Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan m ka adapte m ak kèlkeswa chanjman an?

Ki jan m ka adapte m ak kèlkeswa chanjman an?

 Jis nan ki pwen ou menm ou konn adapte w ak kèlkeswa chanjman an? Èske w ap soufri akoz…

  •   yon moun pa w ki mouri?

  •   yon maladi ou gen depi lontan?

  •   yon katastwòf natirèl?

 Moun k ap fè rechèch yo fè konnen se pa sèlman gwo chanjman ki mande pou nou konn adapte nou. Menm strès lavi n ap mennen chak jou a pote ka gen efè sou sante nou. Se sa k fè li enpòtan pou nou aprann adapte nou ak kèlkeswa chanjman an, kit li piti kit li gwo.

 Ki lè w ka di yon moun konn adapte l?

 Yon moun ki konn adapte l se yon moun ki gen kapasite pou l byen fè fas ak chanjman e ak pwoblèm ki gen nan lavi a. Yon moun konsa konn jwenn pwoblèm menm jan ak tout moun. Men, li rive fè fas avèk yo, e malgre efè negatif yo ka genyen sou li, li ka menm vin pi djanm pase anvan.

Menm jan kèk pyebwa pliye lè gen tanpèt e yo kanpe ankò apre van an fin soufle, ou menm tou, ou ka reprann ou apre eprèv yo fin pase.

 Poukisa w bezwen konn adapte w?

  •   Paske tout moun jwenn pwoblèm. Bib la di: “Se pa ni moun ki rapid yo ki toujou genyen kous la [...], ni moun ki gen konesans yo ki toujou reyisi, paske move moman ak malè rive sou yo tout sanzatann”. (Eklezyas 9:11.) Ki sa nou aprann? Menm bon moun soufri, e souvan se pa paske yo te fè yon move bagay.

  •   Paske lè w konn adapte w, sa pwoteje w. Men sa yon konseye nan lekòl segondè di: “Gen plis elèv pase anvan ki vin nan biwo m ki fache anpil, oswa ki pa ka kontwole emosyon yo, jis paske yo ba yo move nòt nan yon egzamen oswa paske moun di move bagay sou yo sou rezo sosyal.” Li di menm nan sitiyasyon sa yo ki sanble pa gen twòp enpòtans, lè yon moun pa gen kapasite pou l adapte l, sa ka lakòz “yon seri pwoblèm mantal ak emosyonèl”. a

  •   Paske lè w konn adapte w, sa ap ede w ni kounye a, ni lè w vin gran. Men sa doktè Richard Lerner fè konnen anrapò ak lè yon moun pa jwenn sa l t ap atann: “Youn nan bagay ki montre yon moun reyisi e l akonpli anpil bagay, se lè l pa kite sitiyasyon kote l pa jwenn sa l t ap atann kraze l, men, li fikse nouvo objektif oswa li chèche lòt fason pou l reyalize objektif li te fikse a.” b

 Ki sa w ka fè pou w aprann adapte w?

  •   Gade si pwoblèm nan vrèman grav. Aprann fè diferans ant gwo pwoblèm ak ti pwoblèm. Bib la di: “ Yon moun ki sòt montre l pa kontan lapoula, men, lè yo manke moun ki gen lespri a dega, li pase sou sa.” (Pwovèb 12:16). Se pa tout pwoblèm pou w kite plen tèt ou.

     “Nan lekòl la, timoun yo plenyen yon fason egzajere pou tout ti pwoblèm. Apre sa, yo chèche konn sa zanmi yo ki sou rezo sosyal yo panse sou sa, sa vin fè bagay yo parèt pi grav toujou. Konsa, li vin pi difisil pou yo rive wè si pwoblèm yo vrèman grav oubyen si yo pa grav.” — Joanne.

  •   Aprann nan men lòt moun. Gen yon pwovèb nan Bib la ki di: “Menm jan fè file fè, se konsa tou yon moun ka ede yon zanmi l vin pi bon.” (Pwovèb 27:17). Nou ka aprann anpil bagay nan men moun ki te deja pase moman difisil nan lavi yo.

     “Tank w ap pale ak lòt moun, se tank w ap vin rann ou kont yo te pase anba anpil difikilte nan lavi yo, men kounye a, yo anfòm. Mande yo ki sa yo te fè oswa ki sa yo pa t fè pou yo te rive fè fas ak difikilte sa yo.” — Julia.

  •   Chèche gen pasyans. Men sa Bib la di: “Paske, moun ki jis la ka tonbe sèt fwa, men l ap leve ankò.” (Pwovèb 24:16). Sa pran tan pou w aksepte bagay yo jan yo ye a, donk ou pa bezwen sezi si w gen moman kote w tris. Sa ki pi enpòtan an, se pou w “leve ankò”.

     “Lè yon moun anba pwoblèm, sa gen yon gwo efè sou santiman l ak mantal li. Sa ap pran tan pou l tounen nan nòmal li. Mwen vin konprann tank tan ap pase, se tank bagay yo vin mwen difisil e w ap santi w pi byen.” — Andrea.

  •   Aprann gen rekonesans. Bib la di: “Montre nou gen rekonesans.” (Kolosyen 3:15). Kèlkeswa jan pwoblèm w ap fè fas la difisil, w ap toujou jwenn bagay ou ka gen rekonesans pou yo. Reflechi sou twa bagay ki fè lavi w gen yon sans.

     “Lè w ap rankontre difikilte, li difisil pou w pa mande tèt ou: ‘Poukisa se mwen sa rive?’ Pou yon moun konn adapte l sa mande pou l pa ret ap reflechi sou pwoblèm yo, men pou l chwazi ret pozitif epi montre li gen rekonesans pou sa l genyen oswa sa l kapab fè.” — Samantha.

  •   Aprann kontante w. Apot Pòl te di: “Mwen aprann kontante m nan kèlkeswa sitiyasyon m ye.” (Filipyen 4:11). Pòl pa t ka anpeche move bagay rive l. Men li te ka kontwole fason l t ap reyaji. Li te detèmine pou l aprann kontante l.

     “Yon bagay mwen te vin rann mwen kont sèke premye reyaksyon m genyen lè yon move bagay rive se pa toujou pi bon reyaksyon an. Objektif mwen se pou m travay pou m gen yon atitid ki pozitif devan nenpòt sitiyasyon. Se pa pou mwen sèlman sa ap bon, sa ap bon tou pou moun ki bò kote m.” — Matthew.

  •   Priye. Bib la di: “Lage chay ou sou Jewova, l ap soutni w. Li pap janm kite moun ki jis la tonbe.” (Sòm 55:22). Lapriyè se pa yon bagay ou fè jis pou w santi w pi byen. Se yon kominikasyon reyèl nou gen ak Kreyatè nou an ki “gen sousi pou nou”. — 1 Pyè 5:7.

     “M pa oblije fè fas ak pwoblèm yo poukont mwen. Lè m vide kè m bay Jewova, lè m di l tout pwoblèm mwen genyen e mwen di l mèsi pou benediksyon li ban mwen, sa ede m bliye santiman negatif mwen yo. Paske lè konsa, mwen ret konsantre sou benediksyon Jewova ban mwen yo. Lapriyè vrèman enpòtan!” — Carlos.

a Dapre liv Disconnected, se Thomas Kersting ki ekri l.

b Dapre liv The Good Teen—Rescuing Adolescence From the Myths of the Storm and Stress Years.