Ki sa letan dife a ye? Èske se menm bagay ak lanfè oswa Jeyèn?
Repons Bib la bay
Letan dife a se senbòl destriksyon etènèl. Li se menm bagay ak Jeyèn, men li pa menm ak lanfè, ki se tonm kote moun ki mouri yo ale.
Se pa yon letan literal
Senk vèsè nan Bib la ki pale de “letan dife” a montre se yon senbòl, men se pa yon letan toutbonvre (Revelasyon 19:20; 20:10, 14, 15; 21:8). Men sa yo jete nan letan dife a:
Dyab la (Revelasyon 20:10). Dyab la se yon espri, kidonk, dife pa ka fè l anyen mal. — Egzòd 3:2; Jij 13:20.
Lanmò (Revelasyon 20:14). Lanmò pa yon bagay materyèl, men li reprezante pito yon kondisyon kote yon moun pa ka fè anyen ditou, kote lavi pa egziste ankò (Eklezyas 9:10). Lanmò pa ka boule.
“Bèt sovaj la” ansanm ak “fo pwofèt la”. (Revelasyon 19:20.) Piske bagay sa yo se senbòl, èske li pa t ap lojik pou n dakò letan dife kote yo jete yo a se yon senbòl tou? — Revelasyon 13:11, 12; 16:13.
Yon senbòl destriksyon etènèl
Bib la di letan dife a “reprezante dezyèm lanmò a”. (Revelasyon 20:14; 21:8.) Premye lanmò Bib la pale de li se lanmò peche Adan an te lakòz la. Grasa rezirèksyon, move efè lanmò sa a ka chanje, epi alavni Bondye pral elimine l nèt. — 1 Korentyen 15:21, 22, 26.
Pa gen libète pou sila yo ki nan letan dife a
Letan dife a reprezante yon lòt fòm lanmò oswa yon dezyèm fòm lanmò. Menmsi li menm tou li reprezante yon kondisyon kote ou pa ka fè anyen ditou, li diferan nan sans pa gen okenn kote nan Bib la ki montre ap gen rezirèksyon apre dezyèm lanmò a. Se sa k fè Bib la di Jezi gen “kle lanmò ak Tonm nan” pou montre Jezi gen pouvwa pou l libere moun ki mouri akoz peche Adan an (Revelasyon 1:18; 20:13). Sepandan, ni Jezi ni okenn lòt moun pa gen kle letan dife a. Letan dife senbolik sa a reprezante yon pinisyon etènèl, sa vle di yon destriksyon pou toutan. — 2 Tesalonisyen 1:9.
Li se menm bagay ak Jeyèn nan, Vale Inon an
Mo grèk ki vle di Jeyèn nan se geyenna, nou jwenn li 12 fwa nan Bib la. Menm jan ak letan dife a, Jeyèn nan se yon senbòl destriksyon etènèl. Menmsi gen kèk tradiksyon Labib ki mete “lanfè” nan plas mo sa a, Jeyèn nan pa menm ak lanfè a, piske mo ebre ki tradui lanfè a se cheyòl e mo grèk la se adès.
Mo “Jeyèn” nan vle di literalman “Vale Inon”, yon vale ki te pa deyò vil Jerizalèm. Nan tan biblik yo, moun ki t ap viv nan vil sa a yo te konn al jete fatra nan vale sa a. Yo te toujou kite dife limen nan vale sa a pou boule fatra, epi vè te konn manje tout sa dife pa t gentan fin boule yo.
Jezi te itilize mo Jeyèn nan pou pale de destriksyon etènèl (Matye 23:33). Li te di Jeyèn nan se kote “vè yo pa mouri e kote dife a pa etenn”. (Mak 9:47, 48.) Lè l te di sa, nonsèlman li t ap panse ak Vale Inon an, men tou li t ap panse ak pwofesi ki nan Ezayi 66:24 la ki di: “Y ap soti pou yo gade kadav moun ki te fè rebèl avè m yo, paske vè ki sou kadav moun sa yo pap mouri, dife k ap boule yo a pap etenn.” Jezi pa t bay egzanp sa a pou l te dekri yon moun k ap toumante, men pou l te pale de yon destriksyon konplè. Vè yo ak dife a te fini ak fatra ak kadav, men yo pa t pou moun vivan.
Bib la pa di moun ki al nan Jeyèn yo ap soti ladan l ankò. Ni “letan dife a” ni “dife Jeyèn nan” reprezante yon destriksyon k ap dire, yon destriksyon pou toutan. — Revelasyon 20:14, 15; 21:8; Matye 18:9.
Nan ki sans y ap toumante “lajounen kou lannuit pou tout tan gen tan” an?
Si letan dife a se senbòl destriksyon, poukisa Bib la di Dyab la, bèt sovaj la ansanm ak fo pwofèt la “pral nan touman lajounen kou lannuit pou tout tan gen tan” ladan l (Revelasyon 20:10)? Ann wè kat rezon ki montre poukisa touman sa yo pa nan sans literal:
Pou yo rive toumante Dyab la pou toutan gen tan, li ta dwe viv pou toutan. Sepandan, Bib la di Satan pral detwi oswa li pap egziste ankò. — Ebre 2:14.
Lavi ki pap janm fini an se yon kado ki soti nan Bondye, se pa yon pinisyon. — Women 6:23.
Bèt sovaj la ak fo pwofèt la se senbòl yo ye, sa vle di yo pa ka toumante yo literalman.
Selon sa Bib la montre, chatiman Dyab la gen pou l sibi a se rete l ap rete nèt nan lanmò, sa vle di destriksyon etènèl.
Mo yo itilize nan Bib la pou pale de “touman” an konn gen sans “prizon”. Pa egzanp, mo grèk yo itilize nan Matye 18:34 pou yo pale de moun k ap “toumante” moun nan, anpil tradiksyon Labib mete “gadyen prizon” pou li, sa montre jan mo “touman” an makònen ak mo “prizon” an. Menm jan tou, nan istwa yo rakonte nan Matye 8:29 ak Lik 8:30, 31 yo asosye mo “touman” ak “twou san fon” an ki se senbòl yon kote pa gen pyès aktivite ditou, sa vle di lanmò (Women 10:7; Revelasyon 20:1, 3). Alaverite, gen plizyè kote nan liv Revelasyon an yo sèvi ak mo “touman” an kòm yon senbòl. — Revelasyon 9:5; 11:10; 18:7, 10.