Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki sa m ta dwe konnen sou voye mesaj tèks?

Ki sa m ta dwe konnen sou voye mesaj tèks?
  • :-) Si w byen itilize mesaj tèks, yo ka yon bon mwayen pou w kenbe kontak ak lòt moun.

  • :-( Si w itilize yo san w pa fè atansyon, yo ka fè zanmi w fache avè w e yo ka kraze repitasyon w tou.

 Atik sa a pral esplike w sa w bezwen konnen sou

 Epi, nan atik sa a tou w ap jwenn:

 Moun w ap voye mesaj tèks ba yo

 Gen anpil jèn ki konsidere voye mesaj tèks kòm yon mwayen ki vrèman nesesè pou yo kominike ak lòt moun. Voye mesaj tèks pèmèt ou rete an kontak ak nenpòt moun oubyen tout moun ki nan lis kontak ou a, sof si gen moun paran w pa dakò pou w rete an kontak ak yo.

 “Papa m pa renmen lè sè m nan avè m ap pale ak gason. Si n ap fè sa, nou dwe itilize telefòn fiks ki nan kay la, e kote ki gen lòt moun.” — Lenore.

 Sa w dwe konnen: Si w bay nenpòt moun nimewo telefòn ou, ou ka tonbe nan pwoblèm.

 “Si w bay nenpòt moun nimewo w, atann ou pou w resevwa mesaj oswa foto ou pa renmen.” — Scott.

 “Si ou menm ak yon moun lòt sèks toujou ap voye mesaj tèks youn bay lòt, ou ka vin gen santiman pou moun sa a byen vit.” — Steven.

 Bib la di: “Moun ki gen lespri a wè danje a, li kache.” (Pwovèb 22:3). Si w pran kèk prekosyon, ou ka evite yon pakèt tètchaje.

 Yon bagay ki te rive: “Mwen menm ak yon tigason te zanmi, nou te konn voye anpil mesaj tèks youn bay lòt. Mwen te di tèt mwen nou te bon zanmi sèlman. Mwen pa t wè yon pwoblèm nan sa jiskaske li te di m li vin santi l renmen m. Lè m ap reflechi sou sa k te pase a, mwen rann mwen kont m pa t dwe pase tan avè l konsa, ni voye mesaj tèks ba li jan m t ap plede fè a.” — Melinda.

 Fè yon ti reflechi: Selon ou menm, lefètke Melinda vin konnen tigason an gen santiman pou li, ki efè sa gen sou amitye yo?

 Refè istwa a! Ki sa Melinda te ka fè pou li menm ak tigason an te ka rete zanmi sèlman, san pa gen anyen ankò?

 Mesaj tèks w ap voye yo

 Li fasil anpil pou w voye mesaj tèks, e sa amizan lè w resevwa yo, men li fasil tou pou w bliye moun ka mal konprann mesaj yo.

 Sa w dwe konnen: Yo ka mal entèprete mesaj tèks ou voye yo.

 “Nan yon mesaj tèks ou pa ka santi santiman ak ton vwa, menm lè yo voye l ak yon seri smayli, sa vle di ti desen oswa senbòl. E sa ka fè moun mal konprann li.” — Briana.

 “Mwen konnen kèk timedam ki kraze repitasyon yo, moun konnen yo kòm moun k ap jwe ak santiman lòt moun akoz sa y ap voye bay kèk timesye nan mesaj tèks.” — Laura.

 Bib la di: “Yon moun ki dwat kalkile anvan li bay repons.” (Pwovèb 15:28, Bib la). Ki sa n aprann nan sa? Reli mesaj ou a anvan w peze “Send”!

 Moman w ap voye mesaj tèks yo

 Si w sèvi ak bonsans ou, ou ka vin gen pwòp règ pa w pou w voye mesaj tèks, gen moun ki rele sa prensip pou voye mesaj tèks.

 Sa w dwe konnen: Si w pa veye sou fason w voye mesaj, w ap parèt tankou yon moun ki malelve e ki repouse zanmi l olye l atire yo.

 “Li fasil pou yon moun bliye prensip pou l voye mesaj tèks yo. Sa konn rive m nan yon konvèsasyon ak yon moun oswa m sou tab ap manje, e pandan tan sa a m ap voye mesaj tèks.” — Allison.

 “Se yon danje pou yon moun voye mesaj tèks pandan l ap kondui. Si w sispann fikse je w sou wout la, ou riske fè yon aksidan.” — Anne.

 Bib la di: “Gen yon lè pou tout bagay, [...] yon lè pou moun pa di anyen ak yon lè pou moun pale.” (Eklezyas 3:1, 7). Sa valab pou lè moun ap pale, men sa valab tou pou lè moun ap voye mesaj tèks!

 Kèk konsèy sou voye mesaj tèks

Moun w ap voye mesaj tèks ba yo

  •  ;-) Obeyi enstriksyon paran w ba ou. — Kolosyen 3:20.

  •  ;-) Byen chwazi moun w ap bay nimewo w. Lè w refize bay enfòmasyon prive avèk politès, sa gen ladan l nimewo telefòn ou, ou vin gen yon kapasite k ap itil ou pi devan.

  •  ;-) Pinga w vin tèlman alèz ak yon moun opwen pou w ap voye mesaj ba li ki fè l panse ou gen santiman pou li. Si w kite moun nan vin renmen w, se pwoblèm ak tètchaje w ap rale sou ou.

 “Mwen te chèche gen yon bon antant ak paran m konsènan fason m ap itilize telefòn selilè m nan, konsa, yo te fè m konfyans, yo te konnen m ap pran desizyon ki saj konsènan moun m ap mete nan lis kontak mwen an.” — Briana.

Mesaj tèks w ap voye yo

  •  ;-) Anvan w kòmanse tape yon mesaj, mande tèt ou: ‘Èske voye mesaj la se pi bon fason pou m kominike ak moun nan nan sitiyasyon sa a?’ Petèt, li te ka pi bon w rele l oswa tann pou w pale avè l.

  •  ;-) Pa ekri anyen ou pa t ap di moun nan fasafas. Sarah ki gen 23 an di: “Sa w pa ta ka di awotvwa, ou pa ta dwe di l nan yon mesaj tèks.”

 “Si yon moun voye kèk foto ki atire atansyon sou sèks ba ou, fè paran w konn sa. Sa ap yon pwoteksyon pou ou, epitou, sa ap fè paran w fè w konfyans.” — Sirvan.

Moman w ap voye mesaj tèks yo

  •  ;-) Deside alavans ki lè ou pap itilize telefòn ou an. Men sa yon demwazèl ki rele Olivia te di: “Mwen pa avèk telefòn mwen lè m ap pran yon repa oubyen lè m ap etidye. Mwen fèmen l lè m nan reyinyon yo pou m pa gen tandans gade l.”

  •  ;-) Gen konsiderasyon pou lòt moun (Filipyen 2:4). Pa voye mesaj tèks pandan w ap pale fasafas ak yon lòt moun.

 “Mwen te bay tèt mwen yon seri prensip, pa egzanp, mwen pa voye mesaj tèks bay moun lè m ak yon gwoup zanmi, si sa pa nesesè. Nitou, mwen pa bay moun m pa vrèman pwòch avè yo nimewo m.” — Janelly.