Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan m ka fè fas ak trajedi?

Ki jan m ka fè fas ak trajedi?

 Yon trajedi, yon malè ka frape nenpòt moun. Bib la fè konnen: “Se pa ni moun ki rapid yo ki toujou genyen kous la, ni moun ki gen fòs yo ki genyen batay la, [...] paske move moman ak malè rive sou yo tout sanzatann.” (Eklezyas 9:11). Pawòl sa yo konsène jèn ki rankontre sitiyasyon difisil yo tou. Ki jan yo fè fas ak trajedi sa yo? Ann egzamine de egzanp.

 REBEKAH

 Papa m ak manman m te divòse lè m te gen 14 an.

 M te di tèt mwen papa m ak manman m pap divòse vre, m panse papa m jis bezwen yon ti tan pou l reflechi. Li renmen manman m, poukisa pou l ta kite l? Poukisa pou l ta kite m?

 Li pa t fasil ditou pou m pale sou sa ak kèlkeswa moun nan. M pa t vle reflechi sou sa. M te an kòlè, byenke nan moman an mwen pa t rann mwen kont de sa. M te kòmanse gen gwo enkyetid k ap toumante m e m te vin gen pwoblèm somèy.

 Lè m te gen 19 an, yon kansè te pote manman m ale. Manman m se te pi bon zanmi m.

 Lè papa m ak manman m te divòse, se te yon gwo chòk pou mwen. Men, lanmò manman m te kraze m nèt. Mwen nan lapenn jiskaprezan. M vin plis pa ka dòmi e mwen kontinye gen anpil enkyetid.

 Anmenmtan, mwen jwenn plizyè bagay ki ede m. Pa egzanp, Pwovèb 18:1 fè n konnen nou dwe evite met kò n apa, donk, mwen eseye suiv konsèy sa a.

 Mete sou sa, antanke Temwen Jewova, mwen chèche li piblikasyon nou yo ki baze sou Bib la e ki trè ankourajan. Yon piblikasyon ki te ede m nan peryòd papa m ak manman m te divòse a se liv Les jeunes s’interrogent — Réponses pratiques la. Youn nan chapit mwen te li ki te vrèman ede m se yon chapit ki nan 2yèm volim nan ki gen tit: “Puis-je être heureux dans une famille monoparentale?

 Youn nan gwoup vèsè mwen renmen ki pèmèt mwen fè fas ak enkyetid mwen se Matye 6:25-34. Nan vèsè 27 la, Jezi te mande: “Kiyès nan nou, lefètke l ap bay tèt li pwoblèm, ki ka mete menm yon yota sou longè lavi l?”

 Move bagay ka rive nou tout, men, grasa egzanp manman m, mwen te aprann sa ki pi enpòtan se fason nou fè fas ak eprèv nou yo. Li te soufri anpil akoz divòs la ansanm ak maladi l te fè a ki pa t gen gerizon, men li te toujou kenbe yon etadespri pozitif, e lafwa l nan Bondye te rete djanm jiska lafen. Mwen pap janm bliye tout sa li te aprann mwen sou Jewova.

 Fè yon ti reflechi: Lè w li Bib la ak piblikasyon ki baze sou Bib la, ki jan sa ka ede w fè fas ak trajedi oswa malè? – Sòm 94:19.

 CORDELL

 Lè m te gen 17 an, mwen te wè papa m rann dènye souf li. Pèdi papa m se pi move bagay ki te ka rive nan lavi m. Sa te kraze m nèt.

 Mwen pa t ka kwè li mouri toutbonvre. Lè yo te fin kouvri kò a, pou mwen menm se pa t papa m vre ki te anba dra a. M te di tèt mwen: ‘L ap leve demen.’ M te santi yon gwo vid nan lavi m e m te santi m debousole.

 Mwen menm ak fanmi m se Temwen Jewova. Lè papa m te mouri a, frè ak sè yo nan kongregasyon nou an te soutni nou anpil. Yo te konn pote manje pou nou, yo te konn rete avèk nou e yo te toujou bò kote nou, pa sèlman pou yon ti tan men pandan yon bon bout tan. Pou mwen, fason yo te soutni nou an se te prèv ki montre Temwen Jewova yo se vrè kretyen. — Jan 13:35.

 Yon vèsè ki te vrèman ankouraje m se 2 Korentyen 4:17, 18. Li di: “Byenke tribilasyon an la pou yon ti tan e li lejè, rezilta li ban nou, se yon glwa k ap ogmante chak jou e ki la pou toutan, toutpandan n ap kite je nou fikse sou bagay moun pa wè, men nou pap kite l fikse sou bagay moun wè. Paske, bagay moun wè yo la pou yon ti tan, men bagay moun pa wè yo la pou toutan.”

 Vèsè 18 la te yon gwo fòs pou mwen. Soufrans papa m nan te pou yon ti tan, men pwomès Bondye fè konsènan lavni yo la pou toutan. Lanmò papa m te ban m okazyon pou m reflechi sou fason m ap itilize lavi m e l te ede m fè ajisteman nan objektif mwen yo.

 Fè yon ti reflechi: Lè yon trajedi oswa yon malè frape w pèsonèlman, ki jan sa ka ede w reegzamine objektif ou fikse nan lavi a? — 1 Jan 2:17.