitit ou pou l aprann vle fè sa ki bon. Sa k fè sa enpòtan? Paske yon timoun ka toujou detèmine pou l fè sa ki mal, menm lè paran l ap eseye ede l b.
Donk, li enpòtan pou w aprann pitit ou gen bonjan prensip moral, pa egzanp pou l toujou di laverite, pou l gen metriz e pou l responsab nan fason l aji. Yon timoun ki gen bonjan prensip moral ap pi byen itilize telefòn li avèk sajès.
Prensip Bib la bay: “Moun ki gen matirite, […] rive fè diferans ant sa ki byen ak sa ki mal paske yo antrene kapasite yo genyen pou yo konprann nan.” — Ebre 5:14.