Al gade sa k anndan l

Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, Volim 2

Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, Volim 2

Ou bezwen konsèy ou ka fè konfyans! Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze, Volim 2 a ap ede w jwenn konsèy sa yo. Menm jan yo te fè pou premye volim nan, yo te fè entèvyou ak plizyè santèn jèn nan monn nan pou yo fè dezyèm volim nan. Bonjan konsèy ki nan Bib la te ede jèn sa yo. Kounye a, annou gade kòman sa ka ede w.

Liv sa a ap ede w jwenn repons kesyon anrapò ak

  • Tifi ak tigason

  • Chanjman nan kò w

  • Amitye

  • Lekòl ak jèn parèy ou

  • Zafè lajan

  • Paran w

  • Santiman w

  • Detant

  • Pwogrè espirityèl ou

Ou ka telechaje liv sa a sou fòma PDF, oswa ekri biwo nou yo pou w ka jwenn youn nan men w.

Nòt: PDF liv sa a gen espas ou ka ekri ladan l. Si aparèy ou a gen lojisyèl pou sa, ou ka rantre kòmantè w yo ak repons ou yo dirèkteman nan liv la.