Al gade sa k anndan l

KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI?

Lèt manman

Lèt manman

 Gen yon liv pou fanmsaj ki fè konnen: “Lèt yo fè pou tibebe yo pap janm egzakteman menm jan ak lèt manman.” Youn nan rezon ki fè se lèt manman an ki pi bon pou tibebe a se paske kò manman an adapte lèt la yon fason pou tibebe a jwenn tout sa l bezwen ladan l.

 Fè yon ti reflechi: Lè yon manman ap bay tibebe l tete, lèt tibebe a jwenn lè l fèk kòmanse tete a se pa menm lèt sa a li jwenn lè l ap fin pran tete. Lèt tibebe a jwenn okòmansman an gen plis pwoteyin, vitamin, mineral ak dlo. Alòske, lèt li jwenn lè l ap fin pran tete a gen plis grès sa ki fè l santi vant li plen. Epitou, lèt manman an chanje selon laj tibebe a e selon epòk nan ane a.

 Nan lèt manman an nou jwenn òmòn, e selon moman nan jounen an gen òmòn nou jwenn plis pase lòt. Pa egzanp, nan nuit gen plis melatonin, alòske lajounen, nou jwenn plis nan lòt òmòn yo. E selon moman nan jounen an, diferans ki genyen nan kantite òmòn sa yo pral ede tibebe a dòmi oswa ret je klè, sa k ap pèmèt kò tibebe a konnen ki lè pou l dòmi e ki lè pou l ret je klè.

 Apre fi a fin akouche, pandan kèk jou, kò l pwodui yon lèt jòn yo rele kolostwòm. Kolostwòm nan fasil pou dijere e li gen tout sa kò tibebe a bezwen. Se sa k fè, byenke lestomak tibebe a toupiti, kantite kolostwòm tibebe a jwenn nan bon pou li anpil. Kolostwòm nan gen anpil bagay ladan l pou ede bebe a ki frajil defann tèt li kont enfeksyon. Epitou, kolostwòm nan se yon lavman ki netwaye lestomak ak trip tibebe a.

 Manman yo pa bezwen enkyete yo pou yo konnen si y ap gen ase lèt, menmsi yo ta fè marasa, paske kò yo ap pwodui kantite lèt ki nesesè a.

 Ki sa w panse? Èske lèt manman an ki gen karakteristik san parèy sa yo vin egziste grasa evolisyon? Oswa se fè yo te fè l?