Al gade sa k anndan l

Gradyasyon 136yèm klas Lekòl Galaad

Gradyasyon 136yèm klas Lekòl Galaad

Apre etidyan yo fin pase senk mwa ap etidye nan klas yo, yo gradye nan 136yèm klas Lekòl Galaad la jou samdi ki te 8 mas 2014 la. Nan lekòl sa a, yon pakèt frè ak sè Temwen Jewova ki gen eksperyans te aprann fason pou yo vin pi efikas nan travay predikasyon an e pou yo ede lòt kwayan parèy yo vin gen plis lafwa nan Bondye. Te gen 11 548 moun ki te suiv pwogram nan, genyen ki te prezan menm nan sant edikasyon Temwen Jewova yo nan Patèsonn, Nouyòk, e genyen ki te konekte sou Entènèt pou yo suiv pwogram nan nan peyi tankou Kanada, Jamayik, Pòtoriko ak Etazini.

“Kenbe menm mantalite Kris Jezi te genyen an nan nou.” Frè David Splane, youn nan manm Kolèj santral Temwen Jewova yo ki t ap prezide pwogram nan, te baze pawòl entwodiksyon l yo sou Filipyen 2:5-7: “Kenbe menm mantalite Kris Jezi te genyen an nan nou.” Lè Jezi te sou tè a, li pa t konn enkyete l pou pozisyon li, men, avèk imilite, li te bay tout li menm nan travay Bondye a.

Pa egzanp, Jezi te itilize ekspresyon “men sa ki ekri” a pou l rejte chak tantasyon Dyab la te met devan l e l te site pawòl Moyiz te di nan yon diskou li te bay nasyon Izrayèl la (Matye 4:4, 7, 10; Detewonòm 6:13, 16; 8:3). Byenke Jezi te gen dwa pale pou tèt li piske l te gen otorite pou sa antanke moun Bondye chwazi a, avèk imilite, li te montre l apresye travay Moyiz te fè a. Menm jan an tou, nou dwe rekonèt kapasite lòt moun genyen epi felisite yo san grate tèt.

Mete sou sa, frè Splane te met aksan sou fason Jezi te montre bonjan atitid nan fen peryòd li t ap pran fòmasyon sou tè a. Men sa Jezi te di nan yon priyè l te fè: “Mwen te ba w glwa sou tè a, mwen fini travay ou te ban m fè a. Kounye a, Papa, fè m jwenn glwa, fè m vin bò kote w pou m ka gen glwa mwen te genyen lè m te bò kote w anvan monn nan te egziste a.” (Jan 17:4, 5). Jezi pa t ap chèche jwenn lòt privilèj. Sèl sa l te mande Papa l se pou l retounen nan pozisyon li te ye a, oubyen pou l ‘rejwenn travay li te genyen an,’ lè l retounen nan syèl la. Menm jan an tou, elèv ki gradye nan lekòl Galaad yo dwe imite Jezi lè yo konsantre yo sou travay yo ba yo fè a olye yo konsantre yo sou privilèj yo genyen, sa vle di yo bezwen aprann kontante yo menmsi yo pa resevwa okenn lòt privilèj lè yo retounen nan asiyasyon yo.

“Fè sakrifis san nou pa regrèt.” William Malenfant, youn nan frè k ap bay èd ki nan Komite ansèyman Kolèj santral la, te ankouraje etidyan yo suiv egzanp apot Pòl, yon moun ki te gen lespri sakrifis. Olye pou apot Pòl t ap gade sa l te kite dèyè pou l vin sèvi Bondye, men sa l te di: “Mwen gen yon sèl bagay pou m’ fè, se pou m’ bliye tou sa ki dèyè m’ pou m’ fè jefò pou m’ mete men m’ sou sa ki devan m’ lan.” — Filipyen 3:13, 14, Bib la.

Lè elèv yo fè sakrifis san yo pa regrèt, yo imite fidelite moun ki t ap sèvi Bondye nan tan lontan yo ak moun k ap sèvi Bondye nan epòk nou an. Frè Malenfant te site kèk pawòl Clara Gerber Moyer ki te kòmanse sèvi Jewova depi l timoun te ekri. Men sa l te ekri: “Se yon gwo privilèj sa ye pou m reflechi sou 80 ane mwen genyen depi m ap sèvi Bondye ak tout kè m. Mwen pa regrèt anyen! Si m ta gen pou m refè vi m ankò, mwen t ap chwazi viv menm jan an.”

