Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan m ka chwazi yon moun kòm egzanp?

Ki jan m ka chwazi yon moun kòm egzanp?

 “Lè m te jwenn pwoblèm nan lekòl mwen, m te panse ak yon moun mwen apresye ki te jwenn menm pwoblèm nan, e sa te ede m. Ansuit, mwen te fè efò pou m suiv egzanp li. Lefètke m te gen yon moun kòm egzanp, sa te fè l pi fasil pou m pase moman difisil yo.” — Haley.

 Lè w gen yon moun kòm egzanp sa ka ede w evite pwoblèm e atenn objektif ou. Sa k enpòtan se chwazi yon bon egzanp.

 Poukisa m dwe byen chwazi?

  •   Moun ou chwazi kòm egzanp yo ap gen enfliyans sou fason w aji.

     Labib ankouraje kretyen yo suiv moun ki bay bon egzanp yo, men sa l di: “Pandan n ap egzamine rezilta konduit yo, imite lafwa yo.” — Ebre 13:7.

     Men yon ide: Piske moun ou chwazi kòm egzanp yo ap gen swa bon enfliyans, swa move enfliyans sou ou, chwazi moun ki vrèman gen bèl kalite, pa jis chwazi moun ki popilè oswa moun ki gen apeprè menm laj avè w.

     “M te aprann anpil bagay nan suiv yon lòt kretyen ki te rele Adan, m te aprann anpil bagay ni nan fason l wè bagay yo, ni nan konpòtman l an jeneral. M sezi lè m wè jan m sonje kèk bagay byen presi sou sa l konn di e sou sa l konn fè. Li pa konn jan l te gen bon efè sou mwen.” — Colin.

  •   Moun ou chwazi kòm egzanp yo ap gen efè sou panse w ak santiman w.

     Labib di: “Pinga nou twonpe tèt nou. Move frekantasyon fè moun pèdi bon abitid yo genyen.” — 1 Korentyen 15:33.

     Ide: Chwazi yon moun ki gen bèl kalite, li pa oblije yon moun ki gen twò bèl aparans. Si se sa, ou ka vin santi w desi de tèt ou.

     “Si toutan w ap konpare tèt ou ak vedèt ki gen bèl aparans, sa ka fè w santi w piti e sa ka fè w santi w lèd. E sa ap fè w toujou ap panse ak aparans ou.” — Tamara.

     Fè yon ti reflechi: Poukisa se t ap yon pyèj pou w chwazi yon moun ki popilè oswa yon atlèt pou egzanp?

  •   Moun ou chwazi kòm egzanp lan ka swa ede w atenn objektif ou, swa fè w pa atenn li.

     Labib fè konnen: “Moun ki mache ak moun ki gen sajès ap vin gen sajès.” — Pwovèb 13:20.

     Ide: Chwazi kòm egzanp moun ki gen bèl kalite ou vle genyen yo. Pandan w ap gade jan yo montre kalite sa yo, w ap aprann ki jan ou menm ou tou ou ka vin genyen kalite sa yo.

     “Olye pou w annik di ‘m ta renmen vin pi responsab’ ou kapab di pito, ‘M vle vin pi responsab menm jan ak Jàn. Li toujou rive alè e li toujou fè travay yo ba li fè yo byen.’” — Miriam.

     Sa w dwe sonje: Lè w chwazi kòm egzanp yon bon moun, sa ap ede w gen kontwòl sou ki jan de moun w ap ye pi devan.

Suiv yon bon egzanp ap ede w atenn objektif ou pi vit!

 Fason pou m chwazi

 Gen de fason ou kapab chwazi yon moun kòm egzanp.

  1.   Ou kapab chwazi yon kalite ou ta renmen genyen, epi w chèche yon moun ou apresye ki gen kalite sa a.

  2.   Ou kapab chwazi yon moun ou apresye epi w chwazi yon kalite moun sa genyen ou ta renmen genyen tou.

 Fich aktivite ki nan atik sa a kapab ede w fè sa.

 Ou kapab chwazi:

  •  Moun ki jèn menm jan avè w. “M ta renmen menm jan ak pi bon zanmi m nan. Li pa janm twò okipe pou l prete atansyon ak lòt moun. Li pi jèn pase m, men li gen kèk kalite mwen pa genyen. Se sa k fè m vle suiv egzanp li.” — Miriam.

  •  Moun ki granmoun. Se kapab paran w oubyen lòt moun ki gen menm kwayans avè w. “Pa gen dout nan sa, paran m yo se egzanp mwen. Yo gen anpil bèl kalite. Se vre m wè defo yo genyen men m wè tou, jan yo kontinye rete fidèl malgre sa. Lè m gran, m ta renmen moun di menm bagay la pou mwen.” — Annette.

  •  Moun ki nan Bib la. “M te chwazi plizyè moun kòm egzanp nan Bib la: Timote, Rit, Jòb, Pyè, tifi izrayelit la. Yo chak pou yon rezon. Plis m ap aprann sou moun nan Bib la, se plis yo vin reyèl pou mwen. M te vrèman pran plezi etidye istwa ki nan liv Annou imite lafwa yo, avèk ‘Lis egzanp’ nou jwenn ni nan volim 1 ak volim 2 liv Bonjan repons pou kesyon jèn yo konn poze.” — Melinda.

 Ide: Ou kapab chwazi plizyè moun kòm egzanp. Apot Pòl te di kretyen yo: “Kite je nou fikse sou moun k ap mache yon fason ki ann amoni ak egzanp nou ban nou an.” — Filipyen 3:17.

 Èske w te konnen? Ou kapab yon egzanp pou yon lòt moun! Bib la di: “Se pou w vin yon egzanp pou moun ki fidèl yo, nan pawòl ou, nan konduit ou, nan lanmou w, nan lafwa w ak nan vi pwòp w ap mennen an.” — 1 Timote 4:12.

 “Menm lè ou gen pwogrè pou w fè toujou nan pèsonalite w, ou ka toujou ede lòt moun vin gen bon kalite. Ou pa janm konnen ki moun k ap suiv ou, e w pa janm konnen ki jan pawòl ou kapab chanje lavi yon moun.” — Kiana.