Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan m ka pale ak paran m lè yo fikse kèk règ pou m suiv?

Ki jan m ka pale ak paran m lè yo fikse kèk règ pou m suiv?

 “Lè m te gen 15 an, mwen te dakò san pousan ak règ paran m yo te fikse pou m suiv, men kounye a mwen gen 19 an, mwen santi m ta dwe gen plis libète.” — Sylvia.

 Èske w gen menm santiman ak Sylvia? Si se wi, atik sa a pral ede w pale de sitiyasyon an ak paran w yo.

 Sa w dwe konnen

 Anvan w pale ak paran w yo konsènan règ yo fikse pou w suiv yo, reflechi ak sitiyasyon sa yo:

  •  Lavi a pa t ap gen sans si pa t gen règ. Imajine yon wout ki toujou gen machin ap pase ladan l, ki pa gen pano, ki pa gen limyè pou di moun lè pou kanpe ak lè pou avanse, e ki pa gen okenn limit sou vitès chofè yo dwe respekte, ki sa k t ap pase? Menm jan règ sikilasyon la pou met lòd, se konsa tou règ paran yo fikse kapab fè gen bonjan lòd.

  •  Règ paran w yo fikse montre yo renmen w. Si yo pa t tabli okenn règ, sa te ka vle di yo pa enterese nan sa k ka rive w. Èske yon bon paran t ap aji konsa?

 ÈSKE W TE KONNEN? Paran yo tou gen règ pou yo suiv! Pou w ka wè kèk nan règ sa yo, li Jenèz 2:24; Detewonòm 6:6, 7; Efezyen 6:4; ak 1 Timote 5:8.

 Ki sa w ka fè si malgre sa ou santi règ paran w fikse yo parèt enjis?

 Sa w ka fè

 Reflechi anvan w pale. Èske w abitye obeyi règ paran w ba ou tou natirèlman? Si repons lan se non, se pa p bon moman an pou w mande yo plis libète. Okontrè, ou kapab li atik sa ki gen tit “Ki sa m ka fè pou paran m fè m konfyans?

 Men, si w toujou obeyi paran w, ou kapab prepare sa w ta renmen di yo. Lefètke w reflechi davans, petèt menm lè w ekri sa w vle di yo a, sa ap ede w wè si sa w ap mande yo a rezonab. Annapre, ou kapab mande paran w pou yo chwazi yon lè ak yon kote nou tout kapab santi n alèz. Ansuit, lè moman pou n pale a rive, sonje pwen ki vin annapre yo:

 Montre w gen respè pou yo. Bib la di: “Yon pawòl ki rèd fè moun an kòlè.” ​(Pwovèb 15:1). Donk, sonje sa: Si w ap fè dikisyon avèk paran w yo oswa w ap akize yo kòm move moun, konvèsasyon an ap mal fini.

 “Plis mwen montre m respekte paran m, se plis yo demontre respè pou mwen. Li pi fasil pou n dakò lè nou youn respekte lòt.” — Bianca, 19 an.

 Ou dwe koute. Bib la di nou “dwe dispoze koute, [nou] pa dwe prese pale”. (Jak 1:19.) Sonje se yon konvèsasyon w ap fè ak paran w, se pa yon diskou, sa vle di ou dwe koute yo tou, ou pa dwe jis ap pale.

 “Tank n ap grandi, se tank nou gen enpresyon nou konn plis bagay pase paran nou, men se pa janm vre. N ap fè pi byen si n koute konsèy ak avètisman paran nou yo bay.” — Devan, 20 an.

 Mete w nan plas paran w yo. Chèche konprann pwennvi yo. Bib la ban nou konsèy pou n “pa chèche enterè pa nou sèlman, men [...] chèche enterè pa lòt moun tou,” sa gen ladan l enterè paran n yo. — Filipyen 2:4.

Dapre ou menm, ki youn nan metòd sa yo k ap kapab ede w jwenn plis libète?

 “Anvan sa, m te wè paran m yo tankou moun ki kont mwen olye m te wè yo kòm moun ki t ap sipòte m. Men kounye a, m reyalize yo te jis t ap aprann fason yo te ka montre yo se bon paran, menm jan m m ap aprann fason pou m vin yon granmoun responsab. Se lanmou ki te pouse yo fè tout sa yo t ap fè yo.” — Joshua, 21 an.

 Sa w ka fè. Ann sipoze, pa egzanp, ou ta renmen al nan yon fèt, men sa ap pran w inèdtan pou w rive kote a, epi paran w ta di w non, pa ale. Ou kapab chèche konnen rezon prensipal ki fè yo pa vle w ale a, sa vle di, èske se akoz distans lan oswa akoz fèt la?

  •   Si pwoblèm nan se akoz distans lan, èske yo pap chanje lide si w ta mande yon lòt moun yo fè konfyans pou l akonpanye w?

  •   Si pwoblèm nan se akoz fèt la, èske sa pap ba yo plis asirans si w ta di yo kiyès k ap nan fèt la ak kiyès k ap sipèvize l ?

 Nou dwe fè efò pou n demontre respè nan sa n ap di paran n yo, e nou dwe koute yo avèk pasyans. Nou dwe demontre nou “onore papa nou ak manman nou”, ni nan pawòl nou ni nan aksyon nou. (Efezyen 6:2, 3.) Èske y ap retounen sou desizyon yo te pran si w fè sa? Petèt wi, oswa non. Kit yo chanje ide, ki yo pa chanje ide, n ap bezwen fè sa ki vin annapre yo...

 Obeyi desizyon paran w yo pran ak tout kè w. Anpil moun pa panse ak sa, men se yon etap enpòtan k ap pèmèt ou jwenn plis libète pi devan. Si w pa jwenn sa w te vle a, epi w kòmanse ap fè diskisyon ak paran w, lè w bezwen fè yon lòt bagay, l ap pi difisil pou yo kite w fè l. Yon lòt bò, Si w obeyi ak tout kè w, l ap vin pi fasil pou yo ba w plis libète.