Al gade sa k anndan l

Todd Aki/Moment Open via Getty Images

KI KOTE MÈVÈY SA A SOTI?

Sistèm filtre lanj lan

Sistèm filtre lanj lan

 Pou pwason yo rele lanj lan (re) manje, pandan l ap naje, li vale yon kantite dlo ak yon kantite zèb lanmè. Melanj sa a pase nan yon ògàn anndan l ki tankou yon paswa. Sa lakòz zèb lanmè yo retounen nan gòj li e li vale l. Dlo a kontinye wout li epi li soti nan gòjèt li. Men, bagay ki tankou paswa pwason lanj lan genyen an ka kenbe zèb lanmè ki pi piti pase twou li genyen yo. Daprè sa yon jounalis syantifik ki rele Ed Yongdi di, sa pwason lanj lan fè a “se yon bagay ki ta sipoze enposib”.

 Fè yon ti reflechi: Sistèm paswa pwason lanj lan genyen an sanble ak senk demi won ki tankou yon peny ki gen dan sou de bò. Gen nan dan peny yo, yo rele lòb, ki panche sou devan e genyen ki panche sou dèyè. Lòb sa yo separe dlo lanmè a, konsa yon kantite dlo pase anlè lòb yo e yon lòt kantite pase nan mitan lòb yo, sa kreye yon toubiyon.

 Lè zèb lanmè yo oubyen kras manje frape sou pwent lòb yo, y al frape nan kouran dlo ki pi fò a epi y al tonbe nan gòj pwason an, kote pwason an ka tou vale yo. Menmsi yon zèb ta ka ret kole nan fant lòb yo, toubiyon sa a tèlman fò, li voye zèb la frape nan kouran dlo a epi zèb la retounen al tonbe nan gòj pwason an. Sistèm paswa sa a pèmèt pwason an rive bloke menm ti kras manje tou piti ki te ka pase nan fant lòb yo e ki te ka retounen nan lanmè a, konsa li rive manje yo.

 Anplis de sa, sistèm paswa ki pèmèt pwason lanj lan manje a fèt yon fason kote anyen pa ka kole ladan l, epi li netwaye tèt li poukont li. Sa fèt nan kèlkeswa vitès pwason an ap naje e kèlkeswa kantite zèb lanmè ki genyen kote l ap naje yo.

 Moun k ap fè rechèch yo vle imite sistèm paswa ki gen nan pwason lanj lan pou yo ka fè filtè pou fè dlo vin pwòp ankò e pou retire ti moso plastik ki nan dlo yo.

 Sa w panse?: Èske sistèm paswa pwason lanj lan se evolye li evolye oubyen èske se fè yo fè l?