Al gade sa k anndan l

Yo ede lektè nou yo imajine sèn nan

Yo ede lektè nou yo imajine sèn nan

Anpil piblikasyon Temwen Jewova yo gen bèl foto ki mache ak tèks la, men sa pa t toujou konsa. Premye nimewo Toudegad Siyon an, ki te parèt an 1879, pa t gen imaj. Pandan plizyè dizèn ane, piblikasyon nou yo te toujou chaje ak tèks, ak sèlman yon imaj oswa yon foto an nwa e blan.

Anpil nan piblikasyon nou yo chaje ak imaj kounye a. Se atis ak fotograf pa nou ki fè pifò nan imaj sa yo e anpil nan egzanp ak foto ou wè nan piblikasyon ki enprime yo e sou sit Entènèt sa a. Li enpòtan pou yo pran tan pou yo fè bonjan rechèch lè y ap kreye imaj ki anseye verite enpòtan ki baze sou listwa.

Pa egzanp, gade imaj ki parèt nan atik sa a ki te deja parèt nan chapit 19 liv ‘Bay yon temwayaj konplè sou Wayòm Bondye a’. Kad la se vil Korent nan tan lontan an. Jan chapit 18 liv Travay la montre sa, apot Pòl kanpe devan tribinal la. Moun k ap fè rechèch yo te bay atis yo enfòmasyon ki montre sa yo te jwenn nan fouy yo te fè yo ki gen rapò ak ki pozisyon e ki koulè konstriksyon ki fèt an mab kote Pòl te parèt devan Galyon an te ye. Mete sou sa, moun k ap fè rechèch yo bay enfòmasyon sou fason women yo te konn abiye nan premye syèk la yon fason pou yo ka montre Galyon ki kanpe nan mitan imaj la ak yon rad wa konn mete sou li. Li gen tinik sou li ak yon tòj ki gen yon gwo foula wouj vif sou li e te met yon kalite soulye yo te rele kalsey. Moun k ap fè rechèch yo te remake lè Galyon te kanpe nan tribinal la, petèt li te bay fas li nan direksyon nòdès. Konsa, atis la te vin gen yon lide sou fason ekleraj sèn nan dwe ye.

Yon sistèm achiv ki efikas

Nou fè yon rejis pou foto yo pou n òganize rechèch nou fè e pou nou ka itilize yo pi devan si posib. Sa fè plizyè ane depi n ap konsève imaj ak foto nan gwo anvlòp ann amoni ak piblikasyon yo te parèt ladan yo. Yo konsève foto yo selon sijè a. Tank fichye sa yo t ap vin anpil, li te vin pi difisil pou n jwenn yo e pou n itilize yo ankò.

An 1991, nou te fin prepare yon baz done ki reponn ak bezwen pa nou. Kounye a, baz done sa a ki rele Sèvis Imaj gen plis pase 440 000 imaj ladan l. Anplis imaj ki parèt nan piblikasyon nou yo, gen plizyè milye foto nou met nan achiv nou pou n itilize alavni.

Nou konsève yon pakèt enfòmasyon tankou ki lè e ki kote nou te itilize foto yo, non chak modèl ki parèt nan imaj yo e nan ki epòk yo te pran sèn nan. Li vrèman enpòtan pou l fasil pou moun jwenn imaj yo bezwen yo byen rapid, sitou lè y ap prepare nouvo piblikasyon.

Pafwa, nou chèche lisans nan men ajans komèsyal k ap pèmèt nou itilize yon seri foto byen espesyal. Pa egzanp, petèt nou bezwen yon foto ki montre planèt Satin ak bag ki toutotou l la pou yon atik Réveillez-vous! Ekip nou an kapab jwenn yon foto k ap itil nou epi li pran kontak ak pwopriyetè foto a pou n ka sèvi ak foto a. Gen kèk moun ki ban nou pèmisyon pou n itilize imaj yo san pwoblèm paske yo rekonèt travay mondyal ansèyman biblik nou an. Gen lòt moun ki mande pou nou bay yon ti kòb oubyen pou n enprime enfòmasyon ki fè konnen sous imaj la. Kou nou fin antann nou ak pwopriyetè imaj la, nou itilize imaj la nan piblikasyon nou yo e nou konsève l nan baz done nou.

Jodi a, gen kèk nan piblikasyon nou yo se prèske imaj sèlman ki ladan yo. Pa egzanp, sou sit Entènèt sa a, nou met kèk istwa biblik sou fòm imaj, epitou nou gen bèl bwochi tankou bwochi Koute Bondye a ki anseye anpil bèl leson ak kèk mo sèlman. Piblikasyon sa yo ak lòt piblikasyon nou enprime yo ak sa ki sou Entènèt yo, yo tout montre valè Labib genyen.