ESPLIKASYON SOU KÈK VÈSÈ
Ezayi 26:3 — “Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w’ap ba yo kè poze”
“W ap pwoteje moun ki konte sou ou nèt yo. W ap ba yo lapè nètale, paske, se nan ou yo met konfyans yo.” — Ezayi 26:3, Tradiksyon monn nouvo a.
“Ou menm, Bondye, w’ap ba yo kè poze! Moun ki toujou kenbe pwomès yo, wi, w’ap ba yo kè poze, paske yo mete konfyans yo nan ou!” — Ezayi 26:3, Bib la.
Sa Ezayi 26:3 vle di
Pawòl sa yo ki bay asirans pwofèt la itilize yo montre Bondye pwoteje moun ki konte sou li nèt. Li pwoteje yo paske l ede yo santi yo an sekirite e yo santi yo anpè.
“W ap pwoteje moun ki konte sou ou nèt yo.” Pati sa a nan vèsè a ap pale de moun ki pran fèm detèminasyon pou yo toujou fè Jewova a konfyans. Moun ki fè Bondye konfyans rive konprann yo dwe kote sou li. Pa egzanp, yo pa konte sou pwòp ide yo lè y ap pran gwo desizyon. Men pito, yo fè efò pou tout desizyon y ap pran ale nan menm sans ak fason Bondye panse (Pwovèb 3:5, 6). Pou yo rive konnen sa Bondye panse sou yon sijè, yo pran san yo pou yo li Bib la e yo reflechi afon sou sa yo li a (Sòm 1:2; 119:15). Lè y ap fè fas ak sitiyasyon ki difisil, yo priye Jewova ak tout kè yo pou yo mande l ede yo (Sòm 37:5; 55:22). Lè yo fè sa, yo montre Bondye yo gen konfyans nan li, e li menm li fè yo anpè.
“W ap ba yo lapè nètale.” Ann ebre, nan vèsè sa a, mo “lapè” a parèt de fwa pou ba l plis fòs, se sa k fè, yo ka mete “lapè nètale”, “lapè total” oswa “lapè konplè” pou tradui l. Sa vle di, moun ki konte nèt sou Jewova yo santi yo anpè, e lapè sa a pa depann de sitiyasyon yo (Sòm 112:7; 119:165). Yo gen lapè sa a paske yo gen yon relasyon pèsonèl ak Jewova e paske y ap fè efò pou yo fè l plezi. — Pwovèb 3:32; Ezayi 48:18.
“Lapè nètale” pa vle di Bondye anpeche moun k ap sèvi l yo jwenn pwoblèm yon fason pou yo pa gen okenn enkyetid (1 Samyèl 1:6, 7; Jòb 6:1, 2; Sòm 31:9). Bondye pa fè sa, men pito, li ede yo fè fas ak pwoblèm yo rankontre yo (Ezayi 41:10, 13). Li reponn priyè yo fè, li ba yo sajès, li ba yo fòs ak konsolasyon (Sòm 94:19; Pwovèb 2:6; Ezayi 40:29). Konsa, yo kapab rete kalm menm lè yo gen gwo pwoblèm oswa yo nan sitiyasyon ki vrèman difisil. — Filipyen 4:6, 7.
Kontèks Ezayi 26:3
Pwofèt Ezayi te viv nan uityèm syèk anvan epòk nou an. Nan epòk sa a e pandan anpil ane, anpil moun nan Jida pa t fidèl ak Jewova. Se sa k fè, nan ane 607 anvan epòk nou an, Jewova te kite yo detwi Jerizalèm, kapital la.
Sepandan, plis pase 100 an anvan destriksyon sa a, Ezayi te ekri chante sou fòm pwofesi nou jwenn nan chapit 26 liv li a pou l fè louwanj pou Jewova (Ezayi 26:1-6). Chante sa a te pale sou epòk kote yon vil nan Jida, sanble se t ap Jerizalèm, t ap gen pou retabli.
Jerizalèm te retabli kèk ane apre, nan ane 537 anvan epòk nou an. Apre sa, Juif fidèl ki te retounen yo te santi yo an sekirite e yo te di: “Nou gen yon vil ki djanm.” (Ezayi 26:1). Men, se pa mi ki te antoure vil la ki te fè l djanm. Sekirite vil la te depann de benediksyon ak pwoteksyon Jewova. — Ezayi 26:2.
Se menm bagay la tou jodi a. Moun ki konte nèt sou Jewova yo santi yo an sekirite paske yo konsidere l kòm “Mas Wòch” yo, sa vle di refij yo. — Ezayi 26:4.
Gade videyo sa a ki tou kout pou w wè yon rezime sou liv Ezayi a.
a Jewova se non Bondye (Sòm 83:18). Gade atik ki gen tit: “Kiyès Jewova ye?”