Al gade sa k anndan l

Yo pran yon seri foto ki fè tèks la vin pi bèl

Yo pran yon seri foto ki fè tèks la vin pi bèl

Ki jan fotograf nou yo rive pran yon seri foto ki met plis vi nan piblikasyon nou yo e ki byen mache ak tèks yo? Pou n rive byen konprann fason yo fè sa, ann wè ki jan yo te planifye tout ti detay pou yo rive pran foto ki sou paj kouvèti Reveye n! septanm 2015 lan *.

  • Dizay. Apre moun ki nan Depatman atistik nan Sant ansèyman Temwen Jewova yo ki nan Patèsonn, nan Nouyòk, te fin li atik ki gen tit “L’argent et vous” a, yo te fè yon seri desen pou yo reprezante sijè a. Epi, yo prezante desen yo devan Komite redaksyon Kolèj santral la ki chwazi ki kalite sèn yo t ap renmen yo fotografye.

    Kèk nan foto Komite redaksyon an te egzamine pou paj kouvèti a.

  • Kote. Olye yo t al pran foto yo nan yon bank toutbon, ekip k ap fè foto yo te itilize youn nan sal resepsyon ki nan Sant ansèyman Temwen Jewova yo kòm bank *.

  • Moun ki nan foto yo. Yo chwazi yon seri moun, yo tout se Temwen Jewova, pou jwe wòl kliyan ki nan yon bank nan yon gwo vil. Yo klase enfòmasyon ki gen rapò ak moun sa yo pou yo pa itilize menm moun yo twò souvan nan piblikasyon nou yo.

  • Ekipman. Depatman atistik la chèche jwenn lajan lòt peyi yon fason pou bank lan pa sanble yon bank ki Ozetazini. Ekip k ap fè foto yo itilize yon seri ekipman pou yo fè sèn nan parèt pi reyèl posib. Men sa Craig, yon fotograf, di: “Nou pa pran okenn chans.”

  • Abiman ak makiyaj. Pou yo fè foto bank lan, moun yo te itilize rad pa yo. Sepandan, lè y ap repwodui sèn nan tan lontan, sa mande pou yo itilize yon seri rad espesyal. Depatman atistik la ka fè rechèch sou modèl rad sa yo epi l fè yo. Moun ki konn makiye moun yo makiye moun y ap itilize yo yon fason ki apwopriye pou epòk la, kontèks la, oubyen sèn yo vle fotografye a. Men sa Craig fè konnen: “Piske jodi a se foto gwo rezolisyon ki pale, nou oblije gen plis presizyon toujou. Menm yon senp ti erè ka gate foto a.”

  • Seyans foto yo. Fotograf yo asire yo ekleraj fon bank lan bay enpresyon li gwo jounen. Pou chak seyans foto, fotograf yo dwe gade si ekleraj la egzak (si l bay limyè solèy, limyè lalin, oswa yon limyè atifisyèl), si nivo ekleraj la mache ak ekleraj ki nan anviwònman y ap fotografye a, e si li mache ak anbyans ki nan sèn nan. Men sa Craig di: “Kontrèman ak yon videyo, nou dwe kreye anbyans n ap chèche a nan sèlman yon foto, se sa k fè ekleraj la enpòtan anpil.”

  • Editing. Annapre, moun ki konn travay foto yo fè desen ki sou lajan yo parèt flou pou moun yo ka konsantre yo sou moun ki nan sèn nan olye y ap chèche wè nan ki peyi lajan an soti. Pòt la ak ankadreman fenèt yo te wouj, men, moun k ap travay foto yo te chanje koulè a, yo fè l vin vèt, pou yo te ka amonize koulè sèn nan.

Apa de foto yo fè nan Patèsonn yo, yo konn mande biwo filyal toupatou nan monn nan tankou filyal Ostrali, Brezil, Kanada, Almay, Japon, Kore, Malawi, Meksik ak Afrik disid, ki deja gen ekip fotograf yo pou yo fè foto pou piblikasyon nou yo. Depatman atistik ki nan Patèsonn nan ajoute anviwon 2 500 foto nan baz done l chak mwa. Yo pibliye anpil nan foto sa yo nan Toudegad ak Reveye n!, e pandan ane 2015 lan, yo te enprime plis pase 115 milyon nan jounal sa yo. Pou w ka aprann plis bagay toujou, nou envite w vin vizite enstalasyon nou yo nan Patèsonn, Nouyòk, oubyen nenpòt nan biwo filyal nou yo nan monn nan.

Y ap ofri peryodik la nan predikasyon.

^ § 2 Yo pran plis foto pou paj kouvèti yon piblikasyon pase kantite foto y ap itilize toutbon. Sepandan, yo stoke anpil nan foto sa yo pou yo ka itilize yo nan lòt pwojè.

^ § 4 Lè yo pral nan lari pou yo pran foto nan yon vil, byen souvan, Depatman atistik la dwe chèche pèmi nan men otorite yo, ki di konbyen moun k ap patisipe nan pwojè a, konbyen ekipman y ap itilize, e ki kalite ekleraj y ap itilize pou foto y ap fè a.