“Preche Wayòm nan ak zanj yo, epi imite fason yo fè sa.” Gerrit Lösch, youn manm Kolèj santral la, te ede etidyan yo vin pi byen konprann de bèl privilèj moun k ap patisipe nan travay predikasyon an genyen. Premyèman, y ap travay tankou zanj Bondye voye lè y ap pataje bon nouvèl Wayòm nan ak lòt moun, paske mo ebre ak mo grèk yo itilize nan Bib la yo mete “zanj” pou li a kapab vle di “mesaje” tou. Dezyèmman, etidyan yo patisipe nan travay predikasyon bon nouvèl la anba direksyon zanj yo, menm jan ak Filip. — Travay 8:26-35.

Apre sa, frè Lösch te rakonte plizyè eksperyans Temwen Jewova yo te fè nan travay predikasyon an. Pa egzanp, gen yon Temwen nan peyi Meksik ki rele Gabino ki te gen abitid frape pòt kay moun l al preche yo youn oubyen de fwa, men ki te frape yon pòt kat fwa yon lè. Mesye ki te vin ouvri pòt la te fè Gabino konnen se touye li t apral touye tèt li, epi mesye a te di Gabino: “Lè w frape pòt la katriyèm fwa a, kòd la te deja nan kou m. Men m te retire l pou m vin ouvri pòt la. Mèsi dèske w te ensiste. Si w pa t fè sa, mwen t ap deja pann tèt mwen.”

Byenke eksperyans konsa ka sanble yon senp kowensidans, nou konnen anpil ladan yo pa sa. Okontrè, yo bay prèv se zanj Bondye yo k ap dirije travay predikasyon an sou tout tè a. — Revelasyon 14:6.

“Bondye ap beni moun ki gen plis onè a.” Michael Burnett, youn nan enstriktè Galaad yo, te pran egzanp Jabèz, yon desandan Jida ki te “merite plis onè pase frè l yo”, pou l bay diskou sa a. Jabèz te priye Bondye, li di l: “Se pou w beni m, se pou w fè m jwenn plis tèritwa, se pou w toujou avè m, se pou w anpeche malè tonbe sou mwen pou bagay mal pa rive m.” — 1 Kwonik 4:9, 10.

Etidyan yo kapab imite bèl egzanp Jabèz la lè yo fè priyè ki presi, sitou lè y ap mande Bondye pou l ede yo atenn objektif fòmasyon yo te pran nan Lekòl Galaad la. Yo kapab mande Bondye pou l pwoteje yo pou malè pa rive yo, se pa mande y ap mande pou Bondye pa kite okenn malè rive yo, men y ap mande l pou l ede yo pa kite enkyetid ak move efè mechanste genyen pote yo ale. Bondye te reponn priyè Jabèz la e l ap fè menm bagay la pou elèv Galaad yo.

“Pa kite dife ki nan ou a etenn.” Mark Noumair, yon enstriktè Galaad k ap bay èd nan Komite pou ansèyman an, te baze diskou l la sou 1 Tesalonisyen 5:16-19. Menm jan yon dife bezwen bwa, oksijèn, ak chalè pou l kontinye ret limen, etidyan yo kapab itilize twa bagay pou yo kenbe zèl yo nan sèvis y ap bay Bondye a.

Premyèman, “se pou nou toujou ap rejwi”. (1 Tesalonisyen 5:16.) Etidyan yo kapab kenbe jwa yo lè yo medite sou benediksyon yo genyen dèske Jewova fè yo favè, sa ki tankou bwa k ap chofe yo nan sèvis la. Dezyèmman, “priye toutan”. (1 Tesalonisyen 5:17.) Lapriyè tankou oksijèn ki fè dife a pran. Nou bezwen fè priyè ki pi long, epi vide kè nou bay Bondye. Twazyèmman, “di mèsi pou tout bagay”. (1 Tesalonisyen 5:18). Lè nou gen yon kè ki rekonesan, sa ap fè n gen pi bon relasyon ak Jewova ansanm ak frè ak sè n yo. Men sa frè Noumair te di: “Olye n ret ap kritike moun, ann kontinye montre n apresye sa moun fè.”

“Annou mete ansanm ak syèl la pou n bay Jewova glwa.” Sam Roberson, yon enstriktè nan youn nan lekòl Temwen Jewova yo òganize yo, te baze pawòl entwodiksyon l yo sou kèk ekspresyon nan Bib la ki montre solèy la, lalin nan ak zetwal yo ap bay Jewova glwa (Sòm 19:1; 89:37; 148:3). Li te fè konnen elèv yo te gen privilèj pou yo bay Jewova glwa tou, epi l te mande yo fè kèk demonstrasyon pou yo montre kèk eksperyans yo te fè nan travay predikasyon an pandan yo nan lekòl la. Pa egzanp, gen yon elèv ki te remèsye yon mesye ki te nan yon chèz woulant paske mesye a te montre l rekonesan apre elèv la te fin kanpe machin li pou mesye a te ka travèse lari a. Yo te gen yon bèl konvèsasyon, epi mesye a te aksepte fè yon etid Labib gratis. Pandan elèv Galaad la t ap kondui etid la nan semèn ki te vin apre yo, li te gen posiblite bay plizyè moun ki te vin vizite mesye a temwayaj. Finalman, grasa premye konvèsasyon elèv la te gen ak mesye a, li te vin kòmanse sèt etid Labib.

