Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan Bib la kapab ede m? — 3yèm pati: Pi byen pwofite lekti Labib ou

Ki jan Bib la kapab ede m? — 3yèm pati: Pi byen pwofite lekti Labib ou

 Lè w ouvri Bib la, w ap wè yon pakèt mo. Pa kite sa fè w dekouraje! Men pito, panse ak Bib la tankou yon tab kote yo mete anpil kalite manje. Ou pa ka manje tout sa w wè yo. Men ou kapab chwazi yon kantite k ap plen vant ou.

 Pou w byen pwofite lekti Labib ou, w ap bezwen konsantre sou sa w ap li a. Atik sa a ap ede w fè sa.

Nan atik sa a

 Poukisa w dwe konsantre sou sa w ap li a?

 Plis ou fè efò lè w ap li Bib la, se plis w ap pi byen pwofite l. Ann pran yon egzanp: Si w ap fè yon ti te, si w annik mete fèy la nan dlo cho a epi w retire l, te a ap gen yon ti gou. Men, si w kite fèy la nan dlo a pandan yon bon ti tan, te a ap pi gou.

 Se menm bagay la pou lekti Labib. Olye w annik li Bib la byen vit ou fini, pran tan pou w reflechi sou sa w ap li a. Se sa moun ki te ekri Sòm 119 la te fè. Men sa l te di anrapò ak lwa Bondye a: “Mwen reflechi sou yo tout lajounen.” — Sòm 119:97.

 Sa pa vle di ou oblije pran tout yon jounen pou w fè lektiLabib e pou w reflechi sou sa w li a. Sa l vle di sèke li te pran tan pou l reflechi sou Pawòl Bondye a. E sa te ede l pran bon desizyon. — Sòm 119:98-100.

 “Yon lè manman m te di m: ‘Gen sèt jou nan semèn nan, e w fè anpil bagay pou tèt ou pandan tan sa a. Sa t ap bon si w ta bay Jewova yon ti tan, sa w panse?’” — Melanie.

 Lè w reflechi sou prensip ki nan Bib la, l ap pi fasil pou w pran bon desizyon. Pa egzanp, w ap pran bon desizyon lè w ap chwazi zanmi oswa lè w jwenn tantasyon pou w fè yon move bagay.

 Ki jan w ka pi byen pwofite lekti Labib w ap fè a?

  •   Fè yon pwogram. Men sa yon jèn fi ki rele Julia di: “Fè yon pwogram pou w li Bib la. Pwograme sa w pral li, ki lè w ap li l e ki kote w ap li l.”

  •   Byen chwazi anviwònman an. Gianna, yon jèn fi, di: “Chèche yon kote ki trankil. Epi, fè lòt moun nan fanmi w konnen nan ki moman w ap li Labib, konsa yo pap deranje w.”

     Si w ap sèvi ak yon aparèy elektwonik, fèmen tout notifikasyon yo. Ou te ka menm eseye sèvi ak yon Bib enprime pito. Anfèt, gen rechèch yo fè ki montre lè yon moun sèvi ak yon liv enprime sa ede l pi byen konprann. Alòske, li ka vrèman difisil pou w konsantre toutbon lè w ap li sou yon ekran.

     “Mwen twouve l difisil pou m li sou ekran. Se swa notifikasyon toujou ap monte swa aparèy la dechaje oswa Entènèt la tonbe. Lè m gen yon liv, tout sa m bezwen se yon kote ki gen ase ekleraj.” — Elena.

  •   Priye anvan. Mande Jewova pou l ede w konprann, ede w sonje e ede w byen pwofite pati w pral li nan Bib la. — Jak 1:5.

     Pou w montre Jewova ou vrèman vle sa w te mande l nan priyè a, byen fouye nan istwa w ap li a. Ki jan w ka fè sa? Si w ap sèvi ak aplikasyon JW Library a oswa si se sou Entènèt w ap li Bib la, ou ka klike sou yon vèsè pou w jwenn lòt enfòmasyon oswa atik ki pale de li.

  •   Poze tèt ou kesyon. Pa egzanp, mande tèt ou: ‘Ki sa istwa sa a aprann mwen sou Jewova? Èske l pale sou yon kalite l mwen ka imite?’ (Efezyen 5:1). ‘Ki leson mwen jwenn nan istwa sa a mwen ka aplike nan lavi m?’ (Sòm 119:105). ‘Èske m ka sèvi ak sa m sot li a pou m ede lòt moun yon fason oswa yon lòt?’ — Women 1:11.

     Epitou, mande tèt ou: ‘Ki rapò sa m sot li a genyen ak tèm Bib la?’ Kesyon sa a enpòtan. Sa k fè sa? Rezon an se paske tout sa ki nan Bib la, soti Jenèz rive Revelasyon, gen yon rapò ak tèm prensipal la: Fason Jewova pral fè non l vin sen pa mwayen Wayòm nan ki nan syèl la, fason li pral pwouve li gen dwa pou l dirije e se fason li dirije a ki pi bon.