Al gade sa k anndan l

Yon koudèy nan istwa nou

Yon koudèy nan istwa nou

Nan mwa oktòb 2012, nan syèj mondyal Temwen Jewova yo ki nan Bwouklin, Nouyòk, yo te inogire yon ekspozisyon ki rezime istwa Temwen Jewova yo, kote moun yo ka vizite san èd yon gid *. Ekspozisyon sa a met aksan sou difikilte, danje ak viktwa kèk moun ki t ap chèche viv antanke kretyen te konnen.

Vizitè yo ka fè yon vwayaj nan tan pase soti nan epòk kretyen yo, nan ane 33 epòk nou an, pou rive jis jounen jodi a. Ekspozisyon an gen kat seksyon ladan l e gen yon liy ki gen dat sou li ki konekte seksyon yo youn ak lòt. Chak seksyon gen yon tèm ki soti nan Bib la yo entwodui ak yon ti videyo moun ka koute ann anglè e ki gen soutit nan 6 lòt lang, tankou fransè, italyen, japonè, koreyen, pòtigè ak espayòl.

Seksyon prensipal yo

Tèm premye seksyon an, “Lèzòm pi renmen fènwa”, soti nan pawòl Jezi te di nan Jan 3:19. Labib te anonse t ap gen moun ki mechan ki ‘t ap leve nan mitan nou, e yo t ap pale bagay kwochi’. (Travay 20:30.) Liy ki gen dat sou li a gen enfòmasyon ki raple nou yon seri aksyon moun sa yo te fè ki fè moun reflechi.

Tèm dezyèm seksyon an, “Se pou limyè a klere”, se yon ekspresyon ki soti nan 2 Korentyen 4:6. Liy ki gen dat sou li a montre peryòd ki soti nan fen ane 1800 yo pou rive nan kòmansman ane 1900 yo. Seksyon sa a kòmanse ak istwa yon seri moun ki sensè ki te kòmanse etidye Bib la san lespri fanatik, e li esplike jan moun sa yo te vin gen plis konesans e yo te vin ogmante anvan Premye Gè mondyal la.

Pwochen pati ki nan dezyèm seksyon an montre kèk pati nan ”Fotodram kreyasyon an”, yon fim anpil moun konnen. An 1914, Etidyan Labib yo (jan yo te rele Temwen Jewova yo lè sa a) te kòmanse montre moun bèl fim sa a ki gen ladan l yon seri imaj k ap bouje e ki gen son ladan yo. Pandan plizyè ane apre fim sa a te fin soti, plizyè milyon moun te deplase al gade l. Nan ekspozisyon sa a, yo montre kèk nan foto orijinal yo, yon ti videyo ki montre yon pati nan entwodiksyon fim nan, ak plis pase 500 imaj an koulè k ap defile.

Tèm twazyèm seksyon an, “Dragon an vin fache anpil”, soti nan Revelasyon 12:17. Seksyon sa a raple nou jan disip Kris yo te soufri anba pèsekisyon nan kòmansman 20yèm syèk la, e li met aksan sou istwa touchan kèk kretyen ki te refize patisipe nan lagè. Gen yon ti videyo sou istwa Remingio Cuminetti, yon Temwen ki te refize mete inifòm lame peyi Itali a e ki pa t vle batay nan Premye Gè mondyal la. Gen yon lòt ti videyo ki rakonte istwa Alois Moser ki moun peyi Otrich. Li te refize di “Heil Hitler!”, se pou sa yo te revoke l nan travay li e alafen yo te lage l nan kan konsantrasyon Dachau.

Nan ekspozisyon an, yo te fè yon chanm ki sonm, ki prèske fènwa ki sanble ak chanm prizon, kote yo mete foto Temwen Jewova ki te nan prizon akoz lafwa yo nan peyi tankou Japon, Lagrès, Polòy ak Sèbi.

Tèm dènye seksyon an, “Yon bon nouvèl pou tout nasyon yo”, baze sou Matye 24:14. Seksyon sa a rezime aktivite Temwen Jewova yo soti nan ane 1950 pou rive nan epòk nou an. Yo fè yon montaj ak yon seri foto ki montre jan kantite Temwen Jewova yo vin ogmante, jan yo preche san rete, ak lanmou yo gen youn pou lòt, yon seri kalite ki pèmèt moun idantifye yo.

Anvan yon vizitè kite ekspozisyon an, li kapab itilize youn nan kyòs elektwonik yo pou l vizite Mezon Labib la ak Tabènak Bwouklin nan ki se de bilding Temwen Jewova yo te itilize pandan plis pase 100 an.

Poukisa yo fè ekspozisyon sa a?

Sa te pran ennan pou yo planifye ekspozisyon sa a, e sa te pran plizyè mwa travay pou yo reyalize l. Toupatou nan monn nan, Temwen yo te bay yon seri bagay ki gen anpil valè nan eritaj yo pou yo mete nan ekspozisyon sa a.

Poukisa yo te fè tout travay sa a? Lè yo te mande yon manm Kolèj santral Temwen Jewova yo ki sa Temwen Jewova yo ap jwenn lè yo vin nan ekspozisyon an, li te di yon pawòl anpil moun byen konnen: “Si nou pa konn kote n soti, nou pap konn kote n prale.”

^ § 2 Se yon ekspozisyon ki fèt nan lokal ki nan Bwouklin, Nouyòk, 25 Columbia Heights, e li kòmanse soti lendi pou rive vandredi, depi 8 è nan maten pou 5 è nan aprèmidi. Antre a gratis.