Al gade sa k anndan l

Yon bibliyotèk pòtatif

Yon bibliyotèk pòtatif

Jou ki te 7 oktòb 2013 la, Temwen Jewova yo te soti yon aplikasyon mobil ki rele JW Library ki pèmèt moun li epi etidye Labib. Aplikasyon biblik gratis sa a gen sis tradiksyon Labib ann anglè san wete tradiksyon Labib Wa Jak la ansanm ak edisyon revize Tradiksyon monn nouvo 2013 la *.

Poukisa yo fè l?

Gen plizyè milyon moun ki sèvi ak smatfòn, tablèt oswa lòt aparèy menm jan an pou yo travay e pou yo kominike. Piske moun k ap sèvi ak aparèy mobil yo te deja kapab li epi etidye Bib la sou sit jw.org la, poukisa yo te fè JW Library a?

Premyèman, yonfwa n fin enstale aplikasyon an, nou pa bezwen koneksyon Entènèt, donk, nou ka itilize l san Entènèt. Dezyèmman, yo fè l espesyalman pou ede lektè yo chèche vèsè yo pi fasil e pi byen etidye Bib la. Kòman sa?

JW Library ede n etidye Labib

Lè n fèk ouvri JW Library a, n ap jwenn yon lis non liv ki nan Bib la. Lè n chwazi yon liv, lòt ekran an ap montre n yon lis chapit nan liv nou chwazi a. Sa fè l posib pou n chèche yon vèsè byen presi oswa yon pasaj nan yon vèsè nan kèk segonn sèlman. Aplikasyon an bay anpil lòt posiblite pou n etidye Bib la:

  • Nòt yo montre lòt fason yo ka tradui kèk mo, kèk ekspresyon e yo bay detay sou kontèks la.

  • Gen referans ki mennen nan lòt vèsè menm jan an.

  • Gen yon motè rechèch ki ka pèmèt nou jwenn referans yo ak mo oswa ekspresyon nou bezwen.

  • Gen yon lis sou sijè ki nan Bib la nan kòmansman chak liv nan Bib la.

  • Gen yon tablo ki bay non moun ki ekri chak liv nan Bib la e ki di ki kote ak ki lè liv sa a te ekri ak kantite tan liv la ap pale.

  • Gen yon seksyon ki chaje ak kat, tablo, tan kwonolojik ak chema an koulè.

Menm jan ak tout piblikasyon Temwen Jewova yo, ou ka gen aplikasyon JW Library a san w pa peye senkòb. Gen plizyè milyon moun ki gentan telechaje aplikasyon biblik gratis sa a. Se grasa ofrann volontè ki fè sa posib (2 Korentyen 9:7). Poukisa w pa eseye sèvi ak bibliyotèk pòtatif espesyal sa a epi chèche wè ki jan l itil ou?

^ § 2 Yo te fè mizajou nan aplikasyon an nan mwa janvye 2014. Kounye a, li gen bwochi egzamine Ekriti yo chak jou a ak liv kantik Temwen Jewova yo.