“Vin pi djanm grasa edikasyon Bondye bay la.” Donald Gordon, youn nan frè k ap bay èd nan Komite edisyon an, te entèvyouwe de koup marye nan klas la. Youn nan frè l te entèvyouwe yo te sonje jan yo te met aksan sou Efezyen 3:16-20 nan klas la. Sa te ede elèv yo “fòtifye” tèt yo lè yo montre yo gen imilite, yo abòdab e lè yo rekonèt Jewova toujou gen anpil travay pou chak Temwen l yo. Gen youn nan sè yo ki te fè konnen jan l renmen fason youn nan enstriktè yo te ankouraje elèv yo pou yo pa vin tankou yon gwo pwason ki nan yon ti bòl dlo ki pa gen ase espas pou l devlope, men pou yo tankou yon ti pwason ki nan yon gwo lanmè. Men sè a te di: “Men leson m te aprann nan: Si m mete m toupiti nan òganizasyon Jewova a, l ap ede m grandi pou m vin gen pi bon relasyon avè l.”

“Se pou Jewova sonje w pou l aji byen avè w.” Mark Sanderson, yon manm Kolèj santral la ki te bay diskou prensipal pwogram gradyasyon an, te pran tèm diskou l la nan priyè Neyemi te fè a: “O Bondye m nan, sonje m pou w aji byen avè m.” (Neyemi 5:19; 13:31). Neyemi pa t pè pou Jewova ta rive bliye ni li menm ni travay li te fè pou li. Okontrè, li t ap mande l pou l sonje l avèk afeksyon e pou l beni l.

Menm jan an tou, elèv yo kapab gen konfyans Jewova ap sonje aji byen avèk yo si yo viv ann amoni ak leson yo te aprann nan lekòl Galaad la. Pa egzanp, yo dwe adore Jewova paske se lanmou yo pou li ki rezon prensipal ki fè y ap fè sa (Mak 12:30). Abraram te renmen Jewova ak tout kè l, e Bondye te sonje l avèk anpil afeksyon. Menm 1000 an apre Abraram te mouri, Bondye te pale de li antanke “zanmi” l. — Ezayi 41:8.

Annapre, frè Sanderson te raple elèv yo enpòtans pou yo renmen pwochen yo, sitou frè ak sè yo nan kongregasyon an (Mak 12:31). Menm jan bon samariten an te “montre li se pwochen mesye ki te tonbe anba men vòlè yo”, yo menm tou yo dwe pran inisyativ pou y al ede moun ki bezwen èd yo (Lik 10:36). Pou l te ede yo pi byen konprann pwen an, li te pran egzanp Nicholas Kovalak, yon elèv ki te gradye nan lekòl Galaad ki te siveyan distri. Moun te konnen frè Kovalak kòm yon moun ki gen anpil chalè ak lanmou. Yon fwa, pou l te ankouraje yon siveyan sikonskripsyon ak madanm li pou yo vin pi aktif nan travay predikasyon an, men ki lè l te ankouraje yo preche: “Bonè nan maten, bonè nan semèn nan, bonè nan mwa a, e bonè nan ane a.” Apre l fin byen gade fason sè a ap travay pandan kèk jou, li te di sè a: “Bliye sa m te di w la. Ou deja ap travay twò di. Ale pi dousman, yon fason pou w ka fè plis tan.” Grasa bon konsèy li te bay sè a, konsèy ki montre jan l gen konpasyon pou moun, sa te ede sè a kontinye nan sèvis aplentan pandan plizyè dizèn ane.

Pou fini, frè Sanderson te ankouraje elèv yo travay pou yo atenn objektif fòmasyon yo resevwa a lè yo anseye lòt moun epi yo ba yo fòmasyon (2 Timote 2:2). Pandan yo nan asiyasyon yo, yo kapab fòtifye frè yo epi fè yo vin djanm, toutpandan yo gen asirans Jewova ap sonje pou l aji byen avèk yo. — Sòm 20:1-5.

Konklizyon. Apre elèv yo fin resevwa diplòm yo, youn nan elèv yo te li yon lèt remèsiman nan non klas la. Gen 15 elèv nan klas la ki te itilize vwa yo sèlman pou yo chante kantik 123, ki gen tit Bèje yo se kado Bondye bay, pou mete fen nan pwogram nan.”