KESYON JÈN YO KONN POZE
Kreyasyon oswa evolisyon? — 3yèm pati: Poukisa pou m kwè nan kreyasyon an?
“Si w kwè nan kreyasyon an, kèk moun ka panse w sòt, ou ret atache ak sa paran w te fè w konnen lè w te toupiti oswa yo fè yon lavaj sèvo pou ou nan relijyon w lan.” — Jeanette.
Èske w santi w menm jan ak Jeanette? Si se wi, petèt ou ka pa fin kwè nan kreyasyon an. Dayè, pèsonn pa ta renmen yo konsidere l kòm moun sòt. Ki sa k ka ede w?
Sa k ka anpeche w kwè
1. Si w kwè nan kreyasyon an, moun ka panse w kont lasyans.
“Pwofesè m nan fè konnen moun ki kwè nan kreyasyon an se moun ki twò parese pou chèche yon esplikasyon sou fason monn nan ap fonksyone.” — Maria.
Sa w dwe konnen: Moun ki fè remak sa yo jis pa konn reyalite a. Gen syantifik ki te gen gwo renome, tankou Galile ak Isaac Newton, ki te kwè nan yon Kreyatè. Sa yo te kwè a pa t an kontradiksyon ak lanmou yo te gen pou lasyans. Menm jan an tou, jodi a, gen syantifik ki pa jwenn okenn kontradiksyon ant lasyans ak kwè nan kreyasyon an.
Eseye sa: Tape ekspresyon “parle de sa foi” (ansanm ak gimè yo) nan bwat rechèch Watchtower BIBLIOTHÈQUE EN LIGNE lan pou w jwenn egzanp moun nan domèn medikal ak lasyans ki aksepte kreyasyon. Note sa k te ede yo rive nan konklizyon sa a.
Sa w dwe sonje: Si w kwè nan kreyasyon an, sa pa vle di w kont lasyans. Anfèt, plis w ap aprann sou lanati se plis w ap kwè nan kreyasyon an. — Women 1:20.
2. Si w kwè nan istwa Bib la rakonte sou kreyasyon an, y ap panse w se fanatik relijyon.
“Gen anpil moun ki panse l rizib pou yon moun kwè nan kreyasyon an. Yo ret kwè sa Bib la rakonte nan liv Jenèz la se yon lejann.” — Jasmine.
Sa w dwe konnen: Byen souvan, moun yo konn mal konprann sa Bib la rakonte sou kreyasyon an. Pa egzanp, gen kreyasyonis ki fè konnen latè pa gen lontan depi l kreye epi lavi te kreye nan sis jou ki dire 24 èdtan. Bib la pa soutni okenn nan ide sa yo.
Yon fason senp, Jenèz 1:1 di: “Okòmansman, Bondye te kreye syèl la ak tè a.” Vèsè sa a pa kontredi prèv lasyans bay ki montre latè gen plizyè milya ane depi l egziste.
Mo “jou” yo itilize nan liv Jenèz la ka fè referans ak yon peryòd tan ki byen long. Anfèt, nan Jenèz 2:4, yo sèvi ak mo “jou” a pou dekri tout sis jou kreyasyon an.
Sa w dwe sonje: Istwa Bib la rakonte sou kreyasyon an ann amoni ak prèv syantifik yo.
Reflechi ak sa w kwè yo
Ou pa bezwen gen yon “lafwa avèg” pou w kwè nan kreyasyon an. Olye de sa, kwayans sa a dwe chita sou yon seri rezònman lojik. Konsidere sa:
Tout eksperyans ou fè nan lavi a aprann ou tout sa k fèt, gen yon moun ki fè l. Lè w wè yon kamera, yon avyon oswa yon kay, lojikman ou di gen yon moun ki fè l. Èske w pa twouve l lojik tou pou w fè menm rezònman sa a lè w wè je yon moun, yon zwazo nan syèl la oswa planèt tè a?
Fè yon ti reflechi: Byen souvan, enjenyè yo konn kopye sa yo wè nan lanati yon fason pou yo amelyore sa yo envante yo, e avèk rezon, yo toujou vle pou lòt moun rekonèt travay yo. Èske l lojik pou n rekonèt envantè yo ak travay yo fè epi pou n fèmen je n sou Kreyatè a ki kreye yon seri bagay ki pi bon lontan?
Zouti k ap ede w egzamine prèv yo
Ou ka chèche vin gen plis konviksyon nan kreyasyon an lè w egzamine prèv ki gen nan lanati yo.
Eseye sa: Tape ekspresyon “ki kote mèvèy sa a soti” a (ansanm ak gimè yo) nan bwat rechèch BIBLIYOTÈK SOU ENTÈNÈT Watchtower a. Chwazi kèk tit ki enterese w nan ribrik “Ki kote mèvèy sa a soti?” ki parèt nan Reveye n! Pou chak atik, idantifye sa ki estrawòdinè nan bagay y ap etidye a. Ki jan sa konvenk ou gen yon Kreyatè?
Fouye pi fon: Sèvi ak bwochi ki vin apre yo pou w jwenn plis detay sou prèv ki nan kreyasyon an.
La vie a-t-elle été créée?
Tè a byen pozisyone l nan lespas e l gen tout sa k nesesè pou lavi egziste. — Gade paj 4-10.
Lanati chaje prèv ki montre gen yon kreyatè. — Gade paj 11-17.
Istwa Bib la rakonte sou kreyasyon an, nan liv Jenèz la, ann amoni ak lasyans. — Gade paj 24-28.
Cinq questions à se poser sur l’origine de la vie
Lavi pa ka annik rete konsa li soti nan yon matyè ki san vi. — Gade paj 4-7.
Òganis vivan yo two konplike pou yo jis rete konsa yo parèt sanzatann. — Gade paj 8-12.
Kapasite ADN nan genyen pou l stoke enfòmasyon depase teknoloji modèn nan. — Gade paj 13-21.
Tout fòm lavi pa soti nan yon sèl zansèt. Fosil yo montre pi gwo gwoup bèt yo te annik parèt bridsoukou, se pa evolye yo te evolye. — Gade paj 22-29.
“Sa k fè m gen plis konviksyon Bondye egziste, se lanati: soti nan bèt k ap viv sou tè a rive jis nan linivè a ak fason l byen òdone.” — Thomas.