Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan m ka manje yon fason ekilibre?

Ki jan m ka manje yon fason ekilibre?

 Petèt ou konn sa deja, si yon moun pa byen manje, sa kapab gen move efè sou eta sante l. Yon jèn ki pap manje manje ki gen bonjan vitamin ap vin yon granmoun ki pa an sante, donk li bon pou w suiv yon bon pwogram konsènan manje w ap manje k ap bon pou sante w depi kounye a.

 Ki sa manje yon fason ekilibre gen ladan l?

 Bib la di nou dwe “modere nan abitid” nou e sa gen ladan l abitid nou gen nan sa n ap manje (1 Timote 3:11). Toutpandan w ap kenbe prensip sa a nan lespri w, l ap bon pou w konnen:

  •   Manje yon fason ekilibre gen ladan l manje nan tout gwoup manje ki bon pou sante nou. Senk gwoup manje yo se pwodui ki fèt ak lèt yo, pwoteyin yo, fwi yo, legim ak manje angren yo. Se vre, gen moun ki elimine youn oswa plizyè gwoup manje paske yo panse sa kapab ede yo megri. Men, yon ide konsa kapab anpeche w jwenn sa kò a bezwen pou w ret an sante.

     Yon bagay ou ka fè: Chèche wè ak yon doktè pou w ka konnen rezon ki fè l enpòtan pou w manje divès kalite eleman nou jwenn nan manje yo. Pa egzanp:

     Idrat kabòn, sa vle di eleman ki bay kò a enèji yo kapab ba ou fòs. Pwoteyin yo kapab ede kò w lite kont enfeksyon e yo kapab repare mis yo, nè yo ak anpil lòt bagay ankò. Gen kèk grès lè w manje yo, sa kapab fè w evite fè maladi kè e ou kapab santi w anfòm, men ou dwe evite pran yo twòp.

     “M eseye gen tout gwoup manje yo nan repa m yo, yon fason ekilibre. Anplis de sa, mwen pa panse se yon bagay mal pou m manje bonbon oswa yon ti fridòdòy pafwa. Men, se pa sa sèlman yon moun dwe manje. Li toujou bon pou w fikse limit nan sa w ap manje.” — Brenda.

    Yon repa ki pa gen bonjan vitamin ladan l tankou yon chèz ki manke yon pye.

  •   Si w ekilibre nan fason w manje, ou pap egzajere. Egzajere vle di: pa manje ase, oubyen ret grangou pandan jounen an yon fason pou manje anpil nan aswè oubyen refize manje manje ou vrèman renmen.

     Yon bagay ou ka fè: Pandan yon mwa, analize fason w ap manje. Èske sa deja rive w ou fè youn nan bagay nou sot di pi wo a? Kisa w ka fè pou w gen yon pwogram k ap ede w manje yon fason ekilibre?

     “Gen de jou, m te pase yon jounen san m pa manje anyen e nan aswè m te manje manje ki gen anpil kalori, konsa tou, gen lòt jou m pa t konn pran anpil kalori nan sa m manje. Finalman, mwen te deside sispann konte konbyen kalori ki nan manje m, men m te fè atansyon pou m pa manje aleksè, e pou m sispann manje lè m santi vant mwen plen. Sa te mande tan, men kounye a, mwen gen yon bon pwogram ki ede m manje yon fason ekilibre.” — Hailey.

 Ki jan m ka suiv yon pwogram k ap ede m manje yon fason ekilibre?

  •   Reflechi sou sa w vle manje. Bib la di: “Moun ki konn travay byen an planifye sa l ap fè, e konsa bagay yo byen mache pou li.” (Pwovèb 21:5). Si w ta renmen manje manje k ap bon pou sante w, ou dwe gen yon pwogram k ap ede w manje yon fason ekilibre.

     “Fòk ou planifye pou w manje manje k ap bon pou sante w, e souvan manje k ap bon pou sante w la mande pou w prepare l lakay ou. Se vre sa mande plis efò, men sa vo lapenn e sa ap pèmèt ou fè ekonomi.” — Thomas.

  •   Chanje move abitid ou genyen nan chwa manje w ap fè. Bib la di: “Toujou bat pou w gen sajès.” (Pwovèb 3:21). Lè w gen sajès sa ap ede w reflechi plis sou fason ou ka manje manje k ap bon pou sante w epi sa ap ede w gen pi bon abitid nan sans sa a.

     “Chak jou, mwen te ranplase yon manje ki pap bon pou sante m ak yon lòt k ap bon pou mwen. Pa egzanp, olye m manje yon chokola, mwen te pito manje yon pòm. Nan yon ti kras tan, mwen te vin fè bon chwa yo jou apre jou!” — Kia.

  •   Ou dwe rezonab. Bib la di: “Manje manje w ak kè kontan.” (Eklezyas 9:7). Manje yon fason ekilibre pa vle di ou pa ka pran plezi nan manje w ap manje yo, e ni l pa vle di ou dwe enkyete w konsènan chak sa w ap manje tou. Menmsi w bezwen pèdi pwa, ou dwe sonje objektif ou se ret an sante. Se pou w rezonab konsènan sa w atann de tèt ou.

     “Tou dènyèman, mwen te pèdi prèske 14 kilo, e pandan moman sa yo mwen pa t janm ret grangou e te gen kèk manje m te sispann manje, epi mwen pa t bay tèt mwen pwoblèm akoz m te pran yon desè. Mwen te vin rann mwen kont pou yon moun pèdi pwa, sa pap fèt byen rapid, e m te reyalize m te dwe chanje atitid konsènan fason mwen manje.” — Melanie.