Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan m ka fè fas ak peryòd m ap fòme a?

Ki jan m ka fè fas ak peryòd m ap fòme a?

 “Lè yon tifi ap fòme, se pa yon bagay ki bon pou li ditou. Ou gen doulè, ou santi w sal e w nan konfizyon. Se kòmsi tout sa k gen rapò ak peryòd sa a pa bon menm!” — Oksana.

 “M te apèn kontan epi, nan yon minit, m vin tris anpil. M pa konn si se yon bagay ki nòmal pou gason yo, men, sa te rive m.” — Brian.

 Peryòd yon jèn ap fòme a ka sanble ak lè yon moun sou jwèt ki rele montay ris la: ou kontan toutpandan w pè! Ki jan w ka fè fas ak monte desann sa yo?

 Ki sa peryòd sa ye?

 Yon fason senp, nou ka di peryòd sa a se yon etap nan lavi a ki pèmèt yon jèn grandi. Nan peryòd sa a, gen anpil chanjman fizik ki pral fèt nan kò l byen rapid e òmòn li yo ap chanje yon fason pou prepare l pou l fè pitit.

 Nòmalman, sa pa vle di li pare pou l vin paran. Men, peryòd sa a se yon siy ki montre l kite kad timoun nan, yon bagay ki ka fè l ni tris ni enpasyan anmenmtan.

 Yon ti tès: Selon ou menm, a ki laj ou panse l nòmal pou yon moun kòmanse fòme?

  • 8 an

  • 9 an

  • 10 an

  • 11 an

  • 12 an

  • 13 an

  • 14 an

  • 15 an

  • 16 an

 Repons: Yon moun ka kòmanse fòme nan tout laj sa yo.

 Kidonk, ou pa bezwen bay tèt ou pwoblèm si w ta wè w prèske nan mitan adolesans ou e w poko kòmanse pwosesis sa a, oswa, si w ta wè w poko menm nan adolesans e w gentan kòmanse fòme. Peryòd moun ap fòme a gen pwòp kalandriye byolojik pa l, yon bagay ou pa gen kontwòl sou li.

Menm jan ak jwèt ki rele montay ris la, ou ka ni kontan ni pè nan peryòd w ap fòme a. Men, ou kapab aprann jere pwoblèm yo.

 Chanjman nan domèn fizik

 Petèt chanjman ki plis vizib lè yon moun ap fòme se fason moun sa a ap grandi byen vit la. Men, pwoblèm nan sèke se pa tout pati nan kò w k ap grandi nan menm vitès la. Donk, pa sezi si w ta wè w parèt yon ti jan maladwa nan fason w bouje. Ou met gen asirans tout bagay ap vin ekilibre pi devan.

 Gen anpil lòt chanjman fizik ki fèt lè yon moun ap fòme.

 Lè yon ti gason ap fòme:

  •   Ògàn seksyèl li vin pi gwo.

  •   Li vin gen plim anba bra l ak devan l e l vin gen bab.

  •   Vwa l vin chanje.

  •   Li antre ann ereksyon san l pa vle e l ap ejakile sou li lannuit.

 Lè yon tifi ap fòme:

  •   Tete l kòmanse soti.

  •   Li vin gen plim anba bra l ak devan l.

  •   Li vin gen règ.

 Kit se lakay ti gason kit se lakay tifi:

  •   Kò yo vin gen odè akoz swe ak bakteri.

     Yon konsèy: Ou ka kontwole odè kò w lè w benyen souvan ak lè w sèvi ak deyodoran.

  •   Yo vin gen bouton akoz bakteri ki nan glann sebase yo.

     Yon konsèy: Menmsi l pa fasil pou w anpeche bouton leve sou ou, si w sèvi ak yon savon espesyal pou w lave figi w souvan, sa ka ede w.

