Al gade sa k anndan l

KESYON JÈN YO KONN POZE

Ki jan m ka sispann santi m tris?

Ki jan m ka sispann santi m tris?

 Èske w gen yon zanmi w oubyen yon manm fanmi w ki mouri sa pa gen lontan? Si sa rive, atik sa a ka ede w fè fas ak tristès ou.

Nan atik sa a

 Èske m soufri twòp?

 Anpil moun tris anpil anpil lè yo gen moun pa yo ki mouri e tristès sa a pran tan pou l pase.

 “Pa gen yon jou ki pase san m pa sonje granpè m. Menm lè dezan gentan pase depi l mouri, mwen toujou twouve li difisil pou m pale de li san m pa kriye.” — Olivia.

 “Grann mwen se youn nan moun ki te konn ankouraje m anpil pou m chèche atenn objektif mwen yo, men l pa gentan viv pou l wè m reyalize youn nan yo. Chak fwa m wè m rive atenn yon objektif nan lavi m m santi m tris paske l pa la pou l wè sa.” — Alison.

 Tristès ou genyen an ka fè w gen yon pakèt lòt santiman. Pa egzanp:

 “Lè monnonk mwen te mouri, m pa t ka kwè sa, e mwen te rete konsa pandan anpil tan. Se premye fwa yon moun ki pwòch avè m te mouri, e se te yon gwo chòk pou mwen.” — Nadine.

 “Mwen te an kòlè lè granpè m te mouri, paske l pa t konn pran swen tèt li, menm lè nou te ankouraje l fè sa.” — Carlos.

 “Nan tout fanmi pwòch granpè m se mwen menm ak sè m nan sèlman ki pa t la lè l te mouri. Apre sa, mwen te santi m koupab paske m pa t di l orevwa jan m te dwe fè sa a.” — Adriana.

 “Gen yon mari ak madanm li ki te bon zanmi fanmi nou ki te mouri nan yon aksidan machin. Apre sa, chak fwa yon zanmi fanmi an te konn deplase sot lakay nou, mwen te konn santi m pè, m te konn panse li ka mouri tou.” — Jared.

 “Lè granmè m te mouri sa gen twazan, mwen te santi m regrèt mwen pa t pase plis tan avè l lè l te vivan an.” — Julianna.

 Lè yon moun nan lapenn paske l gen yon moun pa l ki mouri, se nòmal pou l santi l pa ka kwè sa k rive a, li an kòlè, li koupab, li pè e li regrèt. Si w gen kèk nan santiman sa yo, ou mèt gen asirans yo prale tikras pa tikras. Men, anvan sa rive fèt, ki sa k ka ede w ak tristès ou genyen an?

 Fason pou w jere lapenn ou genyen lè w gen yon moun pa w ki mouri

 Ouvri kè w bay yon zanmi. Bib la fè konnen yon bon zanmi “se yon frè yo ka konte sou li lè gen malè”. (Pwovèb 17:17.) Lè w pale ak yon moun sou jan w santi w, sa ka ede w jwenn èd ou bezwen.

 “Li nòmal pou w santi w nan lapenn. Pafwa, ou ka pase moman lapenn yo poukont ou. Men, lè sa a, ou ka ret bloke nan tristès la nèt. Se sa k fè l bon pou w pale ak yon moun.” — Yvette.

 Sonje moun ou genyen ki mouri a. Bib la di: “Yon bon moun rale bon bagay sot nan bon bagay li gen sere nan kè l.” ​(Lik 6:45). Ou ka ekri bèl souvni ou genyen yo oswa fè yon albòm foto.

 “Mwen te deside ekri tout bagay zanmi m nan te anseye m anvan l mouri, konsa, egzanp li te ret vivan pou mwen. Lè m ekri, sa ede m fè fas ak tristès lanmò a pote.” — Jeffrey.

 Pran swen sante w. Bib la rekonèt li bon pou n fè egzèsis fizik (1 Timote 4:8). Veye pou w manje kantite manje w bezwen, pou w fè egzèsis e pou w repoze selon sa w bezwen.

 “Lè w tris, ou konn pa reflechi byen, se sa k fè w dwe veye pou w fè sa w dwe fè pou w ret an sante. Pa neglije manje kantite manje w dwe manje e pa neglije dòmi ase.” — Maria.

 Ede lòt moun. Men sa Bib la di: “Yon moun pi kontan lè l bay pase lè l resevwa.” — Travay 20:35.

 “Eseye rann moun sèvis, sitou moun ki gen moun pa yo ki mouri tou. Sa ka ede w sonje gen lòt moun k ap soufri tou.” — Carlos.

 Fè Bondye konn sa w santi. Bib la di Jewova Dye se Sila a ki “tande lapriyè”. (Sòm 65:2.) Li di tou Jewova “geri moun kè yo ap fann yo. Li bande blese yo genyen yo.” — Sòm 147:3.

 “Mande Jewova pou l ba w sipò ak ankourajman w bezwen. Gen kèk jou ki ka pi difisil pase lòt yo, men Jewova toujou la pou nou.” — Jeanette.

 Se pou w rezonab. Sonje tout moun pa gen lapenn menm jan, chak moun diferan. Bib la di lè Jakòb te panse pitit gason l lan te mouri a, li “pa t vle kite yo konsole l”. (Jenèz 37:35.) Donk, ou pa dwe sezi si w wè tristès ou santi a pran tan pou l ale.

 “Gen kèk bagay mwen wè ki fè m sonje gran tant mwen, menm lè sa gentan fè 15 an depi l mouri.” — Taylor.

 Imajine w ta gen yon zo ki kase. Sa t ap fè w mal, e li ta gendwa pran tan pou l geri. Pandan tan sa a, doktè w ka ba w kèk konsèy sou sa w dwe fè pou ede w geri.

 Se menm bagay la ki rive lè w gen yon moun pa w ki mouri e w ap eseye “geri”. Sa pran tan pou gwo doulè a disparèt. Donk, se pou w pasyan. Gade konsèy ki nan atik sa a, epi gade kiyès nan yo k ap plis itil ou.