Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Poukisa m ta dwe priye?

Poukisa m ta dwe priye?

 Selon yon sondaj, sou chak 100 adolesan ann Amerik, gen 80 ki priye men se sèlman mwatye nan 80 yo ki priye chak jou. Siman kèk nan yo ap mande tèt yo: ‘Èske lapriyè se senpleman yon bagay ki fè m santi m byen oswa èske li plis pase sa?’

 Ki sa lapriyè ye?

 Lapriyè se yon kominikasyon reyèl ak Sila a ki kreye tout bagay la. Imajine sa sa vle di! Jewova siperyè lèzòm nan tout domèn, poutan “li pa lwen okenn nan nou”. (Travay 17:27.) Dayè, men bèl envitasyon nou jwenn nan Bib la: “Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou.” — Jak 4:8.

 Ki jan w ka pwoche bò kote Bondye?

  •   Youn nan fason yo se pa mwayen lapriyè, se fason sa a ou pale ak Bondye.

  •   Yon lòt fason se mwayen etid Labib, se fason sa a Bondye “pale” avè w.

 Yon kalite kominikasyon konsa (lapriyè ak etid Labib) ap ede w vin gen yon amitye ki solid ak Bondye.

 “Pale ak Jewova, sa vle di kominike ak Moun ki pi enpòtan ki genyen an, se youn nan pi gwo onè yon moun ka genyen.” — Jeremy.

 “Lè m priye Jewova pou m fè l konn santiman ki pi fon ki lakay mwen sa fè m santi m pi pwòch li.” — Miranda.

 Èske Bondye ap tande?

 Menmsi w kwè nan Bondye e menmsi w priye l, li ka difisil pou w kwè li tande w vre. Men, Labib rele Jewova Moun “ki tande lapriyè” a (Sòm 65:2). Labib menm ankouraje nou “lage tout tètchaje nou genyen sou li”. Pou ki rezon? “Paske li gen sousi pou [ou].” — 1 Pyè 5:7.

 Fè yon ti reflechi: Èske w pran tan pou w pale ak bon zanmi w yo regilyèman? Ou ka fè menm bagay la avèk Bondye. Pale avè l nan lapriyè regilyèman epi site non l ki se Jewova (Sòm 86:5-7; 88:9). Anfèt, Labib ankouraje w “priye toutan”. — 1 Tesalonisyen 5:17.

 “Lapriyè se yon konvèsasyon ant mwen menm ak Papa m ki nan syèl la kote mwen vide kè m ba li nèt.” — Moises.

 “Lè m ap pale ak Jewova mwen esplike l bagay yo an detay menm jan mwen fè sa lè m ap pale ak manman m oswa yon bon zanmi.” — Karen.

 Sou ki sa m ka priye?

 Labib di: “Fè Bondye konnen demann nou yo nan tout bagay, pa mwayen lapriyè ak siplikasyon toutpandan n ap di l mèsi.” — Filipyen 4:6.

 Èske sa vle di li nòmal pou w priye pou pwoblèm ou yo? Wi! Dayè, Labib di: “Lage chay ou sou Jewova, l ap soutni w.” — Sòm 55:22.

 Natirèlman, lè w ap priye Bondye ou pa ta dwe pale de pwoblèm ou sèlman. Gen yon jèn dam ki rele Chantelle ki di: “Mwen pa t ap yon bon zanmi si m ta priye Jewova sèlman pou l ede m. Mwen santi mwen ta dwe di l mèsi anvan e lis bagay mwen ka remèsye l pou li yo long.”

 Fè yon ti reflechi: Pou ki bagay ou ka di Bondye mèsi? Èske w ka panse ak twa bagay ou ka di Jewova mèsi pou yo jodi a?

 “Menm yon ti bagay tou senp, tankou si n ap admire yon bèl flè, ka pouse nou priye Jewova pou n di l mèsi.” — Anita.

 “Medite sou yon bagay nan kreyasyon an ki fè yon gwo efè sou ou oswa sou yon vèsè ki vrèman touche w, epi di Jewova mèsi pou sa.” — Brian.