Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa pou m fè si m gen yon gwo pwoblèm sante? (1ye pati)

Ki sa pou m fè si m gen yon gwo pwoblèm sante? (1ye pati)

 Èske w konn yon jèn k ap soufri ak yon gwo pwoblèm sante? Èske w gen yon maladi oswa yon andikap ki anpeche w fè kèk aktivite lòt moun nan menm laj avè w ap fè?

 Si se wi, li nòmal pou w santi w dekouraje pafwa. Sepandan, gen de panse nan Bib la ki vrèman rekonfòtan.

  •   Jewova Dye, Kreyatè w la, konn sitiyasyon w. Anplis de sa, “li gen sousi pou” ou. — 1 Pyè 5:7.

  •   Jewova Dye gen objektif pou l geri tout maladi! Ou ka li sa nan Bib la nan Ezayi 33:24 ak Revelasyon 21:1-4.

 Gen yon kantite jèn nou pa ka konte k ap fè fas ak gwo pwoblèm sante, e jèn sa yo rann yo kont si yo met lafwa yo nan Bondye ak pwomès li yo, yo kapab andire. Ann konsidere kat egzanp.

 YEIMY

 A 11 an, m te deja bezwen yon chèz woulant pou m deplase. Li enposib pou m leve yon seri bagay tou senp, tankou kèk bagay ki tou lejè.

 A senkan, doktè te wè m fè yon maladi ki atake tout mis mwen yo (distrofi miskilè), e maladi a limite m pi plis de jou an jou. Pafwa, m konn dekouraje paske m pa ka fè yon seri bagay lòt jèn ki nan menm laj avè m ap fè. Men, paran m yo ak moun nan kongregasyon an soutni m nan domèn fizik, afektif ak espirityèl. Mwen se yon sèvitè aplentan e lòt kretyen yo souvan akonpaye m lè m al fè etid biblik ak moun ki enterese.

 Jezi te di chak jou ap gen kont traka pa l (Matye 6:34). Donk, m eseye viv ojoulejou e m fikse tèt mwen objektif ki reyalis mwen ka atenn. M pa ka tann pou m wè jou nan monn nouvo Bondye a kote m pral ka viv “lavi toutbon an” e m pral libere anba maladi sa a ki fè m kokobe. — 1 Timote 6:19.

 Fè yon ti reflechi: Yeimy te wè l enpòtan pou l “fikse objektif ki reyalis”. Ki jan w ka fè menm bagay la? — 1 Korentyen 9:26.

 MATTEO

 Lè m te gen sizan, m te kòmanse gen doulè nan do, e okòmansman, doktè yo te di doulè yo gen rapò ak grandi m ap grandi a. Sepandan, ennan annapre, yo te vin dekouvri m gen yon timè nan kolòn vètebral.

 M te fè yon operasyon, men se sèlman 40 pousan nan timè a chirijyen an te ka retire. Epi, nan sèlman de mwa annapre, timè a te retounen nan menm gwosè l te ye! Depi lè sa, m te fè plizyè egzamen, m te suiv anpil tretman e m te souvan dekouraje.

 Pafwa, timè a fè m soufri anpil e doulè a tankou kout kouto m pran toupatou, sitou nan do m ak nan lestomak mwen. Sepandan, m eseye pa kite sitiyasyon an dekouraje m nèt. M fè tèt mwen sonje gen lòt moun k ap andire move bagay e malgre sa, yo ret pozitif. Sa k plis ede m kenbe yon atitid pozitif se lefètke m gen konfyans yon jou Jewova Dye pral reyalize pwomès li fè pou l elimine tout soufrans. — Revelasyon 21:4.

 Fè yon ti reflechi: Lè w reflechi ak pwomès Bondye fè pou l elimine tout soufrans, ki jan sa ka ede w andire menm jan ak Matteo? — Ezayi 65:17.

 BRUNA

 Etandone m pa gen okenn siy vizib ki montre m malad, kèk moun ka panse m se yon parese. Men, an reyalite, li ka difisil pou m fè tout bagay, tankou fè netwayaj, etidye oswa menm leve nan kabann.

 Lè m te gen 16 an, doktè te wè m fè yon maladi ki atake yon pati nan sèvo m ak mis mwen e k ap paralize m. Nonsèlman maladi a anpeche m travay, men tou, li anpeche m patisipe nan aktivite kongregasyon an jan m vle. M toujou li 1 Pyè 5:7, ki di: “Lage tout tètchaje nou genyen sou li, paske li gen sousi pou nou.” Lè m panse ak jan Jewova gen sousi pou nou chak pèsonèlman, sa ban m fòs. Pou jis kounye a panse sa a fòtifye m.

 Fè yon ti reflechi: Lè w lage tout tètchaje w yo sou Jewova menm jan Bruna te fè sa, ki byenfè w ap jwenn? — Sòm 55:22.

 ANDRÉ

 Gen kèk moun ki trete m kòmsi m te gen 10 an. Sepandan, m pa ka blame yo pou sa paske m sanble ak yon timoun 10 an toutbon.

 Lè m te gen dezan, doktè te wè m gen yon fòm kansè ki ra ki te kòmanse nan kolòn vètebral mwen e ki te vin travèse nan sèvo m. Doktè yo te rive trete maladi a, men tretman an te gen efè sou fason m ap grandi fizikman. Jodi a, m mezire sèlman 1,37 mèt wotè. Gen anpil moun ki panse m ap bay manti lè m di m gen 18 an!

 Nan kongregasyon kretyen an, tout moun trete m avèk diyite. Yo pa pase m nan jwèt menm jan timoun yo te konn fè sa lè m te lekòl. M eseye kenbe yon atitid pozitif sou sitiyasyon m. An reyalite, pi bon bagay ki ka rive yon moun te rive m: m te vin konnen Jewova! M sèten Jewova ap toujou pran swen m nan kèlkeswa sa m dwe andire a. Lè m reflechi ak bèl monn nouvo Bondye pwomèt la, sa ede m kenbe yon atitid ki pozitif. — Ezayi 33:24.

 Fè yon ti reflechi: Jan André fè konn sa, poukisa aprann konnen Jewova se “pi bon bagay ki ka rive yon moun”? — Jan 17:3.