Al gade sa k anndan l

Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, Volim 1

Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, Volim 1

‘Ki jan m ka kominike ak paran m?’ ‘Ki jan m ka fè zanmi?’ ‘Ki mal ki genyen nan fè sèks jis pou plezi?’ ‘Poukisa mwen tris?’

Si w konn poze tèt ou kesyon sa yo, konnen se pa ou sèl. Selon kote w chèche repons yo, ou ka jwenn diferan repons ki pa mache youn ak lòt. Liv Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze a, Volim 1 an ka ede w. Konsèy li yo baze sou Bib la. Pawòl Bondye a ede plizyè milyon moun rive fè fas ak pwoblèm nan lavi a. Gade kòman liv la ka ede w!

Men tit seksyon ki nan liv la:

  • Fason m boule ak fanmi m

  • Idantite w

  • Lè w lekòl ak lè w pa lekòl

  • Sèks, moralite ak lanmou

  • Konduit k ap gen move efè sou ou

  • Tan lib ou

  • Adorasyon w ap bay

  • Apendis pou paran

Ou ka telechaje liv sa a sou fòma PDF, oswa ekri biwo nou yo pou w ka jwenn youn nan men w.

Nòt: PDF liv sa a gen espas ou ka ekri ladan l. Si aparèy ou a gen lojisyèl pou sa, ou ka rantre kòmantè w yo ak repons ou yo dirèkteman nan liv la.