Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki enpòtans sa genyen pou w popilè sou Entènèt?

Ki enpòtans sa genyen pou w popilè sou Entènèt?

 Men sa yon jèn ki rele Elaine di: “Lè m te aprann gen nan kamarad lekòl mwen yo ki te gen plizyè santèn zanmi sou rezo sosyal, m te panse: ‘Waw! Yo vrèman popilè!’ Pou m di laverite, m te yon ti jan jalou.”

 Èske w janm santi w konsa? Si repons lan se wi, atik sa a ka ede w evite tantasyon ki genyen nan chèche vin popilè sou rezo sosyal.

 Ki danje sa gen ladan l?

 Men sa Bib la di nan Pwovèb 22:11: “Pito yon moun chwazi gen bon repitasyon olye l chwazi gen anpil richès.” Donk, li nòmal pou n vle gen yon bon repitasyon, oswa pou n vle lòt moun renmen n.

 Poutan, gen moun ki konn nonsèlman vle pou lòt moun renmen yo, yo konn pa santi yo byen si yo pa popilè. Èske gen danje nan sa? Onya, ki gen 16 an, t ap reponn wi:

 “M konn wè kèk elèv fè tout kalite bagay dwòl, tankou vole sot sou yon etaj lekòl la, jis pou yo ka popilè.”

 Gen lòt jèn ki konn menm fè videyo kèk bagay dwòl yo fè epi mete yo sou Entènèt pou yo ka fè jèn parèy yo wè yo. Pa egzanp, gen plizyè adolesan ki te fè yon seri videyo ki montre y ap fè yon bagay moun pa ta dwe janm fè. Yo te filme tèt yo k ap manje ti sachè fab, yon bagay ki se pwazon.

 Men sa Bib la di: “Pa fè anyen nan lide [...] pou fè lwanj tèt nou.” — Filipyen 2:3, Bib la.

 Fè yon ti reflechi:

  •   Ki enpòtans sa genyen pou ou pou w popilè sou rezo sosyal?

  •   Èske w t ap riske sante w oswa lavi w pou w fè jèn parèy ou renmen w?

 “Lòt moun panse yo popilè”

 Se pa tout moun k ap chèche vin popilè ki fè bagay ki danjere. Erica, ki gen 22 an, remake gen kèk moun ki itilize yon lòt teknik:

 “Gen moun ki poste anpil foto pou yo fè lòt moun panse yo gen anpil zanmi e yo toujou ap pase tan ak zanmi sa yo. Sa fè lòt moun panse yo popilè.”

 Cara, ki gen 15 an, di gen moun ki fè espre pa onèt, yon fason pou yo fè lòt moun panse yo popilè:

 “Mwen konn wè moun ki pran foto ki fè parèt yo te nan yon fèt, men an reyalite se lakay yo yo te ye.”

 Matthew, ki gen 22 an, admèt li te fè yon bagay konsa:

 “Mwen te poste yon foto e m te di m mòn Everest, men an reyalite m poko janm ale ann Azi.”

 Men sa Bib la di: “Nou vle konpòte nou yon fason ki dwat nan tout bagay.” — Ebre 13:18.

 Fè yon ti reflechi:

  •   Si w sèvi ak rezo sosyal yo, èske w konn poste bagay ki pa vre yon fason pou w ka vin pi popilè?

  •    Èske foto ak kòmantè ou poste yo montre kiyès ou ye toutbonvre e yo vrèman montre sa k enpòtan nan lavi w?

 Ki enpòtans sa genyen pou w gen anpil “zanmi” oswa anpil “like”?

 Gen anpil moun ki panse pou yo ka popilè sou Entènèt, yo bezwen gen yon pakèt “zanmi”, oswa moun ki suiv yo sou rezo sosyal, ak anpil moun ki “like” oswa ki renmen sa yo poste yo. Matthew, nou te pale de li pi wo a, admèt li te konn santi l konsa:

 “M te konn mande lòt moun: ‘Konbyen zanmi w genyen sou rezo sosyal?’ oswa ‘Ki pi gwo kantite “like” ou janm jwenn pou yon bagay ou te poste?’ Pou m te ka gen plis zanmi, m te konn suiv moun sou rezo sosyal m pa t menm konnen paske m te swete yo t ap vin suiv mwen tou. M te kòmanse vrèman anvi vin popilè e rezo sosyal yo te fè anvi sa a vin pi fò toujou.”

Yon moun k ap chèche vin popilè sou Entènèt tankou yon moun ki manje fridòdòy, okòmansman li kontan men yon tikras tan annapre li grangou ankò.

 Maria, ki gen 25 an, remake gen kèk moun ki detèmine valè yo genyen selon kantite zanmi oswa “like” yo jwenn:

 “Si yon jèn fi poste yon sèlfi e l pa jwenn ase “like”, li panse sa vle di l pa bèl. Sandout, se pa rezon an sa, men gen anpil moun nan sitiyasyon sa a ki ka panse menm jan an. Nan yon sans, se kòmsi y ap bay tèt yo brimad.”

 Men sa Bib la di: “Pinga nou chèche pase pou pi bon, pou nou nan konpetisyon youn ak lòt, e pou youn ap rayi sò lòt.” — Galat 5:26.

 Fè yon ti reflechi:

  •   Si w itilize rezo sosyal yo, èske w remake sa konn fè w konpare tèt ou ak lòt moun?

  •    Èske l pi enpòtan pou ou pou w gen anpil zanmi sou Entènèt oswa pou w chèche gen vrè zanmi ki gen sousi pou ou?