Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa m ka fè si renmen an kraze?

Ki sa m ka fè si renmen an kraze?

 Men sa yon jèn ki rele Steven di: “Lè mwen menm ak mennaj mwen an te kite, sèl mo m te ka itilize pou esplike jan m te santi m se kraze. Se pi gwo lapenn mwen te genyen nan tout vi m.”

 Èske w te fè yon eksperyans konsa? Si se wi, atik sa a kapab ede w.

 Jan w santi w

 Yon renmen ki kraze ap lakòz toude moun yo soufri.

  •  Si se ou ki deside kraze renmen an, petèt ou ka santi w menm jan ak Jasmine ki di: “Lefètke m konnen mwen fè yon moun mwen gen sousi pou li mal te yon pwa lou sou konsyans mwen e m swete m pap janm gen pou m pote pwa sa a ankò.”

  •  Si se pa ou ki te deside kraze renmen an, siman w konprann poukisa kèk moun di se kòmsi yo te gen moun mouri. Men sa yon jèn dam ki rele Janet di: “Mwen te pase nan menm etap ak yon moun ki gen moun mouri, sa gen ladan l refize kwè sa k rive a, kòlè, chèche negosye, depresyon e anfen, prèske ennan apre, mwen te aksepte sa.”

 Sa w dwe sonje: Yon renmen ki kraze ka lakòz ou tris e w dekouraje. Jan youn nan moun ki ekri nan Bib la di sa: “Lè yon moun dekouraje nèt, sa fè l pèdi fòs.” — Pwovèb 17:22.

 Sa w ka fè

  •  Pale ak yon moun ki gen matirite. Labib di: “Yon bon zanmi demontre lanmou toutan, e li se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè.” (Pwovèb 17:17). Lè w vide kè w bay youn nan paran w yo oswa bay yon zanmi ki gen matirite, sa ka ede w wè bagay yo yon lòt jan.

     “Mwen te fè plizyè mwa kote m te chèche ret poukont mwen e mwen pa t pale ak pèsonn sou sa m te santi. Men, zanmi ka ede w geri. Se jis lè m te pale ak zanmi m yo mwen te resi jwenn yon ti soulajman.” — Janet.

  •  Pran leson nan sa k pase a. Gen yon lòt pwovèb biblik ki di: “Bat pou w gen sajès e bat pou w gen bon konprann.” — Pwovèb 4:5. Move eksperyans kapab aprann nou anpil bagay sou tèt nou ak fason pou n jere desepsyon.

     “Lè renmen an te fin kraze, gen yon zanmi ki te mande m: ‘Ki sa renmen an te aprann ou, e ki jan w ka sèvi ak sa w aprann nan lè w ap gen pou w renmen ak yon lòt moun alavni?’” — Steven.

  •  Priye. Labib di: “Lage chay ou sou Jewova, l ap soutni w.” (Sòm 55:22). Lapriyè kapab ede w ak lapenn ou santi a e li ka ede w wè sitiyasyon an yon lòt fason.

     “Priye toutan. Jewova konprann lapenn ou e li konprann sitiyasyon an pi byen pase w.” — Marcia.

  •  Ede lòt moun. Labib di: “Pa chèche enterè pa nou sèlman, men [...] chèche enterè pa lòt moun tou.” (Filipyen 2:4). Lè w chèche ede lòt moun, sa ap ede w pi vit wè sitiyasyon an yon lòt jan.

     “Lè yon renmen kraze ou ka santi se kòmsi tout bagay fini, e sa fè pi mal pase si se yon bagay ki t ap fè w mal nan kò w. Men, mwen rann mwen kont sa amelyore. Mwen te jis bezwen tan pase epi pran tan pou m geri.” — Evelyn.