Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa pou m fè si paran m ap divòse?

Ki sa pou m fè si paran m ap divòse?

 Youn nan sitiyasyon ki pi difisil pou yon jèn se lè paran l deside divòse. Ki sa ki ka ede w sipòte tristès ou santi?

Nan atik sa a

 Twa bagay pou w pa fè

 1. Santi w responsab

 “Yon lè, manman m te di m tout pwoblèm li menm ak papa m te genyen te kòmanse lè m te fèt, se sa k fè mwen te panse se mwen ki te lakòz maryaj yo kraze.” — Diana.

 Sonje sa: Se pa fòt pa w si paran w ap divòse. Y ap divòse paske yo gen pwoblèm nan maryaj yo. Se pa ou menm ki fè yo gen pwoblèm e w pa ka rezoud pwoblèm yo genyen yo. Se yo menm ki responsab pou rezoud pwoblèm yo vin genyen nan maryaj yo.

 “Chak moun ap pote pwòp chay pa l.” — Galat 6:5.

 2. Pa kenbe yo nan kè

 “M fache anpil ak papa m poutèt li pa t fidèl ak manman m. L ap vrèman difisil pou m fè l konfyans ankò.” — Rianna.

 Sonje sa: Petèt ou gen bonjan rezon pou w fache e pou w fristre akoz pwoblèm paran w. Men, li pa bon pou sante w lè w kenbe yo nan kè. Sa ka ba w pwoblèm ni fizikman ni nan domèn afektif. Se sa k fè gen moun ki di, lè w kenbe moun nan kè se tankou w ap pran pwazon epi w ap tann pou se lòt moun nan ki soufri. a

 “Pinga w fè kòlè, pinga w move.” — Sòm 37:8.

 3. Pa panse maryaj pa w pap reyisi

 “Mwen pè pou m pa fè menm bagay ak papa m. M panse si m marye e m fè pitit, m ap fè menm erè paran m te fè yo e m ap divòse tou.” — Jessica.

 Sonje sa: Se pa paske maryaj paran w pa t reyisi ki fè maryaj pa w pap reyisi tou. An reyalite, gen anpil leson ou ka aprann nan eksperyans paran w. Pa egzanp, ou ka pi byen konnen ki kalite ou ta renmen jwenn lakay yon moun ou vle marye avè l. Lefètke maryaj paran w te echwe, sa ka ede w vin gen kalite k ap fè w vin yon pi bon mari oswa yon pi bon madanm.

 “Se pou chak moun egzamine sa l fè.” — Galat 6:4.

Menm jan lè w gen yon zo ki kase, ou soufri e li pran tan pou l geri, se konsa tou lè paran w divòse, ou soufri men tikras pa tikras ou ta dwe rive geri.

 Twa bagay ou ka fè

 1. Kominike. Souvan, moun ki pa pale de santiman negatif yo genyen vin gen move abitid tankou bwè twòp alkòl oswa pran dwòg. Olye ou fè sa, petèt ou ka:

 Pale ansanm ak paran w. Si youn oubyen toude nan paran w yo ap pale twòp de pwoblèm pa yo avè w, se pou w rete kalm e byen esplike yo ki move efè sa gen sou ou. Si sa difisil pou w pale avèk yo, petèt ou ka ekri yon lèt pou w esplike yo sa.

 Pale ak yon zanmi w fè konfyans. Si w gen yon moun ki ka koute w, sa ka ede w anpil. Bib la di: “Yon bon zanmi demontre lanmou toutan e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè.” — Pwovèb 17:17.

 Pale ak Kreyatè a. Jewova Dye, Sila a “ki tande lapriyè”, toujou pare pou l tande w (Sòm 65:2). Bib la di: “Lage tout tètchaje nou genyen sou li, paske li gen sousi pou nou.” — 1 Pyè 5:7.

  •   Ak kiyès nan paran w yo ou ka pale yon fason ki kalm?

  •   Ki zanmi (yon lòt jèn oswa yon granmoun) ou ka fè konfyans pou l ede w andire sitiyasyon an?

  •   Sou ki bagay byen presi ou ka priye?

 2. Lè gen chanjman, adapte w

 Piske paran w divòse, petèt ou oblije adapte w ak yon nouvo kay, yon nouvo sitiyasyon ekonomik oubyen nouvo zanmi. Nou ka konprann sa fè w dekouraje e sa fè w strese. Ou ka santi lavi w chanje nèt. Ki sa w ka fè pou chanjman an pi fasil? Fè efò pou w konsantre sou fason ou ka adapte w ak nouvo sitiyasyon an.

  •   Ki pi gwo chanjman ou deja fè depi paran w divòse?

  •   Ki sa w ka fè pou w adapte w ak chanjman sa?

 “Mwen aprann kontante m nan kèlkeswa sitiyasyon m ye.” — Filipyen 4:11.

 3. Rekonèt bèl kalite w genyen yo

 Se vre, lefètke paran w divòse, sa ka fè w santi w gen anpil tètchaje men, anmenmtan sa ka ede w wè bèl kalite ou gen lakay ou. Ou ka menm vin gen nouvo kalite. Lè Jeremy te gen 13 an, paran l te divòse. Li fè konnen: “Lè paran m te divòse, m te oblije gen plis responsablite. Piske se mwen menm ki te pi gran, m te bezwen ede manman m plis epi, voye je sou ti frè m nan.”

Lefètke paran w divòse, sa ka ankouraje w vin yon moun ki pi responsab.

  •   Akoz sitiyasyon paran w, ki kalite w wè w vin devlope?

  •   Ki kalite w ta renmen genyen?

 “Tout sa ki nan Ekriti yo se Bondye ki enspire yo, e yo itil [...] pou fè bagay yo vin dwat.” — 2 Timote 3:16.

a Pou w ka aprann plis, gade atik: “Ki jan m ka kontwole kòlè m?