KESYON JÈN YO KONN POZE
Èske m bay aparans mwen twòp enpòtans?
Tès: Èske m ba l twòp enpòtans?
Ki deklarasyon ki pi byen dekri fason w santi w?
M pa janm satisfè de aparans mwen.
M konn satisfè de aparans mwen pafwa.
M toujou satisfè de aparans mwen.
Ki sa w ta renmen chanje plis nan aparans ou?
Wotè m
Pwa m
Fòm kò m
Cheve m
Koulè m
Mis mwen yo
Lòt bagay
Fin ekri fraz ki vin apre a.
M sitou pa santi m alèz ak kò m...
lè m monte sou yon balans.
lè m ap gade nan yon glas.
lè m ap konpare tèt mwen ak lòt moun (zanmi, tòp modèl, vedèt tele).
Fin ekri fraz ki vin apre a.
M pran pwa kòm...
chak jou.
chak semèn.
omwen yon fwa pa semèn.
Ki ekspresyon ki pi byen dekri sa w santi?
Pwennvi negatif sou aparans mwen. (Egzanp: “Chak fwa m gade tèt mwen nan glas, m panse m wè yon moun obèz e ki lèd. M konn menm ret mouri grangou pou m pèdi pwa.” — Serena.)
Pwennvi ekilibre sou aparans mwen. (Egzanp: “Ap toujou gen bagay nou pa renmen nan aparans nou. Men, se bagay nou jis bezwen aksepte. Lè n ap trakase tèt nou pou sa n pa ka chanje, nou aji tankou idyo.” — Natanya.)
Bib la mande pou n pa panse de tèt nou plis “pase sa [n] dwe panse”. (Women 12:3.) Donk, li nòmal e l menm nesesè pou n pran swen tèt nou nan yon nivo. Pa egzanp, se rezon sa a ki fè w bwose dan w e w veye sou swen kò w.
Men, ki sa w ka fè si w toujou santi w dekouraje akòz aparans ou opwen, pètèt, ou vin ba l twòp enpòtans? Si se ka pa w, ou gendwa mande tèt ou...
‘Poukisa m pa renmen aparans mwen?’
Kapab gen plizyè rezon pou sa. Se kapab akòz:
Enfliyans medya yo. “Se toutan y ap bonbade jèn yo ak imaj ki fè yo kwè yo dwe toujou mens oswa seksi anpil. Kòm rezilta, si n pa pafè, sa fè n santi n lèd anpil!” — Kellie.
Enfliyans paran w. “Mwen remake, byen souvan, si yon manman bay aparans li twòp enpòtans, pitit fi l ap konsidere tèt li menm jan an. Se ka menm bagay la tou ant papa ak pitit gason yo.” — Rita.
Ou pa twò kwè nan tèt ou. “Moun ki bay aparans yo twòp enpòtans toujou bezwen felisitasyon nan men lòt moun. Alafen, sa vin fatigan!” — Jeanne.
Kèlkeswa rezon an, sa gendwa fè w mande tèt ou...
‘Èske m dwe chanje aparans mwen?’
Konsidere sa kèk jèn di.
“Ou pap ka toujou chanje sa w pa renmen lakay ou. Donk, li pi bon pou w aksepte defo w. Si w fè sa, ap gen mwens chans pou lòt moun remake yo.” — Rori.
“Fè tout sa w kapab pou w an sante. Si w an sante, aparans ou ap egzakteman jan w vle l ye a. E si yon moun pa apresye w pou sa w ye (paske l plis wè aparans ou), konnen l pa ka zanmi w.” — Olivia.
Sa w dwe sonje: Fè tout sa w kapab pou w aranje w pi bon fason an. Men, pa enkyete w pou rès la. Lè w bay tèt ou twòp pwoblèm pou aparans ou, sa ka met lavi w an danje. (Gade “Istwa Julia”.)
Yon lòt bò, yon pwennvi ekilibre ap ede w wè tèt ou yon fason reyalis menm jan yon jèn fi ki rele Erin te aprann sa. Men sa l di: “Se sèten m yon ti jan konplekse, men, m remake se sèlman lè m ret konsantre sou defo m yo m santi m pa byen. Kounye a, m jis fè egzèsis regilyèman e m byen manje. Rès la pran plas li poukont li.”
Pi bon chanjman w ka fè!
Lè w gen yon pwennvi ekilibre sou aparans ou, w ap santi w (e w ap menm parèt) pi byen. Bib la ka ede w. Li ankouraje w travay pwen ki vin apre yo:
Aprann kontante w. “Pito ou kontan ak sa ou genyen pase pou ou toujou anvi sa ou pa genyen. Sa pa vo anyen, sa pa rapòte anyen.” — Eklezyas 6:9, Bib La.
Yon pwennvi ekilibre sou egzèsis. “Egzèsis fizik itil pou yon tikras bagay.” — 1 Timote 4:8.
Bèl kalite. “Lòm wè sa je l ba li, men Jewova li menm, li wè sa k nan kè yon moun.” — 1 Samyèl 16:7.
“Vizaj nou montre sa n panse de tèt nou. Lè yon moun renmen tèt li, lòt moun ka wè sa e y ap santi yo atire anvè moun sa a otomatikman.” — Sarah.
“Bote w ka atire atansyon lòt moun byen vit. Men, se sitou moun ou ye pa anndan an ansanm ak bèl kalite w genyen yo lòt moun pral sonje plis de ou.” — Phylicia.
Gade tou: Pwovèb 11:22; Kolosyen 3:10, 12; 1 Pyè 3:3, 4.