 Chanjman nan domèn afektif

 Piske òmòn yo, ki lakòz ou chanje fizikman, ap chanje byen vit, sa ka fè w santi w boulvèse anpil. Ou ka menm ap chanje konpòtman byen vit.

 “Yon jou w tonbe kriye epi nan demen tout bagay anfòm. Ou santi w an kòlè epi, yon minit annapre, ou santi w deprime epi w al fèmen kò w nan chanm ou.” — Oksana.

 Gen anpil jèn, pandan yo nan peryòd sa a, ki santi yo timid anpil. Yo santi se kòmsi tout moun ap veye yo e yo vle jije yo. Anplis de sa, piske aparans yo ap chanje, sa pa ede yo ditou!

 “Lè m te kòmanse grandi, m te konn fè espre pa kanpe dwat e m te konn met yon seri gwo kòsaj. Menmsi m konnen kò m t ap chanje, m te vrèman santi m malalèz. M pa t santi m natirèl.” — Janice

 Petèt pi gwo chanjman nan domèn afektif la se fason w pral konsidere moun ki pa menm sèks avè w.

 “M te sispann panse se tout gason ki annuiyan. M te kòmanse santi gen kèk nan yo ki atire m e sanble ide pou m tonbe damou an pa t yon vye bagay pase sa. Anfèt, sijè konvèsasyon ki te vin alamòd pou mwen se: ‘Kiyès ki renmen kiyès.’” — Alexis.

 Gen kèk jèn, pandan y ap fòme, ki santi yo atire anvè lòt moun ki gen menm sèks ak yo. Si sa rive w, pa kouri panse w se omoseksyèl. Nan pifò ka, santiman sa yo konn disparèt avèk letan.

 “Piske m te konn konpare tèt mwen ak lòt ti mesye yo souvan, m te kòmanse santi yo atire m. Se sèlman apre adolesans mwen m te kòmanse santi ti medam yo atire m. Kounye a, anvi renmen ak gason an se jis yon bagay mwen kite dèyè.” — Alan.

 Sa w ka fè

  •    Eseye adopte yon pwennvi pozitif. Sa klè, peryòd w ap fòme a se yon peryòd ki pral pote yon seri chanjman fizik ak afektif ki nesesè lakay ou. Ou ka menm vin di pawòl salmis David te ekri yo ki di: “Ou fè m yon fason ki estrawòdinè.” — Sòm 139:14.

  •   Evite konpare tèt ou ak lòt moun, epi reziste kont anvi pou w ret ap reflechi sou aparans fizik ou. Bib la di: “Lòm wè sa je l ba li, men Jewova li menm, li wè sa k nan kè yon moun.” — 1 Samyèl 16:7.

  •   Fè bonjan egzèsis epi pran bonjan repo. Lè w dòmi ase, sa ap ede w vin mwens an kòlè, strese mwens epi deprime mwens lè w leve.

  •   Lite pou w pa pran tout panse negatif oserye. Èske tout moun ap veye w vre? Menmsi gen moun ki fè remak sou fason w ap grandi a, pa ret konsantre sou sa. Bib la di: “Pinga w pran tout pawòl moun di oserye.” — Eklezyas 7:21.

  •   Aprann kontwole dezi seksyèl ou yo yon fason pou w pa kite yo pran pye sou ou. Bib la di: “Kouri pou imoralite seksyèl. [...] Yon moun k ap fè imoralite seksyèl peche kont pwòp kò li.” — 1 Korentyen 6:18.

  •   Pale ak youn nan paran w yo oswa ak yon moun ki pi gran pase w ou fè konfyans. Se vre w ka santi w malalèz okòmansman. Men, sa vo lapenn piske w ap jwenn èd. — Pwovèb 17:17.

 Sa w dwe sonje: Peryòd w ap fòme a gen kont difikilte l. Sepandan, li ba w yon bèl posiblite pou w grandi nonsèlman nan domèn fizik, men tou, nan domèn mantal, afektif ak espirityèl. — 1 Samyèl 2:26.