Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

E si mwen pa renmen lekòl?

E si mwen pa renmen lekòl?

 Lè w lekòl ou gen pwofesè ki strik, elèv k ap fè presyon sou ou, egzamen ki di ak anpil devwa. Nou ka konprann sa k fè w ka di w pa renmen lekòl. a Men sa yon jèn fi ki rele Rachel b di:

 Dènye kote m ta renmen ye se lekòl. Mwen ta pito nan plaj oswa ansanm ak zanmi m oubyen lakay ap ede paran m fè manje ak netwayaj!”

 Si w santi w menm jan ak Rachel, sa vle di ou wè lekòl tankou yon prizon, e w pa ka tann ki lè pou w gradye pou w libere. Èske gen yon pi bon fason w ka wè tan w ap pase lekòl la?

 Èske w te konnen? Lè w aprann gen yon pi bon pwennvi sou lekòl, sa ap pèmèt ou gen kontwòl sitiyasyon w, e sa ap fè w pa konsidere lekòl kòm yon fado. Lè sa a, lekòl ap vin yon mwayen pou w travay yon seri kapasite k ap itil ou lè w vin gran.

 Pou w ka vin renmen lekòl, eseye sa:

 Fòmasyon w: Plis ou aprann, se plis w ap kapab rezoud pwoblèm w ap jwenn nan travay ou ak nan lòt aspè nan lavi a olye pou w ta toujou ap tann se moun ki rezoud yo pou ou. Poze tèt ou kesyon sa a: ‘Menmsi gen bagay mwen pa renmen lekòl, èske pa gen bagay mwen aprann ki itil mwen?’

 Prensip biblik: “Toujou bat pou w gen sajès e pou w aprann reflechi.” — Pwovèb 3:21.

 Pou plis enfòmasyon, gade atik: “E si m ap fè move nòt lekòl?

 Abitid ou: Lekòl ba w abitid pou w aprann jere tan w, pou w gen disiplin e pou w aprann travay byen. W ap bezwen kalite sa yo lè w vin gran. Mande tèt ou: ‘Nan ki sans abitid mwen pran lekòl fè m gen disiplin e yo aprann mwen travay byen? Ki amelyorasyon mwen ka fè nan domèn sa yo?’

 Prensip biblik: “Kèlkeswa kalite travay di yon moun fè gen avantaj ladan l.” — Pwovèb 14:23.

 Pou plis enfòmasyon, gade atik: “Ki jan mwen ka jere tan m?

 Jan w boule ak moun: Lefètke w oblije pase tan ak kamarad lekòl ou, sa ka aprann ou mete w nan plas lòt moun e respekte yo. Men sa yon jèn gason ki rele Joshua di: “Aprann kominike ak moun gen menm enpòtans ak etidye istwa ak syans. Se yon bagay w ap bezwen tout vi w.” Mande tèt ou: ‘Ki leson mwen aprann lekòl sou fason pou m boule ak moun, menm moun ki pa gen menm kilti avè m oubyen ki pa gen menm kwayans avè m?’

 Prensip biblik: “Chèche viv anpè ak tout moun.” — Ebre 12:14.

 Pou plis enfòmasyon, gade atik: “Ki sa m ka fè pou m amelyore kapasite pou m fè konvèsasyon?

 Avni w. Lekòl ka ede w wè kapasite w genyen e l ka ede w fikse objektif nan sans sa a. Men ki sa yon jèn fi ki rele Brooke di: “Ou ka menm jwenn fòmasyon nan yon domèn presi, menm jan sa te fèt pou mwen. Konsa, lè w gradye, ou tou kalifye pou w jwenn travay.” Mande tèt ou: ‘Ki sa m ap fè pou m pran swen tèt mwen lè m fini lekòl? Ki sa m ka aprann nan pwogram lekòl mwen ki pèmèt mwen jwenn travay sa a?’

 Prensip biblik: “Chache konnen byen sa w’ap fè.” — Pwovèb 4:26, Bib la.

a Anpil nan prensip yo pale nan sijè sa a ka ede timoun paran yo fè lekòl avèk yo lakay yo.

b Gen non ki chanje.