Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Kreyasyon oswa evolisyon? — 1ye pati: Poukisa m kwè nan Bondye?

Kreyasyon oswa evolisyon? — 1ye pati: Poukisa m kwè nan Bondye?

 Kreyasyon oswa evolisyon?

 Èske w kwè se Bondye ki kreye tout bagay? Si se wi, konnen se pa ou menm sèl. Gen anpil jèn (ak moun aje) ki kwè sa tou. Men, gen lòt moun ki fè konnen lavi ak linivè te vin parèt san èd yon “Èt Siprèm”.

 Èske w te konnen? Byen souvan, ni moun ki kwè nan kreyasyon ni moun ki kwè nan evolisyon konn kouri di nan ki sa yo kwè san yo pa menm vrèman konn rezon ki fè yo kwè ladan l.

  •   Gen kèk moun ki kwè nan kreyasyon tou senpleman paske se sa yo anseye yo legliz.

  •   Gen anpil lòt ki kwè nan evolisyon tou senpleman paske se sa yo anseye yo lekòl.

 Seri atik sa yo pral ede w ranfòse kwayans ou nan kreyasyon an e y ap ede w esplike rezon ki fè w kwè nan kreyasyon an. Men, anvan sa, ou bezwen poze tèt ou kesyon enpòtan sa a:

 Poukisa m kwè nan Bondye?

 Poukisa kesyon sa a enpòtan? Se paske Bib la ankouraje n sèvi ak “kapasite nou genyen pou nou rezone” a (Women 12:1). Sa vle di kwayans ou nan Bondye pa dwe jis baze tou senpleman sou

  •  sa w santi: (M jis santi dwe gen yon fòs pisan ki egziste.)

  •  enfliyans lòt moun: (M ap viv nan yon kominote relijye.)

  •  presyon y ap fè sou ou: (Paran m aprann mwen pou m kwè nan Bondye. M pa gen chwa.)

 Olye de sa, ou dwe konvenk tèt ou pèsonèlman Bondye egziste e w dwe gen bonjan rezon pou sa w kwè yo.

 Donk, ki sa k fè w kwè Bondye egziste? Fich aktivite a “Poukisa m kwè nan Bondye?” a ap fè w vin gen plis konviksyon. Ou ka twouve l enpòtan tou pou w egzamine fason kèk lòt jèn te reponn kesyon sa a.

 “Nan klas la, lè m ap koute pwofesè a k ap esplike fason kò nou fonksyone, m pa gen okenn dout nan lespri m Bondye egziste. Chak pati nan kò nou gen pwòp fonksyon pa l, chak ti detay enpòtan. E byen souvan, tout bagay ap fonksyone san nou pa menm rann nou kont. Vrèmanvre, kò nou fèt yon fason estrawòdinè!” — Teresa.

 “Lè m wè yon gwo kay plizyè etaj, yon gwo bato ki konn pot touris oswa yon machin, m di tèt mwen: ‘Kiyès ki konstwi bagay sa a?’ Pa egzanp, fòk gen yon moun entèlijan ki pou fè yon machin paske gen anpil ti pyès yo dwe met ansanm pou tout bagay fonksyone. Si yon machin gen yon moun ki fè l, dwe gen yon moun ki fè lèzòm tou.” — Richard.

 “Lè w konprann jan sa pran moun ki pi entèlijan yo plizyè milye ane anvan menm yo rive konprann yon ti bagay toupiti sou linivè, w ap rann ou kont jan yon moun dwe fou anpil pou l panse pa gen okenn moun entèlijan ki kreye linivè sa a.” — Karen.

 “Plis mwen etidye lasyans, se plis mwen pa kwè nan evolisyon. Pa egzanp, m te reflechi ak presizyon matematik ki gen nan lanati ansanm ak sa k pèmèt lèzòm espesyal, san wete bezwen nou genyen pou n konn kiyès nou ye, kote n soti ak kote n prale. Teyori evolisyon an eseye esplike tout bagay sa yo lè l fè konnen nou soti nan bèt, men, li pa janm rive esplike rezon ki fè lèzòm espesyal konsa. Pou mwen menm, li pi difisil pou yon moun kwè nan evolisyon pase pou l kwè nan yon Kreyatè.” — Anthony.

 Fason m ka esplike kwayans mwen

 Ki sa w ka fè si elèv lekòl ou yo ap pase w nan rizib lefètke w kwè nan yon bagay ou pa ka wè? E si yo di w lasyans bay prèv evolisyon an reyèl?

 Toudabò, ou bezwen gen konfyans nan sa w kwè a. Pa kite yo entimide w oswa pa santi w wont (Women 1:16). Dayè, sonje:

  1.   Ou pa poukont ou; gen anpil moun ki kwè nan Bondye. Pami yo gen moun ki entèlijan anpil e ki se pwofesyonèl. Pa egzanp, gen anpil syantifik ki kwè Bondye egziste.

  2.   Pafwa, lè yon moun di l pa kwè nan Bondye, an reyalite se paske l pa konprann rezon ki fè Bondye aji tèl ou tèl fason. Olye yo vin ak prèv pou defann pwennvi yo genyen an, yo pito soulve kèk kesyon tankou: “Si Bondye egziste, poukisa l pèmèt soufrans?” Anfèt, yo konn fè yon sijè filozofik tounen yon sijè santimantal.

  3.   Lèzòm ‘konsyan yo bezwen Bondye’. (Matye 5:3.) Sa gen ladan l bezwen yo genyen pou yo kwè nan Bondye. Konsa, si yon moun di Bondye pa egziste, se moun nan ki gen responsablite pou l esplike rezon ki fè l kwè sa, se pa ou menm. — Women 1:18-20.

  4.   Li toutafè nòmal pou n kwè nan Bondye. Kwè nan Bondye byen mache ak prèv solid ki montre lavi pa ka parèt poukont li. Pa gen okenn prèv ki ka soutni ide kòmkwa lavi te parèt bridsoukou apati matyè ki san vi.

 Nan ka sa a, ki jan w te ka reponn yon moun ki poze w kesyon sou kwayans ou nan Bondye? Konsidere kèk posiblite.

 Si yon moun di w: “Se moun ki pa edike sèlman ki kwè nan Bondye.”

 Ou gendwa reponn: “Ou kwè sa vre? Pa mwen menm. Anfèt, nan yon ankèt yo te fè, yo te entèwoje plis pase 1 600 pwofesè ki anseye lasyans nan plizyè gwo inivèsite. Gen yon tyè nan yo ki fè konnen yo pa ni ate ni yo pa gen dout sou egzistans Bondye a. Èske w ap di pwofesè sa yo se moun ki pa edike tou senpleman paske yo kwè nan Bondye?”

 Si yon moun di w: “Si Bondye egziste, poukisa gen tout soufrans sa a nan monn nan?”

 Ou gendwa reponn: “Petèt ou vle di w pa konprann fason Bondye aji, oswa nan ka sa a, sanble l pa fè anyen menm. Se sa w vle di? [Kite moun nan reponn.] M te jwenn yon repons ki satisfè m pou kesyon poukisa gen tout soufrans sa a. Men, pou w rive konprann li, ou bezwen egzamine plizyè ansèyman ki nan Bib la. Èske w ta renmen konn plis sou sa?”

 Pwochen atik nan seri sa a pral pale sou rezon ki fè teyori evolisyon an pa bay yon bon repons sou rezon ki fè n egziste.

a Sous: Social Science Research Council, “Relijyon ak Espirityalite pami pwofesè lasyans nan inivèsite yo”, dapre Elaine Howard Ecklund, 5 fevriye 2007 (anglè).